24/05/2026
KÈK FOT ÒTOGRAF MOUN FÈ SOUVAN AN KREYÒL AYISYEN
❌ tap
❌ nap
❌ lap
❌ wap
❌ yap
❌ map
❌ kap
Tout fòm sa yo pa kòrèk an kreyòl ayisyen. Depi nou kole yo , se yon fot òtograf nou fè. Yo dwe ekri separe.
MEN FASON POU NOU EKRI YO:
t ap
n ap
l ap
w ap
y ap
m ap
k ap
EGZANP
❌ Mwen tap travay.
Mwen t ap travay.
❌ Nap tann pwofesè a.
N ap tann pwofesè a.
❌ Lap vini pita.
L ap vini pita.
❌ Wap konprann sa.
W ap konprann sa.
❌ Yap pale anpil.
Y ap pale anpil.
POUKISA YO DWE DEKOLE?
Nan kreyòl ayisyen, “ap” ak "te" se makè tan ak aspè, yo pa dwe kole ak pwonon yo oswa lòt mo ki vini anvan yo. Se poutèt sa nou toujou dwe dekole yo.
Men, kèk ladan yo ka kole si yo itilize kòm non komen.
Egzanp: Li ba l yon tap.
Mete nap sou tab la.
Timoun yo ap monte kap.
Nan ka sa yo, yo pa sèvi kòm mak ak aspè ankò, se non komen yo ye.
An n ekri kreyòl la byen pou nou valorize lang nou.
Abòne pou w pa rate anyen.
Pataje kontni sa a pou plis moun ka konn prensip la.