19/09/2022
*Lanmou pran kou*
Epizòd 5
Ekri pa *Dadoo Sage*
💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹💔❤🩹
Lavi di w ann ale san l pa di w ki kote l prale ak ou men si w gen yon bagay nan men w li paka fè w nenpòt bagay poutan Lanmou limenm di ann ale e menmsi w te gen tout sa k te ka egziste nan men w li p'ap menm pran w pou twal pye, l'ap fè w sa l vle.
Dafka se yon bel grenn demwazèl, jan timesye yo renmen di l la, yon moun ke Bondye fè ak de men l. Se yon demwazèl ki z**i anpil, li sou katye a pa gen moun ki jan m wè l kanpe ap pale ak pèsonn menm yon jou, sa te rann manman l kòmanse ap fouye zo nan kalalou.
Miyòn : Dafka cheri, vini m pale w.
Dafka : Men mwen wi manmi.
Miyòn : Ban m di w, apa m pa janm wè w ap pale ak yon tigason ni w pa janm di m men youn ki fè kè w bat.
Dafka : Manmi, m pa ko jwenn moun sa 😂😂😂, tann toujou madanm
Miyòn : An pasan m wè Jorèl byen anfom wi, sa w panse ?
Dafka : Jorèl anfom vre wi, men li gen pwoblèm man.
Miyòn : Ki pwoblèm li gen la?
Dafka : M toujou tande kèk moun ap kouri dèyè l pou sant li m panse se manti, avanyè pandan m sot nan mache a m wè l k'ap vini, pou w wè jan m te kontan. Men malerezman, kou n kwaze san m tounen dlo, li gen yon sant ki gwonèg sou li epi bouch li se pa pale.
Miyòn : Bon ou li tifi sa, kilè w ap kite?Sa vle di nan sèl ti kontre yon jou epi w gentan wè l sesi sela.
Dafka : Bon si se vre
Miyòn : Si se konsa w ap fè l, genlè m'ap mouri san m pa grann.
Dafka : M p'ap okipe w tande madanm, premye moun k'ap di entèl endifòm se ou 😂.
Jan nou wè l la se konsa Dafka toujou fè pou nenpòt jenn gason ki eseye pale ak li oswa manman l prezante l.
Manman Andou ki t'ap koute konvèzasyon l te gen ak Antwàn nan santi pitit li a gen pwoblèm, li anvi ede l men domaj li pa fè pyès moun konfyans; menm tèt li, li pa vle anpire sitiyasyon pitit li a, pou tèt sa, li tanmen pwòp ankèt li sou Arya.
Arya leve ak yon kè kontan, depi nan jan l'ap detire ou santi l sot fè yon bèl rèv. Li al ouvri fenèt yo pou kite solèy la rantre. Se yon samdi, li pa gen pil bagay li pral fè, li sèlman chwazi pou l al flannen.
Nan aprèmidi aprè l fin benyen, li mete yon ti wòb karabela ki gen yon desen papiyon ladan ak yon bèl ti soulye nwa bout talon nan pye l. Li kenbe nan men l yon ti valiz mawokinri yo nan men l.
Anndou sou bò pa l, aprè patnè l yo te fin flite grenn misye pou sa l te kite rive l la deside al nan match Resin ak DonnBosko a.
Tòd : Yow Anndou, wè jodi a fò w al gad match la wi.
Anndou : Nou konnen ...
Antwàn pa kite l fin pale
Antwàn : Wi nou konnen w dwe ale paske se ap dènye chans ou pou w pran nimewo demwazèl la, kòman l rele ankò ?
Anndou : Arya
Jòb : Omwen la m konprann ou, si w pat mande l non l nou t'ap montre w.
Anndou : Sa k di w l'ap la?
Amòs : Si l pa vini m'ap remèt ou kòb tikè a.
Tankou nèg yo te nan yon konkou abiman, nèg yo fre pase kola 15. Yo nan machin yo, y'ap woule mizik, y'ap koule tafya.
Dafka limenm, aprè l te fin wè afich match la fou pou l al gade.
Dafka : Manmi, m pral nan match la wi
Miyòn : Ki mirak, m santi pa twò lontan m pral gen bofis.
Dafka : Se nan match m prale wi man.
Miyòn : Antouka, kelkeswa moun ki mande w nimewo w bay li sou kont mwen.
Dafka : M'ap fè sa pou ou, men si yo pa nan gou m m pa nan bay kenn nimewo.
Tony : Blèz, ann al nan match la non
Blèz : M prale, mwen m'ap soti ak yon tigrenn kanmenm wi.
Tony : Tout fanm pou ou sof sila k'ap chita bò kote m nan.
Blèz : Ok bòs.
A swiv..........
*Arya met rad sou li l'ap flannen.*
*Anndou al nan match la paske zanmi l yo di l Arya paka pa la.*
*Dafka fin cho pou l al gade match la.*
*Miyòn mande l pou l bay nimewo l a nenpòt moun ki mande l li.*
*Tony ak Blèz gen yon kondisyon pou match la.*
*Ap gen bagay wi mezanmi.*
*Pa neglije like kòmante ak pataje feyton an paske a 100 like epi 30 pataj m'ap pibliye epizòd 6 la.*