04/08/2026
🌟 Chak timoun merite yon chans pou reve.
Nan FC Lumière Haïti, nou sèvi ak foutbòl pou fòme bon sitwayen, devlope talan, epi bay jèn yo espwa pou demen. Chak antrènman, chak aktivite, se yon etap pou konstwi yon pi bon avni.
Men nou pa ka fè sa poukont nou.
Nou envite tout ansyen foutbolè, antreprenè, zanmi, ak tout moun ki kwè nan fòs jenès la pou vin patnè nou. Kit se yon don, ekipman, materyèl, sipò alimantè oswa nenpòt lòt èd, chak kontribisyon gen yon gwo enpak sou lavi timoun sa yo.
Lè ou envesti nan yon timoun jodi a, ou ede chanje avni yon kominote demen.
📩 Ekri nou an prive si ou vle sipòte misyon FC Lumière Haïti.
👉3340-7589
⚽ Ansanm, ann kontinye fè limyè klere sou jenerasyon k ap vini an.