21/07/2018
Nòt biwo depite Jean Mary FORESTAL sou zak regretab byen planifye nan moman yon manm biwo a tap fete anivèsè l nan dat 16 pou rive 17 jiyè 2018 la
Biwo Depite Jean Mary Forestal pran ak de zak regretab byen planifye ki te pase nan moman yon manm biwo a tap fete anivèsè nesans li, nan lokal biwo a ki trouve l nan riyèl Moise, nan dat ki te 16 pou rive 17 jiyè 2018 la.
Yon lòt bò nou sezi tande kouman anpil moun ap chache, ak anpil enterè, entèprete politikman evènman sa a yon fason pou fè tò a entelijans popilasyon an. Kidonk biwo a nan respè pou popilasyon an konprann ke se yon obligasyon pou l eksplike san sere ti kras sou sa ki te pase nan moman sa a. Nap profite pou n' di matrakaj, kout lang, trayizon ak denigreman pap janm ka rezoud mizè popilasyon an.
O kontrè move konpòtman sa yo ap avili nou kom moun epi montre nan ki eta lespri nou ye. Lè a rive pou nou mete tèt ansanm nan enterè popilasyon an. Nou menm bò kote pa nou nou konprann ke genyen fristrasyon ak dezenteresman daprè jan sityasyon kominn nan ye espesyalman vil pòtpe Men pèsonn moun pa ka doute sou kapasite eli pòtpe a nan defann enterè mandan l yo.
Kisa ki te pase reyèl nan moman Mann biwo a tap fete 50e anivèsè nesans li a?
Ambition 1 è nan maten anpil moun te sou tab pami yo depite Jean Mary ak yon sitwayen ki rele Carl-Henry Majuste. Sitwayen an te pretann kel sou tonbe ap kraze tab. Menm moman depite a konprann ke I mande pou youn nan ekip sekirite l akonpanye l mennen l lakay li. Carl-Henry reponn :. Li leve li agrese depite a fiksikman Alex sekirite reproche depite a tante metrize l pou mennen l lakay li priske se yon moun nou konnen. Men li pete batay ak sekirite a epi frape l nan vizaj. Koulya fas a tout konpòtman agresif sa yo ke sitwayen sa afiche non sèlman kont depite a men tou kont sekirite reproche l, kòman nou panse sekirite a te dwe reyaji?
Biwo depite a estime e salye reraksyon sekirite a lè l chwazi metrwize sitwayen nan fason pa li. Nou regrèt sak pase a men men tou fòk te asiye entegrite depite a nou voye jete tout kalite manti, rimè kap sikile sou rezo sosyal yo ki vize atake deyini ak moralite depite a. Biwo a ap mande popilasyon an pou rete vijilan pou pa pran nan kraponnay ak matwakaj moun ki vle Monte tèt li kont reprezantan l.
Nou swete ke nou relate ak verite sa ki te pase nan okazyon sa a.
BIWO DEPITE JEAN MARY FORESTAL