01/11/2021
HALLOWEEN , FÈT DÈ MÒ, VODOU, SÒSELRI, MALFÈKTÈ , LATOUSEN: YON TI KOUT JE Ak YON TI REFLEKSYON JIRIDIK . 💀👻⚰️☠️🪦
➖➖➖➖➖➖➖➖➖➖➖➖
Nou ka remake anpil Ayisyen kap viv Etazini ak Kanada kit yo pwotestan ou pa depi dat 31 oktòb rive yo abiye pitit yo ak rad kap selebre lanmò pou fete yon fèt ki gen yon bel non ki se Halloween. Pou anpil nan yo fèt mò an Ayiti se bagay djab men Halloween se bel bagay , bagay pwòp e tout timoun degize , anpil kay dekore ..Sa yo fèm ri😁. M pa gen pwoblèm ak sa men se lè yap kritike gede bò isit epi yap fete Halloween nan ki fèm reflechi.
🔴Kisa ki Halloween nan menm?
Halloween se yon fèt ki la lontan ki gen orijin li nan Anglo-Celtes sa gen plis pase 2000 ane . Selon tradisyon sa lannuit 31 oktòb la se pou mò yo ki degize yo an mons pou vin vizite vivan yo .Mo halloween nan soti nan ansyen anglè « all hallow even » ki vle di « la veille de tous les saints ». Fèt Halloween nan lye a mond mò yo poutan se pa yon fèt ki tris .
Pou ameriken ak kanadyen e kèk lòt peyi ankò se yon fèt ki preske gen menm enpòtans ak fèt nwèl , tout moun patisipe ni granmoun ni timoun fè degizman terifyan , kay yo dekore ak imaj ki gen rapò ak mò. Sa ki pi enteresan nan fèt sa se sa yo rele « la chasse des bonbons » kote timoun yo pase nan tout kay sou katye yo pou yo reklame friyandiz , yo rele sa nan lang anglè « Trick or treat » sa vle di siw pa ba yo bonbon sò ka tonbe sou ou.
🔴Ki fèt premye ak 2 novanm ye?💀💀💀
Premye novanm se fèt katolik yo selebre ki rele « La Toussaint» se nan fèt sa legliz katolik onore tout sen . Pwotestan yo pa fete fèt sa paske yo pa pratike kil dè sen .Men anpil pwotestan Ayisyen ki canada ak USA yo fete ti Halloween yo🤣.
2 Novanm se fèt dè mò . Fèt mò yo se yon rityèl ki pratike nan anpil kilti ak relijyon pou komemore defen yon. Plizyè peyi gen mo pa yo pou fete mò yo . An Chin yo rele li fèt mò yo « Guing Ming » ki fete nan komansman Avril , yon konn fete tou fet zonbi yo ke yo rele Zhongyuanjie. Kore se « Chuseok » anpil kote an ewòp se la Toussaint ke yo fete premye novanm e jou sa ki ferye , etazini se Halloween , Ayiti li menm se gede.
🔴 Guédé:☠️☠️☠️⚰️🪦
Nan premye mit yo an Ayiti gede se te dye lanmou chanèl , pita nan vodou yo asimile li a bawon samdi , lwa lanmò. Gen kèk lòt enkanasyon de bawon samdi , tankou bawon lakwa, bawon simetyè, bawon kriminèl elatriye..
Grann Brigitte li menm se madanm bawon samdi li fè pati de gran figi gede yo , li la pou pwoteje tonb yo ak simetyè yo. An jeneral gede yo konn moke yo de konvansyon sosyal yo , yo di betiz anpil e yo seksyèlman pwovokatè.
Kit se « guédé » kit se Halloween tout se fèt mò.
🔴Ann fe Yon ti gade kesyon vodou, Sòselri ak relijyon nan peyi Dayiti :💀🎃👻
Ansyen Prezidan Aristide te pran Yon dekrè jou ki te 4 avril 2003 , nan konsideran dekrè sa ansyen Prezidan an te konsidere vodou kòm " élément constitutif de l’identité nationale". Tout pandan 19 e syek la jiska lane 1960 legliz katolik pat vle tande pale de bagay vodou sa. Nan lane 1939 sou prezidan Stenio Vincent te gen Yon gwo kanpay kont bagay Maji sòselri bòkò ak vodou e kanpay sa te rele " campagne des rejetés" e kanpay sa te fini sou rèy Élie Lescot nan lane 1941 a 1946. Mouvman rejete a te gen 2 gwo moman , premye moman an te komanse 1939 à 1940 se te Yon mouvman peyizan pou te lage koukourouj dèye vodou, houngan, sòsye . Dezyèm moman an se 1940 à 1942 kote se " clergé concordataire " yo ki te rekipere mouvman e pouvwa piblik la te soutni yo pou yo te ka konbat sa yo rele " l anglicanisme" , legliz pwotestan ak vodou.Dr Lewis Ampidu Clorméus te detaye kesyon sa byen nan tèz doktora Li. Vodouyizan an Ayiti konsidere selman dezyèm aspè à men yo toujou inyore ke se te peyizan ki te rejete vodou anvan a koz de sòselri .Depi aprè konstitisyon 1987 la vodouyizan yo lib pou yo egzèse fwa yo . Jiskaprezan malgre tout avanse ki genyen nan domèn sa fwontyè antr vodou -relijyon- sòselri toujou difisil pou Sène.
Lalwa défini Yon moun ki touye Yon lòt volontèman se yon " meurtre" . Lè ou prepare Zak la , lè ou tann pyèj ou fè Jan yo di an fransè "préméditation" se pa "meurtre" ankò se asasina.
Nan peyi Dayiti Atik 405 kòd pénal la te kondane tout moun kap fè wanga, tout aktivite vodou , tout maKandal soti 3 mwa rive 6 mwa prizon ak yon amand soti 60 rive 150 goud. Konstitisyon 1987 la vin aboli tout lwa tout dekrè ki te soti pou limite libète endividyel et tout dwa fondamental yo.
Tout sa ki gen pou wè ak Zak sòselri sa yo gen moun ki di se vodou pandan ke aktivite vodou vin légal an Ayiti. Sa vle di lwa peyi Dayiti pa kondane sòselri, malfèktè, depi Zak yo komèt la pa twouve lapè piblik, depi se ak espri yo sèvi.
Nan peyi nou nenpot houngan , bòko te met touye ak kout wanga mezi moun yo vle, pa gen kondanasyon pou yo. Menm lè palemantè yo ta vle fe lwa pou kondane Yon houngan oubyen Yon malfektè lap difisil .
🔴Men kisa ki fè Yon lwa pou kondane yon malfektè ki touye Yon moun ap difisil?
Dwa penal jeneral detèmine prensip yo konsènan enfraksyon. Pou gen enfraksyon gen sa yo rele eleman légal ki vle di fok gen teks de lwa pou Pini enfraksyon an , gen eleman materyèl ki vle di dwa pénal pa kondane ou reprime Yon enfraksyon jis paske gen entansyon kriminèl , fok lè enfraksyon an komet Li abouti ak Yon rezilta fok Genyen tou eleman moral ki vle di fok moun ki komèt Zak la pandan lap fel Li te gen intention.
Lè malfèktè touye Yon moun ak kout wanga ,kijan lalwa pwal kapab detèmine materyalite ak la. Le nou konsidere " meurtre " kòm Yon enfraksyon komisyon , e omisid la dwe Yon ak pozitif yo pap gen anyen ki ka pwouve sa paske lè Yon malfektè touye moun ak wanga pa gen materyalite ak la.
sòselri , wanga , Maji se zak metafizik , zak imateryèl . Kijan nap pwal ka pwouve ke kout Maji , wanga rive touye Yon moun? Mwen m panse déjà nenpòt teks ki pwal fèt sou kesyon sa pwal pwal gen gwo enkoyerans ak anpil pati nan Lalwa.
Antouka pou konnya Pa gen lwa an ayiti pou kondane Yon moun ki touye Yon lòt Ak kout wanga e m vreman poko wè kijan pwal gen Yon lwa pou kondane moun ki komèt zak sòselri ak wangatè sinon se tout sa ki gen pou wè ak enfraksyon nan dwa penal ki pwal mete an kesyon e menm konstitisyon an fok li ta amande pou kesyon sa.
Bòn fèt GUÉDÉ ak tout konpatriyòt nou an Ayiti bon HALLOWEEN ak sa kap fete mò yo lòt bò dlo.
Me Pelex Flereme.
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la
https://www.facebook.com/fleremelaw/
Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.