Say ken

Say ken

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Say ken, Enseignement supérieur, Port-au-Prince.

18/01/2020

Istwa Tris #2

Lòm rann lòm mechan

Auteur: Charles Gerlin G-night sèvo

Ou menm ki posede byen materyèl kote ke se yon moun ou detwi pouw te gen byen sa, se swa ou te vann yon moun, oubyen ou te touye yon moun pouw te pran byenl, lèw fè sa ou mèt ret tann rekonpans ou paskew pap janm rete byen pou toutan, se pa tout moun ou fè mal kap rete gadew nan zye konsa, lèw detwi yon bye bwa pa bliye li gen rasin ki ka metel kanpe ankò, ebyen lèw fè yon moun mal, pitit li ka revanje avèw pi devan, Ann sispann avèk krim yo Pou nou pa fè mechanste ogmante pi plis nan sosyete a! Se Bondieu pouw priye poul fèw posede, se travay pouw travay, se pa vi moun pouw Detwi, epi viv avèk saw genyen BonDieu ap beniw yon jou (G-night🇭🇹sèvo)..

Mezanmi Malo te fin tiye sèsè kise pwòp sèl ui, se ti malerèz la kite tout vi soufrina ui, Malo tap maltrete soufrina mete sou li ankò, ebyen lè manman soufrina te fè soufrina konnen nan domi se tontonl lan ki vann li, Lyon kitap domi anndan soufrina a te tou reveye😾 Malo te fè soufrina konnen kisa manmanw te itil nan fanmi an? aaah soufrina te di m sèmante sou vim wap peyem sa tonton😡!

Malo te di saw dim la! fout pyew deyò isi a, al jwenn manmanw kotel ye a, ou jwenn mwen voyew lekol pouw gen konesans kounya wap vin fèm pwomès, ou te wèm avèk zam oubyen avèk manchèt m te touye manman malerèz ou a? Djab lakou a wè manmanw pa itil anyen yo fout manjel, dayè Djab la peye lekôl pou ou nan kòb la, ou manje nan lajan channgo a!

Soufrina te gen yon Ray kite pranl li te pran tout afèl kay tontonl lan, epil te ale nan yon tèt mòn li te jwenn yon vye kay, li te mete afèl yo, epil te tonbe domine, li te santi se ak yon Ray li ta pran tonton an poul manjel, soufrina te vin plante patat ak yanm nan tèt mòn lan, epi li te ale vann yo nan mache, tonton an te rete sou kè soufrina, chak jou soufrina tap fè vye rèv poul te koresponn ak Malo, soufrina te vin responsab tout afèl lite kontinye bouske lavi à poukont li, manmanl te bal fòs, manmanl se te yon fanm kourajez, ebyen soufrina te jwenn fôs sa poul konbat lavi a, soufrina te vin gen yon espri de vanjans se sa kite nan tèt li sèlman li te di fòk li vanje avèk Malo!

Madanm Malo a menm tap di soufrina sa menm sal te konprann? nou te metel lekòl kounya lap vin Mande pou manmanl, manmanl pat menm ka metel lekôl menm, m pa mande mal pou li! Malo te di epa sal genyen non, bon sim ta vin razè ankò m tap vann li tou, sa yo itil fanmi an, m gen enpresyon se yo kikoz fanmi an te ap drive nan mizè konsa, gen de fanmi malerèz ou genyen lèw razè ou ta dwe vann yo ui, yo pa itil anyen nan fanmi an, épi se yo ki toujou chita ap grennen pitit nan fanmi an! Gade 2 bèl pitit mwen genyen kounya yo tap nan mizè ui sim pat fout vann sèsè! Li te dwe leve poum revann li ankò, pa itil la😳!

sèsè sete yon fanm ki pat janm konn vin desann li devan Malo, lèl grangou se avèk ti jadenl li te toujou annafè, sete yon Dam ki pa janm enmède moun, li toujou avèk djakout li sou dol poul pat kite soufrina soufri grangou twòp, malgrel te malerèz li te toujou fè respèl paskel te konnen se nan travay latè li ka sove lavi a, sete yon fanm djanm ki pat pè konbat lavi a, Malo menm sete yon denyè mechan kite ka genyen, se sèsè lite wè poul te vann poul te ka gen lajan poul te viv avèk madanm li ak pitit li, pandanl pat konn doulè soufrina, ebyen soufrina te pran kouraj li tap bouske la vi a poukont li, sèsè te konn tout kalte mizè poul te viv, nan fanmi an li te plis imilye, paske se li ki pat genyen menm! Li pase tout vil anba yon kay ki bare ak dra, tout vil se 3 wòch dife poul fè manje poul manje, tout fèy bwa nan raje yo te konn sèsè, paske chak jou li te nan raje a poul ale wè si patat, yanm, Malanga, militon li yo si bèt patap manje yo, se chak jou sèsè te konn ap kouri dèyè kabrit nan jadenl, paske yo te konn pa vle kite jaden mayi sèsè yo anrepo, men li pat janm konn bay bèt moun kou, li konn jis kouri dèyè yo, tout moun nan bouk la te renmen sèsè pakel sete yon fanm vanyan, moun nan katye a te komanse ap doute yo tap di lanmò sèsè a pa senp, yo te vin ap di epa yo pa wè soufrina lakay Malo ankò!

yon jou pandan soufrina te avèk panye patat li sou tèt li li ta pral vann, te gen kèk granmoun nan zôn lan ki te rele soufrina yo te dil sak pase menm chéri? epaw pa lakay tontonw lan ankò! soufrina te di se Tontonm ui ki vann manmanm😭😭! Moun yo te di OOOoh nou te sispèk sa ui, paske yon sèl kou a pou Malo gentan fè bèl kay sa, li achte machin sanl pa menm ap travay menm, menm yon vye bèf li pat gen nan bouk la, nou te di se swa Malo nan kokayin, oubyen li nan Djab! Anh se manmanw li vann! pwôp sèl ankò ui, men Malo a mechan anpil ui! lap peye sal fè à ui, ou byen fèt sot devan pot li a, epil tap maltretew konsa ankò, Bondye fè kounya menw majè ou gen 20 an, Bondieu ap montrew koman pouw viv pitit mwen, men gen moun ki mechan ui sou latè, lèzom mechan, se lòm ui ki rann lôm mechan kounya soufrina ta elimine Malo la li patap gen tout rezonl😳😳! OOOoh misye vann ti malerèz la, m konn sèsè ka jije avèk yo kotel ye a, paske sèsè pat janm konn rete gade sou moun! Ebyen ale non pitit fim, al gade kisa lavant lan ap pote pou ou jodia, m swetew bon lavant pitit mwen!

Nan tout wout la soufrina te di Malo ap peyel sa kanmèm, Soufrina se sanl li tap pran poul te koresponn avèk Malo! Soufrina te vin gen yon abitid pase bò kote tonb manmanl lan chak lèl ap sot vann, paske se sèk fason li te ka pran kouraj pi plis chak jou nan vil!

Aprè 15 jou tout moun te tande rèl kay Malo, pandan yo tap domi yo leve yo te jwenn youn nan pitit fi Malo yo te rèd, koul te kase😱😱! Mezanmi se atè Madan Malo tap woule, tout moun te kanpe de lwen yi tap gade yo, moun ki tap asiste yo te di moun sa yo twò mechan yo pa mele avèk yo, paske bagay la te gaye nan tout bouk la yo te vin konnen se Malo kite vann sèsè! Malo te di se soufrina ki genlè al vann pitit li a, Malo te di lap jwenn yon solisyon ak sa, poutan se sèsè kite pase pran youn nan pitit pa Malo yo

aprè 15 jou Malo te chèche konnen ki kote soufrina te al rete a, li te wè se nan Yon tèt môn Soufrina te rete pou kont li, Malo te di m ka fè sam vle avèk soufrina pèson pap konnen, epi Malo te mete yon pikwa sou dol, li te pran pòz se latè li pral travay, li te leve byen bonè lèl konnen soufrina poko leve, epil te mete zam li bo kôt li, li te di lap fin tire soufrina epi lap tou anterel nan raje a, pèson pap konn kote Soufrina pase, pou soufrina touye pitit li a kareman😡😡!

Épi Malo te pran môn pou li, soufrina te gen yon abitid chak maten li rete nan fenèt lakay li a lap gade anba, epi se konsa soufrina te wè Malo te avèk yon pikwa sou dol li tap monte, soufrina te fè yon vye rèv nan aswè, li te wè se tontonl lan kite ap Pele tè voye sou li, soufrina te di janm anvi misye la si li ta vin devanm la m tap tou manjel😡😡! Soufrina te gen yon batri machin li te konn fè limyè chak swa ak yon limyè moto! Aaaah soufrina te kage batri à nan yon bokit, li te vide tout asid batri a nan yon bokit! Paskel te wè Malo se direksyon wout lakay li a li te pran! Soufrina te di si misye ta frape pot la pou 1, pou 2 map sèvi avel😡!

Épi se konsa Malo te fwape pòt kay soufrina à kow kow! Malo di se mwen tontonw m vin konnen komanw fè touye pitit fim lan, soufrina te ouvri pòt la avèk yon raj epi li te voye bokit asid batri a sou Malo, 2 zye Malo te pete sou plas, Li tap woule atè a asid la tap manje Malo😱😱😱😱! Li tap rele anmweyyyyy ...........


Aswiv fans yo... Pouw pa rate #3 a, like paj la kounya, pa bliye pataje lèw fin li

G night🇭🇹sèvo👽

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse


Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00