25/11/2021
🛑Sekretè jeneral palè Nasyonal ka Lyonel Valbrun mande DG PNH la pou ede ranfòse san pèdi tan sekirite Palè a ak anviwon li.
-Sekretè jeneral palè Nasyonal la Lyonel Valbrun voye ekri yon lèt ki al jwenn DG polis la Frantz Elbé yon lòt ki al jwenn Kòdonatè sekirite jeneral palè nasyonal la Komisè Vladimir Paraison.
Sekretè jeneral palè a fè DG polis konnen ke gen rimè ki fè konnen ke kòdonatè Sekirite jeneral palè a ta jwen lòd direkteman de Direksyon jeneral Polis Nasyonal la pou sa ki a revwa a bay moun aksè a antre nan palè a, nan sans sa mesye Lyonel Valbrun raple DG Elbé ke li se sèl moun an tan ke sekretè jeneral palè a ki ka pase lòd sa ak kòdonatè Sekirite palè a ( Vladimir Paraison) pi lwen sekretè jeneral palè a mande pou DG polis la san pèdi tan pote yon apwi patikilye pou sekirize palè a ak anviwon li pou anpeche nenpòt moun ki endezirab pa foule lakou palè a.
Nan menm sans sa Lyonel Valbrun ekri Komisè Vladimir Paraison pou dil ke li aprann gen lòd ki ta vin jwenn li pou mandel bay aksè a moun ki pa gen otorizasyon ni ki pa gen randevou nan palè a, sekretè a raple komisè a ke sil t’a obeyi ak lòd sa se ap yon fot grav ki ap sou responsablite pèsonèl li e ki pap san konsekans pou li, li raple Komisè Paraison tou ke se an detachman li ye nan palè a nan sans sa siperyè yerachik li se sekretè jeneral palè Nasyonal la dapre sa la lwa di.