10/18/2026
PART 2 — 11 ENTÈVYOU, 11 ECHÈK.
Nan premye pati istwa mwen an, mwen te rakonte nou kijan mwen te pase NCLEX depi Desanm 2017, men, mwen pa t ka jwenn travay paske anglè m pa t bon. 😭
Mwen te fè 11 ENTÈVYOU, yo pa t pran m nan youn.
Pou moun ki poko li PART 1 an, tanpri al li l anvan nou kontinye, paske nou bezwen konprann tout sa m te pase.
Nan 12yèm entèvyou a, se pa sèlman travay la mwen te jwenn non… MWEN TE NEGOSYE SALÈ M TOU. 💃🏽🔥
LI TOUT ISTWA A, PASKE SE LA A KOZE A VIN PI ENTERESAN 😂
Ann retounen nan mwa Avril 2018…
Apre 11yèm entèvyou mwen an, mwen te nan tren, m ap soti New York pou m retounen New Jersey. Mwen chita, mwen reflechi, mwen di tèt mwen: BERNIDE, FWA SA A SE DÈNYE FWA, OU BEZWEN TRAVAY! 😤
Mwen pa t janm travay Ozetazini, ni an Ayiti. Sèl eksperyans mwen te genyen se clinical mwen te fè pandan lekòl nursing.
Premye bagay mwen fè, mwen revize CV mwen, mwen mete eksperyans clinical mwen ladan l, pandan mwen te byen presize se fòmasyon pratik mwen te fè.
Dezyèm bagay la, apre 11 entèvyou, mwen te deja konnen kesyon yo tap plede pozem yo. Mwen al sou Google, mwen chèche repons kout, senp, dirèk. Mwen ekri yo sou papye, mwen kole yo sou frijidè mwen. Chak jou, mwen etidye yo.
Men pi gwo bagay la… MWEN TE KONN ABIYE, METE TALON M, EPI FÈ ENTÈVYOU AK TÈT MWEN LAKAY MWEN! 😂😂
Depi “Good morning” rive nan “Do you have any questions for us?”, mwen te prepare TOUT BAGAY.
12yèm entèvyou a rive…
MWEN JWENN TRAVAY LA! E SE PA SA SÈLMAN, MWEN NEGOSYE SALÈ M TOU! 😂💃🏽🔥
An 2018, mwen t ap chèche yon moun pou ban m yon chans kòm RN. An 2026, mwen se yon Nurse Educator, Etidyan DNP, epi mwen ede plizyè milye Enfimyè avanse nan rèv yo. ❤️
PA JANM WONT DIFIKILTE W AP TRAVÈSE JODI A. SE YO MENM KI KA VIN PI GWO TEMWAYAJ OU DEMEN! 🥹🔥
11 ECHÈK PA T FÈM ABANDONE. PA KITE OKENN ECHÈK FÈW ABANDONE! ❤️