Whollysavvy

Call Website

Whollysavvy Whollysavvy™️ se yon platfòm ki la pou ouvri je w sou finans pou ede w evite erè ki ka koute w chè demen.
(2)

Misyon nou se edike w, enfòme w epi ba w zouti pou pran pi bon desizyon finansye.

10/11/2026
10/10/2026

Si finans ou se yon bagay ki enterese w, ou dwe konprann taks tou! Sa w touche, sa w peye ak sa ki rete nan pòch ou gen rapò ak taks. Vin aprann ak Whollysavvy lendi sa a!

10/10/2026

📣 Pa bliye! Whollysavvy gen klas sou taks lendi 12 oktòb la! Vin aprann pou w pi byen konprann taks ou. Gade flyer la pou tout detay yo. Pa rate l! 💡

10/10/2026

Stephanie Jean Pierre Desilien Magda Louis-Juste Literally Everyone

10/10/2026

Pa kite moun fè w kwè depi w gen pitit, w ap jwenn yon gwo tax refund! 👀 San yo pa analize enfòmasyon taks ou, pèsonn pa ka garanti konbyen refund w ap jwenn.

10/09/2026

Zanmi, èske w konnen kisa W-4 la ye? Se fòm ou ranpli nan travay la ki ede patwon w detèmine konbyen taks federal pou l retire sou chak chèk ou. Si yo retire twò piti, ou ka gen lajan pou w peye lè w fè taks ou. Pa ranpli l nenpòt jan!

10/08/2026

Kontribisyon nan 401(k)/403(b) anvan taks, Traditional IRA ak HSA ka diminye revni taksab ou pou taks federal, selon kondisyon ak limit yo. Ou ka prepare avni w pandan w ap diminye taks ou!

10/06/2026

Si ou gen 2 travay, W-4 ou pa ranpli menm jan ak yon moun ki gen yon sèl travay. Pran toude travay yo an konsiderasyon pou yo retire kantite taks ki apwopriye sou chèk ou, epi diminye chans pou w oblije voye lajan tounen lè w fè taks!

Address

Atlanta, GA

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Whollysavvy posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share

Category