06/12/2021
Men sak rele plasennta ann wè wòl li ,nou tout fèt avèlen kote yo konn fè medam yo manje Plasennta aprè akouchman,ann wè kisa òga'n sa ye an reyalite,pa neglije pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans
Plasennta se yon òga'n tanporè ki fòme pandan gwosès la, ki eskpile aprè akouchman yo bal tinon "arbre de vie" paske lèw ap gadel li baw fòm pyebwa
li asire echanj ant manman a fetis(lè bebe an nan vant manmanl) se pa li nitriman ak oksijèn pase de manman a fiti bebe an pou bon devlopman fetis lan , kel pran nan san
Li se baryè proteksyon kont jèm a sibtans danjre ki vle atake fetis la, pakont gen sibstans ki travèsel kòm kèk medikaman , alkòl etc...se sak fè yon fanm ansent frajil, fòl veye sal ap met nan bouch li, e w ap wè si pandan gwosès la fanm ansent lan te konn ap fimen kanabis( bòz) bebe a lavni ka gen problèm , paske lèl fèt li pral vle poul toujou jwenn kanabis la( kel pap jwenn pandanl fèt la) kel tap pran lèl te nan vant manmanl lan e sa konn manifeste pa anpil kriz ,donk fanm ansent lan dwe toujou ap veye sal ap met nan bouch li
Ki anomali ki ka gen nan plasennta ?
Li konn pozisyone trè ba nan matris la, lè sa yo pale de "placenta previa" pandan gwosès la, fanm ansent sa konn ap bay anpil san sitou nan 3 eme trimès la
Plasennta konn ap dekole lè sa fetis lan antre an soufrans nan vant manman si anyen pa fèt li ka mouri, manman menm konn ap bay anpil san
Li konn plase twò anndan matris la (placenta accreta) e toujou menm bagay la fanm ansent sa ka bay anpil san
Nan ka marasa sa konn rive yo gen yon plasennta pou yo 2, e kòd lonbrit yo al nan yon sèl plasennta , veso kap sot nan kòd lonbrit marasa yo konn kominike antre yo, si repatisyon san byen fèt pa gen problèm men si li pa ekilibre ,sa ki vin fè youn jwenn plis san ki se "transfusé" avèk youn ki jwenn mwens san ki se "transfuseur "an
Se komsim ta diw "transfuseur" la ap bay "transfusé" an san, transfusé an vin resevwa twòp san pou konpanse eksè san lap resevwa, li oblije p**i anpil ,sa ki vin kreye yon eksè de likid amniotik nan konpatiman pal la, pi lòt la pa gen ase likid amniotik , kòm rapèl likid amniotik la se likid bebe an ap naje nan vant manmanl lan e ki jwe yon wòl antichòk lè manman ap bouje ,e pemèt echanj pou fetis an, gen youn nan marasa yo ki pi byen devlope, si lòt la mouri an Ayiti nou dil manje marasal la
An ka gwosès deyò matris ,plasennta devlope pi souvan nan youn nan twonp yo
Eskew wè jan plasennta enpòtan se pa li bebe an nouri nan vant manman , li enpòtan pou tout fanm ansent kap bay san dwe al wè doktè, fanm ansent dwe veye sal ap met nan bouch li paske pifò sal ap met nan bouch li pral jwenn bebe an, el pa dwe pran medikaman san avi medsen...
Like& pataje
Idantifye yon zanmim li avèw
Norbrun Kerry Care-ry
21/07/2021