28/01/2026
Festival
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Ubuntu École de Vie, École, 3, Rue Colon, Turgeau, Port-au-Prince.
28/01/2026
Festival
23/12/2025
Nap tan tout enskripsyon pou mwa janvye a
UBUNTU ÉCOLE DE VIE
Kindergarten ki plase nan ri kolon anfas rantre Marriot la, sou kote Delimart la nan nimewo 3, te rive fè yon aktivite nan vandredi kite 28 novanm 2025 la poul te ka komemore dat 29 novanm 1987 lan ki tap tonbe nan samdi. Anplis nou te vle fè yon travay memwa ak elèv kite twouve nan espas la.
Yon pèp ki bliye listwa l, se yon pèp ki san limyè pou klere demen l.
29 novanm 1987, se yon dat enpotan pou chak grenn ayisyen ki tap viv anba rejim diktati Duvalier papa ak Duvalier pitit. 7 fevriye 1986 ke makak la te kase, Jean Claude Duvalier te oblije kite peyi a ak tout fanmi l ak kèk manm nan gouvènman l. Se te yon gwo jou pou chak ayisyen, kote solèy libète a ta pwal klere pou tout moun, pou chak ayisyen se te yon dezyèm endepandans. Aprè 29 novanm van diktati yon sistèm pwal tonbe pou sistem demokrasi kanpe dyanm. Dwa pale, dwa fè politik san kache, dwa chwazi moun ou vle pou dirije, libète pou medya.
Pou demokrasi sa te donnen anpil moun ta pwal pèdi lavi yo nan jou 29 novanm 1987. Riyèl vayan se youn nan espas ki make listwa lanmò anpil kretyen vivan anba kout bal, ak kout kouto ak manchèt kote asasen san fwa ni lwa te maspinen yo.
Nan ti ekspozisyon sa nou te fè kèk foto ak ti bout video pou n ka fè nou viv aktivite sa.
28/11/2025
KOMEMORASYON DAT 29 NOVANM 1987. AKTIVITE KITE ÒGANIZE NAN ESPAS NOU.
29 novanm 1987
Bonswa tout kòlèg yo kòman nou ye? map atire atansyon nou sou dat 18 novanm lan ki re fè sifas nan istwa nou kòm pèp ki te bay tèt li dwa pou l gad tout moun nan je, ak ki te pwononse van libète pou tout moun ak nasyon depiw pile bout tè sa. kidonk sa moutre nou yon avanse epistemolojik nou te rive fè sou dwa moun depi 1804, pandan gon dal lòt peyi se jis an desanm 1948 yo te rive ap diskite sou deklarasyon inivèsèl dwa moun. m panse dat 18 novanm 2025 sa ki sot pase a la fè nou 221 lane depi youn nan pi gwo batay pou libète jeneral lan fèt nan limanite. Nou pap sispann fè listwa pale de nou, 18 Novanm 2025 lan aprè bèl kalifikasyon sa devan Honduras 2 a 0 sot fè nou 51 lane depi Haïti pat janm kalifye pou al nan mondyal (coupe du monde). Sa moutre devouman nou kòm pèp ki vle kenbe eskanp figil devan lòt yo, se ak anpil emosyon pou n ap viv kontantman petit peyi a swa sou rezo yo oubyen nan lari a, nan bann Rara yo, pou bay peyi a ochan ak swete ekip la siksè an 2026. Men se domaj nou poko gen dirijan ki konsyan de sa. Map fini pou m di ann kontinye renmen youn lòt, ann kontinye fyè de peyi nou, ann kontinye pataje lide solidarite a depi nan katye nou, nan kominote a, nan òganizasyon yo, pou blayi sou tout peyi a pou demen ka diferan.
Junior PIERRE
10/11/2025
Vous ne vivez pas en Haïti! Vous aimeriez que votre enfant soit connecté avec votre pays d' origine, pour qu'il puisse connaître l'histoire et la culture de ses grands parents?
"UBUNTU ÉCOLE DE VIE" est le choix idéal et intelligent à faire.
Que vous soyez en France, aux USA, au Canada ou dans un pays espagnol, ne vous inquiétez pas.
Les professeurs sont très qualifìés, très compétents et très patients.
Ou menm kap viv nan peyi lòt bò dlo, men ou ta renmen pitit ou rete konekte ak idantite ayisyèn nan menm lè li pa fèt AYITI...
"Ubuntu École de Vie" vini sou beton an pou l sèvi w ak tout pitit ou ak tout rès fanmi an tou, si yo renmen kilti ayisyèn nan.
Wap jwenn pwofesè ki bon, kap pran tan yo, ki tou abitye travay ak moun nan tout laj.
Rete konekte ak nou, pou plis enfòmasyon.
You're not leaving in Haiti! You would like your child to bond with his ancestors! Great! "UBUNTU ECOLE DE VIE" it's your smart choice.
The teachers are very clever, kind, patient, qualified and most of all joyful.
Let's go together to that exciting adventure.
06/11/2025
Ou menm kap viv nan peyi lòt bò dlo, men ou vle pitit ou rete konekte ak idantite ayisyen an menm lè li pa fèt AYITI...
Ubuntu École de Vie vini pou l sèvi w ak tout pitit ou, menm rès fanmi an tou, si yo renmen kilti ayisyen.
Wap jwen pwofesè ki bon, kap pran tan, ki tou abitye travay ak moun nan tout laj.
Rete konekte an nou, pou plis enfòmasyon
06/11/2025
Wap chache yon lekòl pou pitit ou? Ou vle li gen kapasite pou l: analize, reflechi, kreye epi rete ayisyen.
Ubuntu École de Vie Se pi bon lekòl ou ka enskri pitit ou.
Ou di pap viv Ayiti, men ou ta renmen nan lekòl sa? Eben, map di w, ou te mèt nan vil Pwovens oubyen nan peyi lòt dlo, epi ou gen entènèt, wap ka fè pati lekòl sa.
Rete konekte, nan pa twò lontan wap ka enskri pitit ou.
06/11/2025
NOUS AVONS OSÈS ÊTRE LIBRES, OSONS L'ETRE PAR NOUS- MÊMES ET POUR NOUS-MÊMES.
NOU TE GEN KRAN POUN PRAN LIBÈTE, ANN PRANL POU TÈT NOU AK POU NANM NOU. JEAN JACQUES DESSALINES
06/11/2025