02/08/2026
Chwazi nimewo menm siw te fatige ou pap di non pou li a 😝 mwen kenbe 6-8-11toujou 🏃♂️ 🙈
Pa fè kòmantè yo long non 👌
NLOVE with Coach Nalida Francois
Empowering women to know their worth, elevate their mindset, and build healthier relationships.
Motivation • Wellness • Faith • Love • Growth
Follow us for daily inspiration, coaching tips, and powerful life lessons.
02/08/2026
Chwazi nimewo menm siw te fatige ou pap di non pou li a 😝 mwen kenbe 6-8-11toujou 🏃♂️ 🙈
Pa fè kòmantè yo long non 👌
02/08/2026
Aprann sa jodia siw pè pran moun ki pa posede anyen lanmou ka pa okouran de relasyon w la ☝️
Nou pat gen lajan nou te ansanm paske nou te gen lanmou 👩❤️👨
Jodiya nou gen lajan 💵nou gen lanmou ❤️
Se pa lajan ki fè nou, men se lanmou ki fè nou fò ansanm☝️
Konsèy: Ou menm kap kouri dèyè lajan epi ki bliye renmen, map konseyew renmen pou lanmou men pa pou lajan,paske ak lanmou wap ka kreye milya e wap sonje lè te gen lanmou pat gen lajan an konsa wap ka viv byen avèl.
NB: Pafwa nou menm fanm nou gen bon nèg ki renmen nou men paske yo pa genyen mwayen ekonomik nou kouri epi aprè se yo ki pral fè nou regrèt tèlman yap byen pase. Aprann kòmanse a zewo ak gason, paske manje tou pare yo deja gen mèt.
Aprann konstwi ak moun ki renmen w ☝️
Coach Nalida Francois ✍️
02/07/2026
Koneksyon nan NLOVE ❤️❤️❤️
02/07/2026
📝 aprann sa nan la vie fòk ou pa pè pèdu pou genyen.
02/07/2026
Men kòman Mr. Jerry ap reveye m pou 14 Fevrier 😆 ❤️
Selibatè vin kriye anba post la silvouplè 🤔
02/04/2026
Se bèl bagay lèl manyen w ou santi ou bliye tèsa
Wi li fèw bliye problèm mond sa
Tout kòw fè dlo lèl manyenw
Tout nanm ou ale lèl manyenw
Wi moman sa yo pap janm bliye yo
Sonje pou toujou respekte moun ki nan viw la
Moun ki pataje moman entim avèw se yon moun ki merite anpil valè
Anpil moun se moman an ki konte depi yo fin voye tout bagay fini pou yo
Fè lanmou dous men se lè pa gen estrès
Lè pa gen sim te konnen
Livre kèw ak moun ki pa gen enterè pèsonèl nan ou
Renmen ak moun ki gen enterè lanmou nan ou
Lanmou bèl men se lèw jwenn moun paw la
Coach Nalida Francois✍️
02/03/2026
Lanmou bèl 🤩 rete ak yon moun ki renmenw, ki baw valè, ki pwoteje w, ki pran swen w, ki respekte w e ki konnen w pa pafè 😍 yon moun ki vle viv ak enpèfeksyon w yo e ki aksepte w pou sa w ye. 💯♥️♥️
Antrenè Nalida Francois ✍️
02/01/2026
Al follow page NLOVE Purposeful Women aswè a live vin aprann
NLOVESHOW 🎙️ 🎤
Aswè a se gran randevou a 🔴 live a 7è sou facebook
vin patisipe live ak nou sou pou yon bèl emisyon + yon kado gratis 🎁
🗣️ kisa ou dwe fè pou genyen?
– envite zanmi w yo
– pataje live la
– like epi fè kòmantè
– chak fwa yon zanmi w antre nan live la, li dwe ekri non pa w nan kòmantè yo
plis non yo parèt, plis chans ou genyen pou genyen 👀
🔥 sijè aswè a:
premye enpresyon konte.
lè w fèk rankontre yon moun, kijan ou dwe rapwochel ?
kisa pouw di, kijan pouw konpòtew, epi kisa pouw evite kit ou se gason kit ou se fanm.
Map tann ou. pa vini pou kont ou, vini ak moun paw yo.
📍 live aswè a, 7è
📍 facebook live sou
| Monday | 8am - 6pm |
| Tuesday | 8am - 6pm |
| Wednesday | 8am - 6pm |
| Thursday | 8am - 6pm |
| Friday | 8am - 1pm |