Jour J-16
PSI 2027-UNILA
Enskripsyon yo ap fèmen
Orientation Académique
➡️️Bourses d'études internationales📚
➡️Formations à distance 💻
➡️️Coaching 👨💻
➡️️Événements internationaux 🧳✈️
07/06/2026
📢 Pwogram bous ekselans ak egzanpsyon dwa eskalorite ministè edikasyon Quebec pèmèt etidyan entènasyonal yo vin etidye nan peyi Canada 🇨🇦, vil Québec, vin fè yon etid pwofesyonèl obyen siperyè.
Pi piti kòb yon kandida pral resevwa nan pwogram nan se 14.000CAD, pi gwo a se 26.600CAD
📍 Dokiman pou w patisipe nan pwogram Québec Metier d'avenir (QMA)
✅️ Kopi premye paj paspò
✅️ Kopi orijinal akdenesans oubyen ekstrè dachiv
✅️ Fòmilè kandidati
✅️ Kopi diplòm fen etid segondè oubyen kopi diplòm etid pwofesyonèl oubyen kopi diplòm lisans akonpanye relve nòt
✅️ Sètifika lang (TFL, TFI, TEF, TEFAQ, TCF) ki gen pi piti 2 lane nivo B2
✅️ si w pa gen Tès lang lan ou kapab bay relve nòt 3 a 4 dènyè ane inivèsite w
✅️ 2 lèt rekòmandasyon ki ranpli pa 2 moun diferan
✅️ kopi pri oubyen distenksyon ou te resevwa (maksimòm 2)
👍Depi w gen bon sans ak kapasite ou kapab fè enskripsyon an pou kont ou, sonje nan tou ou ye a se ou menm ki pou met tèt ou deyò, pa gen moun ki pral ede w.
Mwen ankouraje chak jèn itilize entèlijans nou sitou lè w pa gen rele ak reponn menm jan avèk mwen.
📅 Enskripsyon yo pral kòmanse 17 Jen 2026
😀Kòmanse achte twal gaz pou w pase sou diplòm ou, de-antere diplòm anba matla ki gen 10 lane ki pa janm pran lari 😀 pou w al aplike nan pwogram nan.
Se yon konkou li ye, tan dosye w byen monte, tan dosye w lou, se chans ou k ap ogmante.
PS: lè enskripsyon an ouvè, si w ta gen difikilte pou w fè enskripsyon an, mwen ap ba w konsiltasyon an GRATIS TI CHERI
Men si w pa abone ak paj la pa menm pran chans ekri m.
Nou se Orientation Académique
Nou pa ajans ❌️ Nou pa konsil ❌️ Nou pa bay viza ❌️ Nou pa fè vwayaj ❌️ Nou pa bay asistans pou lajan ❌️ Nou p ap janm ekri w an prive pou mande w lajan pou bay sèvis ❌️
06/06/2026
📢 Lis kandida ki admi nan konkou admisyon inivèsite Senghor nan nivo M2 pou ane akademik 2026-2027
📎Men lyen an:
usenghor-francophonie.org/
Nou se Orientation Académique
06/06/2026
📢 Bòn nouvèl 🇨🇦
Pwogram Québec Metier d'avenir pral lanse 17 Jen
Niche pwent kreyon nou, rasanble dokiman nou!
Nou se Orientation Académique
06/06/2026
📢 Ou bezwen prepare yon CV pou w soumèt nan pwogram GCUB-MOB la, ou tèlman pa vle patisipe nan fòmasyon a distans yo, somè, kongrè, konferans, senpozyòm yo,
W ap reflechi kisa pou w mete nan CV w la, tèt ou cho tankou vè lanp.
Ebyen men yo somèt ki pral reyalize pa Banque Mondiale sou tèm "Future Works : Concevoir des emplois pour l’ère numérique" a distans, GRATIS TI CHERI
✅️ Sèl kondisyon pou w patisipe, ou pa dwe gen pi piti 18 lane e ou pa dwe gen plis ke 36 lane
📅 Ou rete selman demen dimanch la pou w ranpli fòm nan.
📎 W ap jwenn lyen an nan espas kòmante a pou w ranpli fòm nan
Nou se Orientation Académique
Kongrè entènasyonal GRATIS nan peyi Brezil 🇧🇷 sou sante piblik Soumèt rezime 7 jen
Lyen an nan kòmantè a
05/06/2026
📢 Jan mwen te anonse li a, yon ayisyen pa t bezwen pedi tan w al voye dokiman w nan pwogram PEC-G a, piske moun anbasad yo pa resevwa okenn dokiman nan men pèsòn.
Rezilta pre-kalifye yo pibliye deja, pa gen okenn kandida ayisyen ki figire nan lis la. Se peyi afriken yo ki pran pwogram nan e yo kase l mete anba bra yo.
📎 W ap jwenn lyen ki rezilta yo nan espas kòmantè a 👇
Nou se Orientation Académique
Make dat sa a, 13 jiyè pral fè Orientation Académique yon (1) lane, ou sezi 😳😀. Gras ak ou menm ki fè nou egziste la, dat sa a ou pa ka bliye l.
Bous CAPES dèyè ap vini wi moun yo.
Yon dezyèm pwogram Brezil 🇧🇷 nan nivo Mastè ak Doktora aprè GCUB-MOB
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 17:00 |
| Mardi | 09:00 - 17:00 |
| Mercredi | 09:00 - 17:00 |
| Jeudi | 09:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Samedi | 09:00 - 17:00 |