Ecole mixte Apocalypse - EMA

Ecole mixte Apocalypse - EMA

Partager

Institution humanitaire qui accueille et forme des enfants défavorisés issus de zones difficiles telles que Cité Soleil, Sarthe, Croix-des-missions, etc.

31/05/2026

Sous les pieds du peuple en souffrance, des dizaines de milliards de dollars : À qui profitent le silence et l’inaction de l'État ?

Selon nos experts, les ressources minières d’Haïti — or, pétrole, argent, uranium, charbon, aluminium, etc. — sont estimées à plusieurs milliards de dollars et pourraient contribuer au développement du pays si elles étaient exploitées au bénéfice du peuple haïtien.

Men yon ti rezime senp, klè, epi ki chaje ak verite sou dosye richès anba tè peyi Ayiti a :

​👉🏼Daprè etid syantifik ak rapò Biwo Min ak Enèji (BME) nan peyi a, tè d’Ayiti gen anpil gwo richès mineral ki ekivalan a plizyè dizèn milya dola, men pifò nan yo poko janm eksplwate pou pèmèt pèp la rale yon souf.

​Men tout richès nou genyen anba tè Ayiti :

​👉🏼Lò ak Ajan (Nan zòn Nò) : Se youn nan pi gwo richès nou genyen. Nan zòn tankou Twou dinnò (Cap), Granbwa (Limbé) ak Mòn Bosa (Milo), gen gwo mòn ki chaje ak lò ak ajan. Se menm fòmasyon jeyolojik la ki kontinye an Dominikani kote yo gen yonn nan pi gwo min lò sou latè (Pueblo Viejo).

​👉🏼Kwiv ak Boksit (Aliminyòm) : Yo te konn eksplwate boksit deja nan zòn Miragwàn (Miragoâne) ant 1957 ak 1982 ak konpayi ameriken Reynolds. Yo te konn tiré kwiv tou nan zòn Gonayiv (Mémé) nan lanne 1960 yo.

​👉🏼Pétwòl ak Gaz natirèl : Gen anpil bèl endis ak zòn ki montre gen potansyèl petwòl (nan Plènn Kil-de-sak, Plato Santral, ak nan lanmè).

​👉🏼Chabon tè (Lignite) : Gen gwo rezèv chabon mineral nan zòn Mayisad (Plato Santral) ak Lazi (Nan Sid) ki ka sèvi pou bay peyi a kouran, men ki poko ekplwate.

​⚠️ Poukisa richès sa yo pa janm chanje lavi pèp la ?

​Pou richès sa yo ta sèvi pou bay kouran, bati lekòl, lopital, ak wout, kreye travay, Ayiti gen 4 gwo defi li dwe rezoud anvan :

​👉🏼Lalwa min peyi a ki kòwonpi : Dekrè kap jere min an Ayiti a soti depi 1975. Li pa pwoteje enterè peyi a ditou, li bay konpayi etranje yo twòp avantaj. Si yo ta fouye min yo ak lalwa sa a, etranje ap pote tout ale epi yap kite fatra pou nou.

​👉🏼Enstabilite ak Ensekirite : Okenn gwo konpayi serye pa pral mete pakèt milya dola deyò pou bati gwo faktori min nan yon peyi kote gang ak ensekirite ap devalize toupatou.

​👉🏼Dega sou anviwònman an : Pou yo rale lò nan tè, yo sèvi ak gwo pwodwi chimik tankou cyanure ki ka anpwazonnen dlo moun ap bwè ak tè nap plante yo. Peyi nou an deja frajil nan anviwònman, fòk gen yon Leta ki fèm pou kontwole sa epi kreye bon enfrastrikti adapte.

​👉🏼Kòripsyon : Si pa gen bon enstitisyon ak lidè serye ki renmen peyi a tout bon, lajan min yo ap negosye ankachèt, epi fini nan pòch kèk grannèg ak politisyrn kòwonpi olye li sèvi mas pèp la.

​👉🏼Konklizyon : Ayiti se yon peyi ki rich anpil. Men, yo kenbel nan mizè, paske nou manke yon Leta serye, vanyan, ak òganize pou defann enterè nasyon an.
-----------

Sources :
👉🏼Rapports du Bureau des Mines et de l'Énergie (BME) d'Haïti
👉🏼Institut d'études géologiques des États-Unis (USGS)

❤️
--------------

Pa bliye abòne pou plis bèl enfo sou Ayiti cheri🇭🇹❤️

30/05/2026

San kay, san manje, san sekirite, san Leta, san sekou, san landemen : SOS pou yon nasyon kap depafini anba mizè ak vyolans malandren 🇭🇹😭😭😭

Kisa nap fè ak peyi a mezanmim ?

👉🏼Ann tande kòman dam sa a (nan videyo a) ap mete kèk gwo entelektyèl ak diplome nan Leta nan pòch li ak kèk bèl refleksyon sou ensekirite nan peyi a 😭🔥.

--------------
🇭🇹❤️

Pa bliye abòne pou plis bèl koze sou Ayiti cheri

29/05/2026

Haïti 🇭🇹 1986-2026

Du « dechoukaj » des «Tonton Makout » à l’enfer des « malandren » actuels : Le grand sommeil de la conscience haïtienne !

Men yon ti rezime sou gwo mouvman dechoukaj 1986 la :

🔥 Kisa ki te pase an 1986 ?

👉🏼Apre 29 lanne rejim fanmi Duvalier (Papa Doc epi Baby Doc) a te fin koupe rache, mas pèp la te pran lari. Nan dat 8 fevriye 1986, anba gwo presyon popilè, Jean-Claude Duvalier te blije sove kite peyi a nan yon avyon lame ameriken pou Lafrans.

⚡ Ki kote nwaj la te pete ?

👉🏼Etensèl Gonayiv la (Novanm 1985) : rejim nan te kòmanse tranble tout bon lè makout te tire kèk elèv lekòl ki tap manifeste nan Gonayiv (Jean-Robert Cius, Mackenson Michel, ak Daniel Israël). Sa te leve kòlè tout peyi a.

👉🏼Lekòl, Medya ak Legliz : Jenn jenerasyon an te kanpe djanm, radyo yo (tankou Radyo Solèy) tap bay enfòmasyon an kreyòl, epi gwo mouvman Ti Kominote Legliz yo (TKL) te bay mas yo fòs pou yo pa pè afwonte zam makout yo.

🪓 Kisa « Dechoukaj » la te vle di ?

« Dechouke » vle di arache yon pyebwa ak tout rasin li. Pou pèp la, se te moman pou yo te netwaye peyi a anba sistèm duvalieris la :
- Yo te kraze estati diktatè yo epi detwi kavo Papa Doc.
- Pèp la te piye ak rache kay gwo chèf ak kòwonpi nan rejim nan.

👉🏼Malerezman, te gen anpil san tou : pèp la te dechouke epi touye anpil makout ak espyon ki te konn matonize yo pandan plizyè deseni.
🥀 Kisa k rete nan istwa sa a ? Où est passée la fureur du peuple 86 qui a déraciné Duvalier ?
---------

Sources

👉🏼Michel-Rolph Trouillot, « Les racines historiques de l'état duvaliérien » (1986) / « Haiti: State Against Nation »
👉🏼Laënnec Hurbon, « Comprendre Haïti : Essai sur l'État, la religion et la culture » (1987).

🇭🇹
-----------

Pa bliye abòne ak paj la pou plis enfo sou Ayiti cheri ❤️🇭🇹

27/05/2026

Saviez-vous que, dans notre histoire, les puissances étrangères ont systématiquement rejeté les dirigeants trop proches du peuple ? Saviez-vous qu'elles ont toujours trouvé des « Konze » locaux prêts à sacrifier l'avenir de leur propre nation ?

​C'est une constante historique : chaque leader habité d'une véritable vision populaire s'est immanquablement heurté à un mur. Un blocage orchestré par une partie de l'oligarchie économique et le haut commandement de l'Armée, de mèche avec l'ingérence étrangère. C’est d'ailleurs ce traumatisme qui explique pourquoi un homme comme François Duvalier, par méfiance absolue envers l'Armée, finira par créer sa propre milice (avec les dérives tragiques que l'on connaît).

​C’est cette sombre mécanique qui éclaire le destin de Pierre-Eustache Daniel Fignolé. Symbole de l'espoir des masses, son gouvernement ne durera que 19 jours, balayé par un complot brutal.

Men yon ti rezime sou istwa Daniel Fignolé :

1. Yon pwofesè ki te sèvi pòt vwa malere yo (1942-1946)

👉🏼Daniel Fignolé te yon pwofesè matematik. Nan ane 1940 yo, li kòmanse ekri nan jounal epi li fonde yon pati politik ki te rele MOP (Mouvement des Ouvriers Paysans). Se te premye fwa yon gwo mouvman konsa te rasanble travayè, bòs tayè, chofè, ak moun nan katye popilè yo (tankou Bèlè ak Lasalin) pou defann dwa yo kont elit ki te gen pouvwa a.

2. Metòd "Woulo Konpresè" a

👉🏼Fignolé te gen yon fòs diskou estrawòdinè. Depi l pale, li te kapab fè plizyè dizèn milye moun desann nan lari anmenmtan pou bloke kapital la oubyen fè presyon sou gouvènman yo. Se sa yo te rele « Woulo konpresè a ». Li te vin tounen lidè pèp la te pi renmen, men tou, moun elit yo ak lame a te plis pè.

3. Sèlman 19 jou sou pouvwa a (1957)

👉🏼Nan lanne 1957, peyi a t ap travèse yon gwo kriz. Pou kalme lari a ki t ap bouyi, yo chwazi Daniel Fignolé kòm prezidan pwovizwa le 25 me 1957.

👉🏼Rivel sou pouvwa a, li deside ogmante salè travayè yo epi chanje fason lame a t ap fonksyone. Lame a ak gouvènman ameriken an te pè pou l pa t tounen yon lidè goch (kominis).

👉🏼Koudeta a : Aprè sèlman 19 jou (14 jen 1957), jeneral Antonio Kébreau, moun Fignolé te fè konfyans lan, fè yon koudeta sou li nan mitan lannwit. Yo arete l, fòse l siyen yon lèt demisyon, epi mete l nan avyon pou voye l an egzil Ozetazini. Lame a te kraze manifestasyon moun ki t ap mande retou li nan lari Port-au-Prince.

4. Egzil ak lanmò (1957-1986)

👉🏼Fignolé pase 29 lanne nan egzil nan peyi Etazini pandan tout tan rejim Duvalier yo. Li te retounen an Ayiti an fevriye 1986 aprè depa Jean-Claude Duvalier, epi li mouri kèk mwa apre sa (27 out 1986).
Sa pou n kenbe : Istwa Daniel Fignolé se senbòl yon gwo espwa pèp la te genyen ki te kase bridsoukou. Li montre kijan mouvman popilè yo an Ayiti te toujou jwenn gwo barikad nan men lame, oligachi a, ak fòs etranje yo.
------
👉🏼Source documentaire :
Les archives du Département d'État américain (Foreign Relations of the United States, 1955–1957, Volume VI).
---------------

🇭🇹

Pa bliye abòne ak paj la pou plis enfo sou Ayiti cheri 🇭🇹❤️

Elèv, etidyan ak tout moun ki enterese, ka poze kesyon nan kòmantè yo pou pi byen konprann istwa peyi a.

26/05/2026

HAÏTI 1979 : Ann gade ki fanm ak ki nèg ki te gran flannèz ou gwo jèn jan nan epòk sa😂 : kiyès ki te konn pran randevou, taye banda ak menaj yo nan « Pizza King » (Angle Rue Pavée et Rue du Centre) nan epòk sa ?

Pa ezite pataje souvni pa w la ak nou please🍕🇭🇹😂

------------
🇭🇹

Pa bliye abòne ak paj la pou plis bèl enfo sou Ayiti cheri 🇭🇹❤️

Elèv, etidyan ak tout moun ki enterese, ka poze kesyon nan kòmantè yo pou pi byen konprann istwa peyi a.

26/05/2026

Haïti aux mains de ses enfants : c'est notre terre qui sauvera notre terre 👍🇭🇹 ! Unissons nos forces plutôt que de nous détruire👎) !

🇭🇹
-------------------

Pa bliye abòne ak paj la pou plis bèl koze sou Ayiti cheri 🇭🇹

Institution Mixte Apocalypse sur TikTok 26/05/2026

Rapèl : nou sou TikTok tou. Pa bliye rejwenn nou pou plis bèl koze sou Ayiti cheri 🇭🇹.
👇👇👇👇👇

Institution Mixte Apocalypse sur TikTok .mixte08 72 abonnés, 5 abonnements, 313 j'aime - Regarde des vidéos courtes géniales créées par Institution Mixte Apocalypse

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

Croix-des-Missions, Haïti, Tel. (509) 39364753/+33 7587365
Port-au-Prince
HT6110