Summits Education

Summits Education

Share

We believe that access to quality education is a human right. At Summits, we build education systems

05/29/2026

Haiti grows more than 150 varieties of mangoes, but the beloved Mango Francique is the true star 🥭 Sweet, juicy, and full of flavor, it’s Haiti’s national fruit tree and one of the country’s biggest agricultural exports ☀️

More than just a fruit, mangoes are part of Haiti’s culture, family traditions, and favorite recipes 🧡 One of our favorites is homemade mango sorbet 🍨

Find the recipe at the link in our bio 🇭🇹

Ayiti pwodui plis pase 150 varyete mango, men Mango Frans*k la se vrè zetwal la 🥭. Dous, plen ji, epi chaje ak bon gou, li se fwi nasyonal Ayiti epi youn nan pi gwo pwodui agrikòl peyi a ekspòte. ☀️

Mango pa sèlman yon fwi, li fè pati kilti Ayiti, tradisyon fanmi yo, ak resèt nou pi renmen yo. 🧡 Youn nan resèt nou pi renmen se “sòbè mango” ki fèt lakay. 🍨

Jwenn resèt la nan lyen ki nan biyografi nou an 🇭🇹

04/30/2026

At Summits Education, our vision reaches far beyond the classroom. We build strong foundations from Pre-K through 9th grade—and continue the journey through our scholarship program, ensuring Haiti’s brightest young minds have the support to help shape the country’s future.

Meet Stéphanie Sophie Louis (Cohort 2020). Born in Port-au-Prince and educated in local schools across Haiti’s Central Plateau, Stéphanie is a testament to the power of our mission to provide comprehensive support to the youth of Haiti. Her path has taken her from student in rural Haiti to national leader as President of the Youth Government of Haiti. She has met prime ministers and represented the promise of Haitian diplomacy on the global stage at the International UN Simulation in Dubai.

Stéphanie’s story shows what is possible when we invest in rural education and follow through with mentorship, opportunity, and scholarships. We don’t just educate students— we help develop the future leaders of a nation.

Support the journey. Support the future.


Nan Summits Education, vizyon nou ale pi lwen pase sal klas la. Nou bati fondasyon solid depi Preskolè rive nan 9yèm ane, epi nou kontinye vwayaj la atravè pwogram bous etid nou an, pou asire jèn lespri ki pi briyan Ayiti yo jwenn sipò yo bezwen pou ede fòme avni peyi a.

Rankontre Stéphanie Sophie Louis (Kowòt 2020). Li fèt Pòtoprens e li te edike nan lekòl lokal atravè Plato Santral Ayiti. Stéphanie se yon temwayaj vivan sou fòs misyon nou an genyen pou bay jèn Ayiti yo yon sipò konplè. Pakou li pran l, soti ak li nan kategori elèv zòn riral Ayiti pou mennen li kòm lidè nasyonal, nan pozisyon Prezidan Gouvènman Jenès Ayiti. Kòm jèn lidè, li deja rankontre premye minis Ayiti epi reprezante espwa diplomasi ayisyen an sou sèn entènasyonal la nan Similasyon Nasyonzini nan peyi Doubay.

Istwa Stéphanie montre sa ki posib lè nou envesti nan edikasyon nan milye riral, kontinye ak menntora, epi bay opòtinite bous etid. Nou pa sèlman edike elèv yo, men nou ede devlope fiti lidè yon nasyon.

Sipòte vwayaj la. Sipòte lavni an.

04/22/2026

Introducing the PLAY YOUR WAY video campaign! Show us how you like to play and you could be featured in our Summits Highlights Reel ⚽️🥎🥏🏓🪁⛳️🏸
See link in bio

Entwodui kanpay videyo "PLAY YOUR WAY" la montre nou kijan ou renmen jwe, epi ou ka parèt nan rezime videyo Summits nou yo ⚽️🥎🥏🏓🪁⛳️🏸
Gade lyen ki nan biyografi a

04/07/2026

In honor of World Health Day, we’re celebrating our incredible team of nurses — a vital part of the Summits community 💛

Traveling between schools, they provide regular wellness checks, healthcare, and critical interventions for students who need it most.

Because at Summits, we know that learning doesn’t happen without good health. Supporting the whole child means ensuring every student is healthy, cared for, and ready to thrive.


Nan okazyon Jounen Mondyal Lasante a, n ap selebre ekip enfimyè ekstraòdinè nou yo — yon pati esansyèl nan gran kominote Summits la 💛

Pandan y ap mache ant diferan lekòl yo, yo fè konsiltasyon regilye sou byennèt, swen sante, epi fè entèvansyon enpòtan pou elèv ki plis nan bezwen yo.

Paske nan Summits, nou konnen aprantisaj pa ka fèt san bon sante. Sipòte tout timoun yo vle di asire chak elèv an sante, byen pran swen, epi pare pou reyisi.

03/30/2026

Summits Education grew out of and a powerful friendship between Dr. Paul Farmer and Father Fritz Lafontant — rooted in the belief that children learn best when they are healthy, supported, and cared for.

Today, that legacy lives on. Through our close partnership with Zamni Lasante (PIH in Haiti), students and families across Summits communities receive health and wellness visits and referrals that help remove barriers to learning.

Because when education and health go hand in hand, brighter futures become possible.


Summits Education soti nan zantray (Zanmi Lasante) gras ak yon gwo zanmitay ant Doktè Paul Farmer ak Pè Fritz Lafontant ki te bati sou kwayans ke “timoun aprann pi byen lè yo an sante, lè yo jwenn sipò ak bon jan swen”.

Jodi a, eritaj sa a kontinye viv. Gras ak patenarya sere nou ak Zamni Lasante (PIH an Ayiti), elèv ak fanmi atravè kominote Summits yo resevwa vizit sante ak byennèt, ansanm ak gidans ki ede nan retire baryè pou aprantisaj.

Lè edikasyon ak sante mache men nan men, lavni miyò vin plis posib toujou.

03/22/2026

Today is World Water Day and, at Summits, the numbers show a hard reality— only 31% of our schools have access to clean water and 71% of students screened suffer from health issues—the majority being water-borne skin diseases. Water isn’t just a health concern, it’s an education barrier.

We are changing the math with . By installing high-capacity filtration systems, we are eliminating the source of these diseases and keeping students where they belong— in the classroom, healthy and ready to learn. This is more than a partnership; it’s a lifeline. 🇭🇹✨


Jodi a se Jounen Mondyal Dlo, nan Summits, chif yo montre yon reyalite difisil kote se sèlman 31% nan lekòl nou yo ki gen aksè ak dlo pwòp, epi 71% nan elèv ki te teste yo ap soufri ak pwoblèm sante, majorite ladan yo se maladi po ki soti nan dlo sal. Dlo pa sèlman yon preyokipasyon pou sante, li ka yon obstak pou edikasyon tou.
Nou ap chanje sitiyasyon an ansanm ak . Lè nou enstale sistèm filtraj ki gen gwo kapasite yo, nou ap elimine sous maladi sa yo epi kenbe elèv yo kote yo dwe ye, nan klas la, an sante e pare pou aprann. Sa a plis pase yon patenarya; se yon mezi baryè pou sove lavi. 🇭🇹✨

03/16/2026

Since 2017, Summits Education and the have partnered to ensure a high-quality learning environment for more than 450 students in the community of Baille Tourible in Haiti’s Central Plateau. Grounded in a shared belief that education is the most powerful path out of poverty, our collaboration is helping shape brighter futures. Together, we have supported a thriving school community where quality teaching and joyful learning are creating opportunity for our students.

This year marks an exciting new chapter as we launch a comprehensive 3rd cycle curriculum to be piloted in Baille Tourible — expanding pathways for students to continue learning, growing, and leading.

Depi ane 2017, Summits Education ap travay ansanm pou asire yon anviwònman aprantisaj ki gen bon jan kalite pou plis pase 450 elèv nan kominote Baille Tourible, Plato Santral Ayiti. Kolaborasyon nou an anrasinen nan yon kwayans pataje: edikasyon se chemen ki pi puisan pou soti nan povrete, l ap ede nou bati yon avni ki pi briyan. Ansanm nou sipòte yon kominote lekòl ki ap byen devlope, kote ansèyman ak aprantisaj ki gen bon jan kalite pote kè kontan epi kreye opòtinite pou elèv nou yo.

Ane sa a make kòmansman yon nouvo chapit ki vrèman enteresan, pandan n ap lanse yon kourikoulòm konplè pou 3yèm s*k la ki pral pilote nan Baille Tourible — sa ap louvri plis chemen pou elèv yo kontinye aprann, grandi, epi devlope kòm lidè.

03/08/2026

Today is International Women’s Day and Summits is proud to celebrate the incredible women who help make our schools thrive— from the teachers in the classroom, to the nurses who keep us healthy, the cooks who keep us nourished, and our academic and leadership teams who navigate our path forward. We are proud to have so many role models who support advancement, equity and a bright future for Haiti’s girls and women.


Jodi a se Jounen Entènasyonal Fanm! Summits fyè pou selebre fanm ekstraòdinè ki ede lekòl nou yo devlope, soti nan pwofesè ki nan salklas yo, rive nan enfimyè ki ede nou rete an sante, kuizinyè ki nouri nou chak jou, ansanm ak ekip akademik & lidèchip nou yo k ap gide chemen nou pou pi devan. Nou fyè dèske nou gen anpil modèl ki soutni pwogrè, ekite, ak yon avni briyan pou tifi ak fanm ann Ayiti yo.

02/27/2026

Summits has been supporting community schools in the Central Plateau since the 1980’s! Today, we continue to honor the legacy of Father Fritz Lafontant, who believed that all children deserve an education as a basic human right.

Summits ap sipòte lekòl kominotè ki te fonde nan ane 1980 yo! Jodi a, nou kontinye onore eritaj Pè Fritz Lafontant, ki te kwè ke tout timoun merite resevwa edikasyon kòm yon dwa fondamantal pou tout moun.

02/22/2026

Teaching children in their mother tongue provides the strongest foundation to learn, grow, and thrive. In Haiti, learning in Haitian Kreyòl helps boost understanding, confidence, and classroom participation while learning in the language they know best.

Summits is proud to partner with the extraordinary to create engaging and fun curricula like Eksploratoryòm for science and Krik Krak! for social studies to support students’ learning and pride in their country and culture.



Anseye timoun yo nan lang manman yo bay pi bon baz pou yo aprann, grandi, epi reyisi. Ann Ayiti, aprantisaj an kreyòl ayisyen ede ogmante konpreyansyon, konfyans nan tèt yo, ak patisipasyon nan salklas la, paske se lang yo konnen pi byen.

Summits fyè pou l kolabore ak patnè ekstraòdinè nou , nan kreyasyon pwogram ansèyman ki enteresan ak amizan, tankou Eksploratoryòm pou syans eksperimantal ak Krik Krak Ayiti pou syans sosyal, nan lide pou ranfòse aprantisaj elèv yo epi fyète yo nan peyi ak kilti yo.

02/21/2026

Today we honor the memory of our dear friend and supporter, Dr. Paul Farmer, who inspired so much of the current work done by Summits. We carry Paul’s spirit with us as we continue to strengthen our students, teachers, and communities through the power of education.

Jodi a, nou onore memwa bon zanmi ak sipòtè chè nou an, Dr. Paul Farmer, ki te enspire anpil nan travay Summits ap fè jodi a. Nou pote lespri Paul avèk nou pandan n ap kontinye ranfòse kapasite elèv nou yo, pwofesè yo, ak kominote yo atravè pouvwa edikasyon.

Want your school to be the top-listed School/college in Boston?

Click here to claim your Sponsored Listing.

Location

Address


800 Boylston Street Suite 300
Boston, MA
02199