01/07/2024
N ap di bondye mèsi pou bèl pwojè sa ki pa sispann fè wout li nan kominote a. Ane sila te anonse l trè difisil, nou pat kwè jodia nou ta va ap kontanple yon ane anplis ki reyisi.
Mesi ak tout jèn gason ak jèn fanm ki pa sispann bay pwojè sa jarèt. Mesi ak tout etidyan, ak tout pwofesè ki se moun s**o, ak lot ki soti mibalè ak pòtoprens. Mesi ak tout popilasyon an espesyalman moun ki toujou kanpe ak nou yo.
Lekòl nòmal ENODS se yon vrè opòtinite pou tout jèn nan kominote a ki vle sèvi lakay yo kom pwofesyonèl nan domèn entriksyon.
Nou pap kanpe! Nou fèk kare travay pou yon pi bon kominote! S**o, nou pap fè bak, nap pike pou pi devan!