AJACE-HAITI

AJACE-HAITI

Partager

Association des jeunes avisés pour une communauté emancipée -HAITI (Fondée le 5 Février 2017)

L'objectif d'AJACE-HAITI est de: 1- D'etre unifié et pacifié d'une convergence consentie par la volonté manifeste des Jeunes. 2- Atterir dans les 10 departments du pays afin de vehiculer l'ideologie pour une nouvelle societé et une jeunesse connaissant leur valeur , leur droit dans la société.

25/05/2026

Yon manman pa sèlman pote yon timoun 9 mwa nan vant…
li pote avni li nan konsyans li, nan sakrifis li, nan edikasyon li bay chak jou.
Yon bon manman se premye pwofesè yon timoun.
Li aprann li renmen, respekte, reflechi ak leve apre echèk. Paske edikasyon pa sèlman sa lekòl bay… se tan, kominikasyon, koreksyon ak valè yon manman simen nan lavi pitit li.
💙 Jodi a, avèk sèlman 1,000 goud oubyen 10$ US, ou kapab ede yon jèn retounen lekòl atravè Konbit Scolaire – 3e édition.
Paske lè nou sipòte edikasyon yon timoun, nou pa sèlman chanje yon lavi…
👉 nou ede fòme yon lòt kalite sosyete.
🤝 Ann kole zepòl pou yon demen miyò.
-HAÏTI 🇭🇹 fansAJACE-HAITIAJACE-HAITI Mackendy Beauchamp

18/05/2026

🇭🇹18 ME (223 lane) – ANBA DRAPO M AK YON PLIM
Drapo a se pa sèlman koulè…
li se istwa nou
li se idantite nou
li se avni nou
Men jodi a, kesyon an se :
kisa nou ap fè pou onore li ?
1. Avèk yon plim, nou ka edike tèt nou
2. Avèk konesans, nou ka chanje reyalite nou
3. Avèk inite, nou ka leve peyi a

NOU DWE APRANN RENMEN PEYI NOU
pa nan pawòl sèlman…
men nan aksyon nou chak jou
Yon jenès edike, se yon sosyete transfòme
Ann kole zepòl pou yon demen miyò

fansHsom LakayMENFP HAITI OfficielMakensy BeauchampEmmanuel PierreMinistère de la Jeunesse, des Sports et de l'Action CiviqueMinistère de la Culture et de la Communication HaïtiFondation Haïtienne pour l’Éducation et le Développement / FHED

15/05/2026

FANMI SE PREMIYE LEKÒL YON TIMOUN
Nan yon mond kote teknoloji ap evolye chak jou, kote entènèt ak rezo sosyal ap enfliyanse mantalite jenerasyon an, yon fanmi ki ini ak yon bon kominikasyon vin pi enpòtan pase chak jou. Paske premye mo yon timoun aprann, premye valè li resevwa, premye rèv li konstwi… se lakay li sa kòmanse.
Yon timoun ki grandi nan lanmou, respè ak dyalòg gen plis chans pou l devlope bon konsyans, bon vizyon ak bon konpòtman pou lavi. Men lè kominikasyon disparèt nan fanmi an, anpil jèn ap chèche direksyon yo nan move kote. Se pou sa nou dwe aprann pale ak pitit nou, koute yo, konprann yo, epi prepare yo pou yon mond ki ap chanje rapidman ak teknoloji ak konesans.
Edikasyon jodi a pa limite sèlman ak liv lekòl ankò. Nou dwe aprann jèn yo :
1. kijan pou yo itilize teknoloji avèk entèlijans
2. kijan pou yo reflechi
3. kijan pou yo bati avni yo ak disiplin ak moral
Paske yon bon fanmi pa fèt pa aza. Li konstwi ak lanmou, kominikasyon, edikasyon ak responsabilite.
Lè fanmi yo solid, sosyete a vin pi fò.
Lè jèn yo byen fòme, peyi a kòmanse pwogrese.
1. Yon fanmi ekilibre se rezilta yon sosyete ki ap grandi ak konsyans.

2. Ann envesti nan edikasyon, nan dyalòg ak nan jenerasyon kap vini yo.
🤝 Ann kole zepòl pou yon demen miyò.
— AJACE-HAÏTI 🇭🇹
AJACE-HAITI fans Hsom Lakay MENFP HAITI Officiel Emmanuel Pierre

08/05/2026

Pafwa, nan lavi a, se pa moun ki pale plis yo ki enpòtan sèlman… men se moun ki rete kanpe lè tout lòt moun fatige. Enfimyè ak enfimyè yo se youn nan pi gwo poto mitan limanite. Pandan anpil moun ap dòmi, yo menm ap veye lavi. Pandan fanmi yo enkyete, se yo ki pote premye mo rekonfò a, premye swen an, premye espwa a. Travay yo pa sèlman yon metye, se yon misyon ki mande pasyans, sakrifis ak anpil lanmou pou moun.
Nou dwe aprann valorize moun ki mete konesans yo, tan yo ak fòs yo disponib pou soulaje doulè lòt moun. Yon sosyete ki pa apresye moun kap sèvi li ak devouman, se yon sosyete ki bliye pwòp valè li. Yon senp mo “mesi”, yon ti ankourajman oubyen yon jès rekonesans ka bay fòs pou yo kontinye batay la chak jou. Ann aprann respekte, onore ak sipòte tout moun kap sèvi lavi ak diyite, paske dèyè chak lavi sove, gen souvan yon enfimyè ki te refize abandone.

AJACE-HAITIMinistère de la Santé Publique et de la Population

30/04/2026

AYITI PA KA DEVLOPE SAN PWODIKSYON
Travay se fòs nou.
Agrikilti se rasin nou.
👉 Si nou pwodui lakay, nou manje lakay.
👉 Si nou travay ansanm, lavi ap chanje e vin pi bèl.

Ann leve kanpe pou sipòte pwodiksyon nasyonal la.

*Ann kole zepòl pou yon demen miyò*

Pataje mesaj sa a si ou kwè nan yon Ayiti ki ka bay pèp li manje.

25/04/2026

Le philosophe René Descartes, dans sa quête pour la vérité, nous a appris à douter de tout ce qui ne repose pas sur des bases solides. La question n'est pas simplement de savoir si ce que l'on regarde est populaire, mais bien de comprendre les motivations profondes qui poussent à la diffusion de telles images, et ce que cela signifie pour la société dans son ensemble.
La fin médiocre de cette normalisation
Quand la violence devient une norme, elle dégrade le sens profond des relations humaines. Les films et vidéos qui exhibent ces pratiques souvent dégradantes n’illustrent que trop bien la banalisation du mal. Cette vision déformée des rapports sexuels et de l'intimité mène à une vision déshumanisée des autres, où les émotions et le respect mutuel sont relégués au second plan. La fin de cette dérive est souvent médiocre : des générations désensibilisées, incapables de distinguer le respect de l’exploitation, la compassion de la domination.
Comprendre la direction, pas suivre la foule
Il est essentiel de ne pas se laisser emporter par l’illusion de la normalité. Suivre aveuglément la majorité ou s’adonner à des pratiques qui semblent faire l’unanimité dans les médias, c’est accepter de vivre dans l’ignorance. Chaque choix que nous faisons, chaque image que nous consommons, chaque idée que nous accueillons dans notre esprit, doit être le résultat d’une réflexion rationnelle et d’un examen profond. L’important n’est pas de suivre le grand courant, mais de comprendre pourquoi nous choisissons de prendre une direction, et quelles en sont les conséquences pour notre société et notre avenir personnel.
Un appel à la sagesse
Je vous appelle, jeunes Haïtiens, à ne pas succomber à la facilité. Recherchez la vérité au-delà des apparences. Ne vous laissez pas séduire par des images qui normalisent la violence, mais cherchez à comprendre la réalité de l’humanité, avec tout le respect, la dignité et l’amour.

©️EP_105

25/04/2026

La société actuelle semble avoir été imprégnée par une évolution technologique sans précédent, permettant une démocratisation de l’accès à l’information et, paradoxalement, à la violence. En effet, les films, vidéos, et autres contenus médiatiques présentent fréquemment des scènes où la violence se mêle à des rapports sexuels, comme si cela faisait partie d'une norme acceptable. Un tel phénomène n’est pas anodin et mérite que l’on s’y attarde avec une vision critique, loin des courants de pensée populaires.
L'illusion de la normalité
De nos jours, les jeunes, en particulier, sont constamment exposés à des contenus où la violence est non seulement présente, mais souvent magnifiée et même idéalisée. Les films, séries et vidéos en ligne véhiculent une vision déformée des rapports humains. Là où la violence devient un acte presque esthétique, elle est souvent perçue comme une forme de pouvoir ou de contrôle, jusqu'à en perdre son véritable sens. Ce qui semble être un acte de domination dans ces œuvres devient, dans la réalité, une source de souffrance et de confusion.
Mais pourquoi cette tendance persiste-t-elle ? Il est facile de se laisser emporter par la facilité de suivre le grand courant médiatique. La technologie, qui aurait dû être un outil de progrès et d’élévation, devient parfois un vecteur de distorsion des valeurs humaines. Et ce n’est pas simplement un phénomène superficiel ; il touche à la perception de ce qui est acceptable, à l’image du corps et à la manière dont les relations interpersonnelles devraient être vécues.
Réfléchir avant d'agir
La pensée stoïque, qui a traversé les âges et guide encore ceux qui recherchent la sagesse, nous enseigne à observer, à comprendre, et à agir selon une raison profonde, et non par simple instinct ou par imitation aveugle. Ce que nous consommons, ce que nous voyons, et surtout ce que nous reproduisons, doit être le fruit d’une réflexion rationnelle.

©️EP_105

AJACE-HAITI

15/04/2026

Jèn Ayiti : Ant bri vid ak vrè enfliyans – tan pou reveye konsyans nou

Nan yon epòk kote teknoloji ap dirije rit lavi nou, Ayiti ap fè fas ak yon gwo konfizyon: nou melanje popilarite ak enfliyans. Fenomèn sa a menase kapasite refleksyon, edikasyon ak avni jenerasyon an.

Jodi a, sa ki fè plis bri sou rezo yo pa toujou sa ki gen plis valè. Nou antre nan yon kilti aparans kote “like” ak “view” vin ranplase konesans ak konpetans. Sa kreye yon jenerasyon ki ap chèche validasyon rapid olye yo bati fondasyon solid.
Edikasyon, ki ta dwe poto mitan devlopman, ap sibi gwo feblès. Lè jèn yo pèdi lafwa nan aprantisaj, yo vin fasil pou manipile, emosyonèlman yo febli, epi yo manke kapasite pou analize ak pran bonjan desizyon. Yon pèp ki pa reflechi se yon pèp ki domine fasil.
Nan vizyon ideolojik AJACE-Haïti, jèn yo dwe tounen aktè konsyan, pa espektatè pasif. Nou dwe reprann kontwòl entèlijans nou, valorize lekti, disiplin, refleksyon kritik ak devlopman pèsonèl. Enfliyans pa mezire nan bri, men nan enpak dirab sou sosyete a.
Se pou nou itilize teknoloji kòm zouti pou grandi, pa kòm chwa ki ap fè nou pèdi direksyon. Fòk nou chwazi vin moun ki kwè nan bati, renmen peyi, ki enspire, ki transfòme.

Jèn Ayiti, kestyon an pa “jiskibò nap rive?”, men “ki direksyon nou chwazi pran?”. Leve kanpe, bay edikasyon tout sans li, devlope lespri kritik nou, epi vin jenerasyon ki pote limyè nan mitan konfizyon an. Avni peyi a nan men nou.

11/04/2026

Pataje lanmou ak kè kontan menm nan moman feblès se prèv yon transfòmasyon solid. Mèsi ak chak grenn moun ki te rann jounen sa inoubliyab. Stanley Oradin Emmanuel Pierre MENFP HAITI Officiel Christine Faujas

We don't have a copyright ©️ for the song playing

27/03/2026

COMMUNIQUÉ OFFICIEL
AJACE-� a le plaisir de vous convier à un pique-nique exclusif baptisé “Meet & Greet”, qui se tiendra le samedi 4 avril 2026 (Samedi Eau Bénite).
Cet événement unique se veut un cadre privilégié de réseautage, de partage d’expériences et de détente, réunissant jeunes, professionnels et acteurs engagés autour d’une ambiance conviviale et dynamique.
� Au programme :
Rencontres enrichissantes
Activités récréatives
Moments de détente inoubliables
Et des surprises spécialement préparées pour vous !
� Lieu : Campus Nazaréen
� Avantages : Transport et nourriture entièrement pris en charge
Ne manquez pas cette opportunité exceptionnelle de créer des liens, d’élargir votre réseau et de vivre une expérience mémorable.

4654-0233 / 4252-5668
_Siw pa la mw pa responsab_

09/03/2026

La Journée des droits de la femme rappelle une longue lutte portée avec courage par les femmes haïtiennes.
À travers l’histoire, elles ont résisté, travaillé et porté la société sur leurs épaules.
Aujourd’hui encore, leur voix appelle à une conscience collective pour bâtir une nation saine d’esprit et d’équilibre intellectuel.
Dans un monde où tout semble se vendre, l’image de la femme est trop souvent réduite et exposée sans dignité.
Il est temps de reconstruire une vision plus noble, fondée sur le respect, la valeur et la vertu.
La femme n’est pas un objet du regard public, mais une source de vie, de sagesse et de transformation sociale.
Chaque citoyen doit participer à ce changement de regard et de comportement.
Respecter les femmes, c’est protéger l’âme même de la société.
Car en Haïti, la femme reste la colonne qui soutient la famille et la communauté.
Fanm se poto mitan — ann angaje nou pou bati yon lòt sosyete, ki baze sou diyite ak respè. ✊🏾🌺

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Adresse

Lycée Jean Marie Vincent , Tabarre 48
Port-au-Prince
02