Centre d'Innovation & de Développement - CID

Centre d'Innovation & de Développement - CID

Share

Rejoignez-nous et bâtissons ensemble un monde plus innovant et durable!

Nous formons des jeunes professionnels et entrepreneurs, offrons des ressources essentielles et encourageons des projets technologiques et communautaires pour un avenir meilleur.

12/06/2026

Talents d’Haïti

22/05/2026

Yon lòt sosyete posib
Ann Kontinye trase chimen pou yo

22/05/2026

Nou pap sispann travay

18/05/2026

18 me ta dwe yon jou selebrasyon
yon jou fyète pou tout pèp ayisyen an
Men lè n’ap gade konjonkti peyi a
Lè n’ap gade jan bagay yo ap mache
Li difisil pou anpil moun santi lajwa sa a vre
Twòp doulè, twòp ensekirite
Twòp rèv ki bloke sou wout la
Nou wè yon peyi k’ap lite chak jou pou li respire
E pafwa nou mande tèt nou
Kilè bagay yo ap chanje?
Men malgre tout sa
Sa pa dwe yon rezon pou jenès la pèdi lespwa
Sa pa dwe yon rezon pou nou sispann reve
Fòk nou batay
Fòk nou lite
Fòk nou kontinye prepare tèt nou
paske avni an pap konstwi san nou
Nan Talents d’Haïti, nou refize abandone
Nou refize kwè ke Ayiti kondane pou l rete konsa pou toutan
Nou kontinye kwè nan kapasite jenès la
Nan entèlijans li, nan kreyativite li
Nan fòs li genyen pou transfòme peyi a
Bagay yo pap chanje pou kont yo
Peyi a bezwen enplikasyon nou tout
Li bezwen vwa nou, travay nou, lidèchip nou, ak kouraj nou
Batay la pap kanpe
Paske viktwa a dwe pou jenès la
Viktwa a dwe pou sila yo k’ap vini dèyè yo
Viktwa a dwe pou yon lòt Ayiti
Nou pap sispann travay
Nou pap kanpe
Nou pap sispann reve

Hasta la victoria siempre

17/05/2026

Lè w tande timoun yo, lè w konprann yo
Ou ba yo fòs pou yo kwè nan tèt yo
Lè w ba yo chans pou mete talan yo an valè
Ou limen yon espwa ki kapab chanje lavi yo ak avni peyi a
Lè w mete yo an konfyans
Yo kòmanse reve pi gwo
Yo kòmanse kwè yo kapab
Yo kòmanse prepare pou transfòme Ayiti
Nan TALENTS D’HAÏTI, nou kwè chak timoun gen yon don
Chak timoun gen yon vwa
Chak timoun gen yon plas.
Nou bezwen tout talan
Paske se ansanm n’ap konstwi Ayiti nou vle a
Vwa tout timoun konte
Chak talan merite briye

16/05/2026

Nan TALENTS D’HAÏTI, nou pa sèlman fè syans…
Nou kwè nan tout fòm talan.
Mizik, inovasyon, lidèchip, teknoloji, dans, literati, antreprenarya…
chak jèn gen yon limyè ladan l ki merite briye.
Paske Ayiti nou reve a pa ka konstwi ak yon sèl kalite kapasite.
Li bezwen entèlijans, kreyativite, kilti ak patisipasyon tout moun.
Nou vle yon Ayiti kote chak jèn jwenn espas pou devlope sa li genyen ladan l,
yon Ayiti kote talan pa neglije,
yon Ayiti kote rèv yo jwenn chans tounen reyalite.
TALENTS D’HAÏTI se plis pase yon pwojè…
Se yon mouvman pou reveye fòs k ap dòmi lakay jèn yo.

15/05/2026

N’ap travay san kanpe
Talents d’Haïti

13/05/2026

La réussite d’un enfant commence souvent par un adulte qui croit en lui.

Talents d'Haïti

12/05/2026

Timoun yo kontan nan Talents d’Haïti

03/04/2025

Bienvenue sur la page officielle du Centre d'Innovation et de Développement (CID)
Nous sommes ravis de vous accueillir dans notre communauté dédiée à l'innovation, l'entrepreneuriat et le développement durable.
Le CID accompagne les jeunes professionnels et entrepreneurs en leur offrant formations, ressources technologiques et espaces collaboratifs pour créer des solutions innovantes aux défis locaux. Ensemble, nous bâtissons un avenir plus durable et prospère.

Rejoignez-nous!
• Aimez notre page pour rester informé
• Participez aux discussions et partagez vos idées
• Invitez vos amis à découvrir le CID

L’innovation commence ici… avec vous!

Want your school to be the top-listed School/college?

Telephone

Website