09/01/2026
Siw toujou vle fè bon montaj videyo menw panse li difisil… se pa vre
Ou bezwen BON APLIKASYON + BON METÒD
Men top 4 pi bon aplikasyon montaj sou telefòn ki pi fasil pou metrize 📱🎬
4-VN Video Editor
Li senp pou nenpòt moun aprann fonksyonalitel yo, li bon pou sitou pou débutan yo e wap ka jwenn anpil preset gratis
Ti konsèy kòmanse ak videyo kout pouw k metrize baz yo
3-InShot
Li nòmal pouw edit video pouw fè TikTok, Reels, video pouw post sou stati whatsApp ou, li fasil pouw ajoute mizik, tèk, sticker
Ti konsèy toujou chwazi bon "canvas” pou platfòm ou vize a
2-Alight Motion
Sa se After effects sou android ☠️😂se Youn nan meyè yo e mw ki diw sa li bon pou animasyon e li gen yon pakèt bèl efè ke ou ka pèsonalize, ou k itilize kamera 3D etc ..
Ti konsèy sèvi ak presets pou aprann etap pa etap san ou pa konplike tèt ou(mw gen presets mw pral pataje🔜)
1-CapCut (pi meyè a pou telefòn) 🏆
Gratis, fasil, pwofesyonèl
Anpil bèl efè, sous-titres otomatik, AI, wap jwenn templates pro...
M patap pa met Goat la🐐 se li mw te metrize pi byen avan m te pase sou after effects
Se Youn nan app montaj ou jwenn plis tuto sou li e se la avantaj la ye
Ti konsèy itilize templates yo pou ale vit men pa lage kòw nèt paske ou ka vin parese😂 aprann itilize keyframe ak mask paske se la wap ka fè vrè maji nan montaj ou yo
Lyen chanèl Whatsapp mw an nan premye kòmantè a siw vle ou ka rantre sou li paske nou gen pou pataje Alight motion vèsyon cr•ck la e nou pral pataje anpil tips🔥