17/02/2021
Nap prezantew premye nimewo gaspiyaj resous peyi a.
* #1 Jacques Roumain* yon nèg ki mouri jèn ki pat janm okipe yon gwo pòs politik nan peyi a.
Jacques Roumain se yon jounalis, etnològ, ekriven, politisyen ki mouri a 37 an nan lane 1944.
2 nan zèv li pwodui yo nan lang franse ki fè siksèl :
Gouverneurs de la rosée (roman, 1944)
Bois d'ébène (poème, 1945)
Jacques Roumain se fondatè Pati Kominis Ayisyen. Li pa viv lontan se vre, men li te gen gwo enfliyans sou kilti peyi a.
Tancrède Auguste, ki te prezidan Ayiti ki te mouri sou pouvwa nan lane 1913 se te gran papa Roumain.
Apre li fin fè etid klasik li nan lekòl St Louis de Gonzague, Roumain pati al fe plizye etid nan peyi Belgique, Suisse, France ak Allemagne ki vin fè de li yon jounalis, etnològ, li vwayaje nan peyi Angleterre ak Espagne tou kote li tal fè etid Agwonomi.
Nan lane 1927, li retounen nan peyi a kote li mete sou pye yon revi ak plizyè konfrè li ki te rele La R***e Indigène ak Émile Roumer, Philippe Thoby-Marcelin, Carl Brouard ak Antonio Vieux, yo te pibliye ansanm pwezi ak nouvèl.
Etnològ la te goumen anpil nan batay kont okipasyon blan meriken (1915-1934). Nan epòk sa li fonde mouvman kominis ak ouvrye. Pozisyon politik li lakoz li te resevwa anpil pesekisyon politik, li resevwa arestasyon ak egzil vire tounen nan men ansyen prezidan Sténio Vincent. Nan lane 1934, Roumain vin fonde Lig Jenès Patriyòt Ayisyèn .
Pandan li an egzil, li fè kontak ak anpil ekriven nan epok li a. An 1939 misye al Paris kote li al fè etid ak rechèch apwofondi. Chak rechèch syantifik li fin fè sou peyi a, li pibliye yo nan yon revi ki pote non "Regard,Commune et les Volontaires". Apre li fin ekri 2 liv syantifik ki te fè anpil reyaksyon ki se : "l'homme de couleur" ak "les griefs de l'homme Noir" , li ale nan inivèsite Columbia nan New York.
Gouvènman peyi a vin chanje, yo dakò poul retounen nan peyil. Lèl retounen nan peyi a, li fonde Biwo Etnoloji. Li te dispanse kou Akeyoloji prekolonbyèn ak Antwopoloji Pre-Istorik.
Se an 1941, prezidan Élie Lescot bal yon pòs diplomat nan peyi Mexique. Li pwofite pandan tan sa fini 2 liv ki pral fè pale de li anpil apre li mouri ki se Bois D'Ébène ak Gouverneurs de la Rosée.
Yo fè konnen Roumain te konn bwè ak fimen anpil,li te komanse malad, il retounen nan peyil an 1943, e se nan peyil li vin mouri 18 dawout 1944 a 37 an. Yon evantyèl siwoz nan fwa ak malarya ta lakòz lejand sa mouri.
Eske Roumain pat dwe okipe yon gwo pòs politik ak desizif nan peyi a ? Eske li pa ta dwe omwen minis kilti ?
Non sa pat rive fèt ! Men nou ka toujou al konnen volonte ak anbisyon Jacques Roumain pou peyi a nan liv Gouverneurs de la Rosée ki tradui nan plis pase 30 lang. Nou ka rive konprann tout sa Roumain te vle. Konsa nap ka repare yon gaspiyaj resous moun.
Mèsi paske ou te pran tanw pou li. # 2 a se ap Jean Price Mars
Tradiksyon apati rechèch Wikipédia : Came Stefada Poulard.
Like paj la epi envite zanmiw like li epi pataje piblikasyon an.
Kredi foto : Wikipédia