16/11/2025
Anpil fwa nou itilize bagay yo san konesans, sitou pou nou menm ayisyen ki gade sou bote san nou pa chache konnen efikasite l.
Koulè ou wè sou pò USB yo (tankou sou òdinatè w lan oswa televizyon w lan) se pa pou dekorasyon sèlman. Se yon kòd ki di ou ki vitès transfè done pò sa a ka ba ou, e pafwa, ki lòt fonksyon li genyen.
Koulè sa yo montre ou jan pò a rapid pou pase enfòmasyon (tankou foto, mizik, oswa dosye):
⚫ koulè Nwa (USB 2.0):
Se pò tout moun konnen an. Li rapid ase pou bagay ki pa bezwen gwo vitès tankou souri, klavye, enprimant, oswa yon ti kle USB ki pa twò lou. Vitès li se anviwon 480 Mbps.
🔵 koulè Ble (USB 3.0 / 5 Gbps):
Sa a se yon pò pi rapid pase sa ki nwa a. Li rele SuperSpeed. Li bon anpil pou disk di ekstèn (external hard drive) ak gwo kle USB ki bezwen pase anpil done vit. Vitès li se anviwon 5 Giga pou chak segonn (Gbps).
🔴Wouj (USB 3.1, 3.2 ak pi rapid):
Koulè sa a se pò ki pi rapid nan tout. Si ou bezwen pase yon gwo kantite dosye trè vit, tankou lè w ap travay ak videyo 4K, lè w ap travay sou gwo lojisyèl, se sou youn nan pò sa yo ou dwe branche aparèy ou an. Yo ka rive nan 10 Gbps jiska 20 Gbps.
🟡🟠 Jòn oswa Oranj (Always On / Toujou Limen):
Koulè sa yo vle di pò sa a toujou gen kouran, menm lè ou fèmen òdinatè a (lè l nan standby). Se yo ki pi bon pou chaje telefòn oswa tablèt ou san ou pa bezwen limen òdinatè a nèt. Koulè sa yo plis efikas nan chaje aparèy ke nan transfere done
Kòman w te konn itilize yo ?