Collège Mixte Jean Paul Sartre de Saut-d'Eau

Collège Mixte Jean Paul Sartre de Saut-d'Eau

Partager

L'éducation est une assurance pour la vie et un pasport pour l'éternité . Ouvrir une école c'est fermé une prison. Directeur: AVRIL Féquet

24/06/2025

Collège Mixte Jean Paul Sartre de Saut-d’Eau se yon enstitisyon edikatif prive, men ki toujou mete tèt li pou l sèvis kominote a, san okenn eksklizyon. Nan yon peyi kote ensekirite ak kraze sistèm piblik yo mete tout popilasyon an alète, nou kwè lekòl rete youn nan dènye ranpa ki ka soutni espwa ak rekonstriksyon sosyal. Se poutèt sa, direksyon lekòl la pran angajman pou li fòme jenerasyon ki gen kapasite panse, aji ak mete tèt ansanm pou chanje reyalite peyi a.

Li evidan pou tout moun konsyan sitiyasyon difisil Mibalè ak S**o ap travèse jodi a. Anpil sektè paralize, epi popilasyon an ap viv chak jou anba menas gang, vyolans, ak degradasyon lavi. Men, li enpòtan pou rann moun yo kont ke yon lekòl pa limite nan kat mi fizik li yo. Administrasyon yon lekòl genyen plizyè dimansyon: pedagojik, administratif, etik, ak sosyal. Gen kontra ki mare ant direksyon lekòl la ak pèsonèl ansèyman an, gen planifikasyon akademik, preparasyon dokiman, kontwòl kalite, elatriye. Se poutèt sa, menm lè lokal fizik yo pa aksesib, ansyen fonksyon yo pa sispann egziste, e travay la kontinye sou lòt fòm.

Nou konstate depi kèk tan ap sikile sou rezo sosyal yo yon vokal ki se rezilta yon konvèsasyon prive, pibliye san konsantman pèsonaj ki ladann( ki enterè ki gen nan sa, fè view ak kreye sansasyon). Zak sa a pa sèlman yon atitid ki pa etik, li se yon vyolasyon grav sou dwa endividyèl epi li kapab tonbe anba sanksyon penal. Kòd penal ayisyen entèdi nenpòt piblisite oswa difizyon vwa, imaj, oswa korespondans prive san otorizasyon ( si w te nan lekòl nou an ou pap fè gaf sa 😂) . Zak sa a kapab konsidere kòm vagabondaj dijital, difamasyon, epi vyolasyon vi prive ( si se pa bòz wap chache mwen wè li gen anyen pou wè jounalis si se pa pleyan ki denonse).

Anplis, nou tande deklarasyon kèk moun ki, pandan y ap kritike lòt enstitisyon, pa janm mete tèt yo an kesyon. Nou mande si pèsonalite sa yo pa kontinye resevwa salè chak mwa kote yo travay, menm si aktivite fizik yo sispann. Lè sa rive sou lòt enstitisyon, yo denonse; men lè se pou yo, yo jere sa kòm privilèj. Ipokrizi sa yo pa kontribye nan solisyon. Se nan respè, dyalòg ak bon sans n ap rebati peyi a, pa nan dega onètete.

Moun kap fè pwomosyon, difamasyon ak atake byen prive , nou swete renonse ak chèk lap resevwa chak mwa yo , pandan li gen nenpòt 3 mwa li pa al travay, yon pakèt moralis san fondman e san lojik.

An konsekans, direksyon Collège Mixte Jean Paul Sartre ap mande tout aktè yo, kit se nan domèn medya, edikasyon, oswa sosyete sivil, pou yo fè prèv matirite, etik ak solidarite, paske se sèl fason n ap ka chape anba kriz n ap viv la.

Mèsi anpil -Com&Promo Poutèt piblisite sa , nou pap some pou difamasyon ak vyolasyon pwopriyete ak vi prive , kolèg la ap peye yon 6 mwa kou pou ou lè elèv finn peye fich pou ka aprann etik ak pwofesyonalis ke metye sa mande .
Direksyon Collège Mixte Jean Paul Sartre de Saut de D' Eau TJ- Com & Promo

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Democratic Republic of the ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Site Web

Adresse


Democratic Republic Of The