Tikoze Limyè

Tikoze Limyè Motivation, energie, ancouragement, positivité...

8 ans8 lane8 ane.Pitan m!Gason m!Zanman m!Pakou a pa t fasil..Anpil bese leve.:Anpil goumen..Anpil pasyon..Anpil motivas...
14/05/2025

8 ans
8 lane
8 ane.
Pitan m!
Gason m!
Zanman m!
Pakou a pa t fasil..
Anpil bese leve.:
Anpil goumen..
Anpil pasyon..
Anpil motivasyon..
Anpil aksyon..
Plis pase tout lòt bagay...
Anpil Lanmou..
Anpil Lanmou..
Anpil Lanmou..
.

Dènye jou sa yo trenbale lapenn ak tout kalite eksperyans, chak mwa se yon listwa diferan pandan lane yo ap kontinye kit...
14/05/2024

Dènye jou sa yo trenbale lapenn ak tout kalite eksperyans, chak mwa se yon listwa diferan pandan lane yo ap kontinye kite souvni imòtèl nan memwa chak kretyen vivan sou latè.

Lane 2024 sa a pa byen kòmanse pou majorite Ayisyen parèy mwen, n ap fè fas ak kèk bagay ki sanble tèt koupe ak sa n konn viv nan sinema oswa kochma, sa lakòz anpil nan nou demotive e pafwa pou n rasire antouraj nou, nou kache dèyè yon mas sanblan men ofon nou mal e menm trè mal. Se poutèt sa estaf Ti Koze Limyè a te fè yon ti poze sou piblikasyon li yo. Manm li yo pa t vle vann yon imaj nou pa ye ni fòse moun kwè nan yon demen ki poko prèt pou wè klè, men sa pa anpeche manm TKL yo toujou panse ak ou ki fidèl zanmi nou, sipòtè nou asosye nou, sousi lavi a p ap fè n bliye fason w te konn kore pwojè nou yo. Jiskoulye a TKL pa fè plan pyès pwojè l san ou, se vre nou pa bay dat men kizin nou chaje kichòy pou ou, estaf la jis ap tann estabilite epi moman ki pwopis pou l sèvi w nan bon mannyè ak tout konvivyalite.
Annatandan retwouvay nou tout ap espere a rive, nou pa ka kite jounen sa a pase inapèsi kouwè tout jou san menm siyale w jodi a se 7èm anivèse TKL.
M vle w raple w san ou 7èm bouji sa a pa t ap ka limen, e w se youn nan prensispal rezon ki fè egzistans nou ap tchenbe toujou.
Nou wete chapo devan w pou: pasyans ou, lanmou w, fidelite w, sakrifis ou, koneksyon w, lwayote w ki lakòz nou fòme yon kominote jodi a.
Bon lajounen ak yon lespri k ap fete menmsi moral ou pa ta kòdyòm!

Chak ou santi antèn nanm ou pa fikse, tcheke yon tèks TKL pou w fè terapi.

Bon lajounen fèt Ti Koze Limyè🍾🥂
Bon lajounen fèt ou🍾🥂

Toujou raple tèt ou lè tout bagay disparèt se lanmou ase k ap rete.

Kontinye rete nan lanmou🙏🏾

Cheri pa nan boukante langJou yo ta mande w si patnè w lase moun afè bon Annik di yo Nou se moun ki simen aktiviteSe lap...
30/05/2023

Cheri pa nan boukante lang
Jou yo ta mande w si patnè w la
se moun afè bon
Annik di yo
Nou se moun ki simen aktivite
Se lapli lavi n ap tann
pou lespwa n donnen

Gason pa goumen pou bote
Si yo mande w m si m lèd
Annik di yo lè w t ap fè apèl
nan kaye prezans lanmou an
Se kè w ki te prezan
Tou 2 zye w yo t ap pyafe

Lèzòm se fouyapòt
Yo p ap jennen mande w
Nan ki branch fanmi m soti
Èske m kichòy nan sosyete a
Di yo m pa janm sispann
adisyone sajès ak diyite
pou respè m pa bwè dlo dan l

Gen moun k ap tenas
pou yo konn degre m renmen w
Lè konsa ou mèt reponn ak fyète
San dout
Di yo ou te mande bonDye
pou l ba w ti gout
epi se yon sous li ba w

John Bob Widly JOSEPH
Ekriven/Powèt

Mèsi ak lavi an ki ba nou chans pou n ret soude  e kontinye pote limyè malgre pwa jou yo. Bon Rekòt Lavi Ekip🍾🥂🍰
14/05/2023

Mèsi ak lavi an ki ba nou chans pou n ret soude e kontinye pote limyè malgre pwa jou yo. Bon Rekòt Lavi Ekip🍾🥂🍰



Jou yo tèlman ap defile ak yon vitès ki bay vètij dèfwa sa rann nou pase a kote anpil bèl moman nan panse n ap gen tan e...
14/05/2023

Jou yo tèlman ap defile ak yon vitès ki bay vètij dèfwa sa rann nou pase a kote anpil bèl moman nan panse n ap gen tan e konsa tou nou konn bliye chofe kèk bèl gòl nou make nan jwèt la.
Nou konn menm bliye si lavi se rezilta chak ti pa nou fè akoz pwa move jou yo, men sa t ap yon gwo mal si n pa ta make jou sa ki se sizyèm (6èm) anivèsè Ti Koze Limyè.

Pi gwo jès nou ka fè nan gwo jou sila se voye yon remèsiman espesyal pou sila yo ki te mete men nan pat lan pou n te ka avanse swa nan pataje tèks nou yo, ba nou yon konsèy, kritikike n, ankouraje nou kenbe oswa achte youn nan zèv nou yo, nou vle ou konnen se ou ki fòs nou e se ou ki bouste n pou n kenbe pou tout ane sa yo malgre monte desann lavi a.

Jodi an se fèt ou nan menm tit ak estaf lan, mèsi paske w la, mèsi paske w egziste, mèsi pou fidelite w e konnen san ou pa gen nou.

Kontinye rete nan lanmou🙏🏾

Mèsi pou lanmou nou🥰❤🥰
14/07/2022

Mèsi pou lanmou nou🥰❤🥰

Tikoze Limyè 🥰❤😍
14/07/2022

Tikoze Limyè 🥰❤😍

Kolektif Tikoze Limyè a ap chache yon fòmil pou  aranje mo ki ap defile nan tèt yo pou  dekri jounen lendi 11 jiyè 2022 ...
14/07/2022

Kolektif Tikoze Limyè a ap chache yon fòmil pou aranje mo ki ap defile nan tèt yo pou dekri jounen lendi 11 jiyè 2022 men mo yo twòp pou nou aliyen yo.

Avan tout bagay n ap remèsye plis pase yon santèn moun ki te soti nan plizyè depatman pou vin pran enèji pa yo, fotograf, jounalis, direktè lekòl, nou p ap bliye moun ki nan diaspora ki te chwazi ede a distans, SOJIDA ki te ba nou lokal li e tout moun nan antouraj nou ki te mete men pou rann jounen an reyisi.

Jounen an te rich ak emosyon, anpil bèl rankont, anpi bèl souvni k ap rete grave nan kè chak manm Tikoze Limyè. Nou te pran risk la e rezilta piblik lan depase atant nou, n ap kontinye fè jefò pou nou pote pi bon ak pi bèl travay pou nou.

Mèsi, Mèsi, Mèsi.

Ann kontinye rete lanmou🙏🏾

11/07/2022
Nou stat🥰
11/07/2022

Nou stat🥰

Bonjou.Kijan nou ye?Mwen pase raple nou se demen vant siyati an nan ansyen lokal Vlamingos lan (SOJIDA) n ap kòmanse dep...
10/07/2022

Bonjou.

Kijan nou ye?

Mwen pase raple nou se demen vant siyati an nan ansyen lokal Vlamingos lan (SOJIDA) n ap kòmanse depi nan 9 è nan maten.

Mèsi deja paske w ap la🙏🏾

Adresse

Liancourt
HT-4323

Heures d'ouverture

Lundi 00:00 - 23:59
Mardi 00:00 - 23:59
Mercredi 00:00 - 23:59
Jeudi 00:00 - 23:59
Vendredi 00:00 - 23:59
Samedi 00:00 - 23:59
Dimanche 00:00 - 23:59

Téléphone

+50940424445

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tikoze Limyè publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager