Revèy Espirityèl

Revèy Espirityèl kreyòl se lang nou
kreyòl se rasin nou

15/08/2024

Men nan ki nivo manipilasyon an rive.
Li envante yon istwa rapid sou fòm temwanyaj. Zonbi yo kwè sa. Epi Bondye ki se pi gwo malfektè nan istwa touye tout moun paske nèg la te vle konstwi Kay pou pitit li pito.

Men Bondye damou yap preche Nou an... Yon Bondye kap kase kou moun pou lajan yo. Yon Bondye kap mete dife sou moun pou pwòp richès yo epi Nou menm ki zonbi pa wè se nan kak* y ap pase Nou ak relijyon krisyanis yo a.

12/08/2024

Menm sou chimen paradi yo a, yo moutre w nou tout pa egal.
Esklav nan Jaden, esklav anndan Kay...
Esklav Kay la ka toujou fè sipèsta sou sa ki nan Jaden an, men pou Kolon an, yo te 2 se esklav san distenksyon.

Se sèl revolisyon ki ka rann yo lib.

11/08/2024

Reveye w
Ou menm ki nan inyorans.

11/08/2024

Ou di m Jezi te egziste.
Li fèt, li mouri, li resisite, li moute nan syèl.
Mwen mande w dat li te fèt, dat li te mouri, dat li te resisite ak dat li te moute nan syèl la pou m ka kwè sa w di m nan, ou bèbè.

11/08/2024

Fè pastè w la oubyen pwofèt k ap fè mirak ou a leve defi sa :

"Mennen l nan yon lopital pou l al Geri yon moun ki malad."
Gade si w pap demaske yo ak fo mirak yo a.

11/08/2024

"Ou paka kretyen pou w pa konn dat nesans okenn moun ki nan bib la."

Si w konn dat nesans yon moun nan bib la, mete l nan kòmantè a avèk prèv kote pou n verifye sa.

11/08/2024

Pou valè legliz ki gen Ayiti, pou valè kretyen tou...
Poukisa tout Mal peyi a se sou do Vodou li tonbe ?
Èske sa ta vle di, Vodou pi pwisan ke tout relijyon yo reyini k ap konbat li a?

11/08/2024

"Labib - Relijyon : Pa fye lòm.

Vodou: Men anpil chay pa Lou."
Rezilta Ayisyen: Kanal la pap kanpe.

03/08/2024

Finalman
Kote MECHANS-T ?
Nou kase fèy kouvri sa ?

03/08/2024

Wè pa wè
Vle pa vle
Fache pa fache
Jezi p ap janm vini, paske li pat janm egziste.

03/08/2024

Pa gen okenn
Jezi k ap vini vre.

Fè mesaj la pase.

Endereço

Cafelândia, PR

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Revèy Espirityèl posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com A Escola/colégio

Envie uma mensagem para Revèy Espirityèl:

Atalhos

Compartilhar