Bsea/Enf

Bsea/Enf Organe du Ministère de l'Education nationale et de la formation professionnelle, responsable de la lutte contre l'analphabétisme.

Klas Alfabetizasyon kòmanse fonksyone nan komin Dèlma. Yon delegasyon Bsea/Enf t al vizite sant k ap travay nan lokal Be...
15/04/2026

Klas Alfabetizasyon kòmanse fonksyone nan komin Dèlma. Yon delegasyon Bsea/Enf t al vizite sant k ap travay nan lokal Best Time Communication.

Fòmasyon an te fèt sou divès modil tankou : Òtograf Kreyòl, Andragoji, Animasyon, Teknik lekti ak ekriti, Sansibilizasyo...
16/03/2026

Fòmasyon an te fèt sou divès modil tankou : Òtograf Kreyòl, Andragoji, Animasyon, Teknik lekti ak ekriti, Sansibilizasyon ak sou materyèl didaktik yo, liv pofesè a « Anseye » - liv aprenan yo « Aprann I », « Aprann II. Nan twazyèm jou fòmasyon an, patisipan yo te travay an atelye epi yo te fè kèk seyans similasyon, yon fason pou fòmatè yo ka wè kòman patisipan yo pral travay nan klas alfabetizasyon yo.

Nan dènye jou fòmasyon an, Teknisyen fòmatè yo te evalye patisipan yo. Patisipan ki fè 60 pwen sou san ap kapab ouvri sant alfabetizasyon.

Ministère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes Ministère du Tourisme d’Haïti

SEMINÈ FÒMASYONBiwo Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an òganize twa (3) jounen fòmasyon, 13, 14, 15 mas 2025 pou desan...
16/03/2026

SEMINÈ FÒMASYON

Biwo Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an òganize twa (3) jounen fòmasyon, 13, 14, 15 mas 2025 pou desan kenz (215) kandida monitè ak sipèvizè nan komin Dèlma, apre l te fin lanse Pwogram Alfabetizasyon an nan komin nan, an prezans mesye Ecclésiaste Thélémaque, reprezantan Minis Edikasyon Nasyonal la, Mesye Vijonet Déméro epi an prezans Madame Guerlande Brutus Delly, reprezantan Majistra Délma a, Mesye Wilson Jeudy.

MENFP HAITI Officiel Ministère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes Mozart Clerisson

LANSMAN PWOGRAM ALFABETIZASYON NAN KOMIN DÈLMAVandredi 13 mas 2025 lan a 10è tapan, nan lokal Lise Nasyonal ‘’Horatius L...
16/03/2026

LANSMAN PWOGRAM ALFABETIZASYON NAN KOMIN DÈLMA

Vandredi 13 mas 2025 lan a 10è tapan, nan lokal Lise Nasyonal ‘’Horatius Laventure’’, Biwo Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon lanse Pwogram Alfabetizasyon an nan komin Dèlma. Lansman an fèt an prezans Mesye Ecclésiaste Thélémaque, direktè Kabinè Minis Edikasyon Nasyonal la Mesye Vijonet Déméro, se li ki te reprezante l; an prezans Madame Guerlande Brutus Delly, reprezantan Majistra Délma a, Mesye Wilson Jeudy, epi an prezans Mesye Dady Charles Direktè Lise a ansanm ak kèk kad Ministè Edikasyon Nasyonal ak Meri Dèlma.

Primature de la République d'Haïti Présidence d'Haïti UNESCO Ministère de la Justice et de la Sécurité Publique MENFP HAITI Officiel

Komemorasyon jounen entènasyonal dwa fanm nan Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon nan okazyon 8 mas la.
09/03/2026

Komemorasyon jounen entènasyonal dwa fanm nan Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon nan okazyon 8 mas la.

𝐌𝐄𝐍𝐅𝐏/𝐁𝐒𝐄-𝐀𝐄𝐍𝐅: 𝐒𝐢𝐲𝐚𝐭𝐢 𝐏𝐨𝐭𝐨𝐤ò𝐥 𝐀𝐤ò 𝐆𝐫𝐚𝐭𝐢𝐟𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐤 𝐦𝐨𝐧𝐢𝐭è 𝐀𝐥𝐟𝐚, 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐦𝐢𝐧 𝐏𝐞𝐭𝐲𝐨𝐧𝐯𝐢𝐥Lendi 12 Janvye 2026 la, Sekretè d E...
14/01/2026

𝐌𝐄𝐍𝐅𝐏/𝐁𝐒𝐄-𝐀𝐄𝐍𝐅: 𝐒𝐢𝐲𝐚𝐭𝐢 𝐏𝐨𝐭𝐨𝐤ò𝐥 𝐀𝐤ò 𝐆𝐫𝐚𝐭𝐢𝐟𝐢𝐤𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐤 𝐦𝐨𝐧𝐢𝐭è 𝐀𝐥𝐟𝐚, 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐦𝐢𝐧 𝐏𝐞𝐭𝐲𝐨𝐧𝐯𝐢𝐥

Lendi 12 Janvye 2026 la, Sekretè d Eta pou
Alfabetizasyon, Me Mozart Clerisson, siyen Potokòl Akò Gratifikasyon ak 14 monitè k ap travay nan sant alfabetizasyon nan komin Petvonvil. Siyati akò sa a fèt aprè plizyè vizit sipèvizyon teknisyen BSEA yo fè nan sant sa yo. Potokol Akò Gratifikasyon an bay detay sou reskonsablite monitè yo genyen epi sou reskonsablite Biwo Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an genyen, epi li presize frè lajan monitè yo ap jwenn apre evalyasyon patisipan yo ki fin pase 6 mwa nan sant Alfabetizasyon an.

Radio Television Caraibes Fonds National de l’Éducation - FNE Primature de la République d'Haïti Ministère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes MENFP HAITI Officiel Bsea/Enf Mozart Clerisson

MENFP/BSE-AENF: Bilan reyalizasyon BSEA26 Out 2025-26 Desanm 2025 fè 4 mwa depi Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon an,Mesy...
31/12/2025

MENFP/BSE-AENF: Bilan reyalizasyon BSEA

26 Out 2025-26 Desanm 2025 fè 4 mwa depi Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon an,Mesye Mozart Clérisson, ap dirije biwo Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon ak Edikasyon Nonfomèl la.

Men bilan aktivite biwo a pandan 4 mwa sa yo :

● Selebrasyon Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon an 8 Sektanm 2025

● Lansman pwogram alfabetizasyon nan Peyonvil nan dat 10 Sektanm 2025

● Reyalizasyon fòmasyon fòmatè nan teknik alfabetizasyon pou plis pase 65 manm pèsonèl Biwo Santral nan dat 11 al pou 17 Sektanm 2025

● Seyans fòmasyon pou plis pase 200 ajan alfabetizasyon nan Lise Petyonvil ant 17 pou rive 19 Sektanm 2025

● Reyalizasyon premye misyon Biwo SEAEN nan nan nivo depatman yo, depatman Nòdès, nan dat 28 Sektanm pou 4 Oktòb 2025 lan apati yon envitasyon Minis Augustin Antoine te fè Sekretè d Eta a ppu li t al patisipe nan aktivite ouvèti ofisyèl ane lekòl 2025-2026 la. Nan kad misyon sa a, nou te tou reyalize fòmasyon nan teknik alfabetizasyon pou 225 ajan alfabetizasyon nan Fòlibète ak 250 ajan alfabetizasyon nan komin Mamlad

● Selebrasyon premye edisyon jounen patenarya nan domèn alfabetizasyon nan peyi d Ayiti nan dat 27 Oktòb 2025

● Patisipasyon BSEA nan selebrasyon 42zyèm jounen entènasyonal Lang kreyòl ak Kilti kreyòl la sou envitasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan dat nan dat 28 Oktòb 2025

● Lansman premye edisyon konkou literè pou elèv Ns4 sou enpòtans Batay Vètyè a genyen pou nou menm pèp ayisyen jounen jodi a nan dat 6 Novanm 2025. Se yon aktivite BSEA ap reyalize nan tètansanm ak Akademi Kreyòl Ayisyen

● Reyalizasyon yon gwo toune nan rejyon Gran Sid la, nan peryòd 20 Novanm pou rive 30 Novanm 2025 kote nou fè fòmasyon pou :
1) 210 monitè ak sipèvizè nan komin Jeremi (22- 24 NOV 2025)

2) 136 monitè ak sipèvizè nan komin Pestèl (22-24 NOV 2025)

3) 255 monitè ak sipèvizè nan komin Okay (25-27 NOV 2025)

4) 310 monitè ak sipèvizè nan komin Jakmèl (28-30 NOV 2025)

● Reyalizasyon yon misyon nan Depatman Sant, fòmasyon pou plis pase 435 ajan alfabetizasyon nan peryòd 12 al pou 17 Desanm 2025

Remak: Dapre ansanm done ki disponib nan Biwo a, nou deja resevwa plis pase 2500 fich depistaj ki genyen non ak divès enfòmasyon sou plis pase 50 000 analfabèt ki fè konnen yo dakò pou yo vin aprann li ak ekri nan klas alfa nou pral louvri nan kòmansman mwa Janvye 2026 la.

ALFABETIZASYON AN P AP KANPE!

Fonds National de l’Éducation - FNE Primature de la République d'Haïti Ministère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes MENFP HAITI Officiel Mozart Clerisson Bsea/Enf Radio Television Caraibes

Samdi 13 desanm 2025 lan, Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon an Me Mozart CLERISSON lanse operasyon  Alfabetizasyon nan de...
23/12/2025

Samdi 13 desanm 2025 lan, Sekretè d Eta pou Alfabetizasyon an Me Mozart CLERISSON lanse operasyon Alfabetizasyon nan depatman Sant. Lansman sa a fèt nan lise Chalmay Paral an prezans otorite vil la ak Kòdonatè depatmantal Alfabetizasyon an.

Nan peryòd 12 al pou 17 Desanm nou reyalizeyon misyon nan Depatman Sant kote ekip la rive fòme plis pase 435 ajan alfabetizasyon nan komin Ench sèlman. Ajan alfabetizasyon sa yo te soti nan plizyè komin nan Depatman Sant lan.

MENFP/SEA-ENF : Fòmasyon pou monitè ak sipèvizè  Alfabetizasyon nan SidèsTousuit apre lansman an te fin fèt, seminè fòma...
01/12/2025

MENFP/SEA-ENF : Fòmasyon pou monitè ak sipèvizè Alfabetizasyon nan Sidès

Tousuit apre lansman an te fin fèt, seminè fòmasyon pou kandida monitè ak sipèvizè ki pral gen pou yo mete men nan travay montre moun li ak ekri a te kòmanse nan Lise Penchina. Seminè fòmasyon an te dire 3 jou: 28, 29, 30 novanm 2025.

Mozart ClerissonBsea/EnfPrimature de la République d'HaïtiFonds National de l’Éducation - FNEMENFP HAITI OfficielMinistère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes

MENFP/SEA-ENF : Lansman Operasyon Alfabetizasyon nan SidèsSelon planifikasyon Biwo Sekreteri d Eta a te fè, li lanse Ope...
01/12/2025

MENFP/SEA-ENF : Lansman Operasyon Alfabetizasyon nan Sidès

Selon planifikasyon Biwo Sekreteri d Eta a te fè, li lanse Operasyon Alfabetizasyon an nan Gran Sid la nan semèn 24 rive 30 novanm 2025 lan. Depatman Sidès la se twazyèm depatman kote Sekretè d Eta a fè lansman Operasyon Alfabetizasyon. Konsa, vandredi 28 novanm 2025 lan, nan Sant Konvansyon vil Jakmèl la, a 11è nan maten, Sekretè d Eta a Mozart Clérisson fè lansman Operasyon Alfabetizasyon an pou depatman Sidès. Lansman an fèt an prezans Majistra vil la, Madam Lourdie César, Delege a, mesye Jude Michel Pierre Lafontant ak Kòdonatè Alfabetizasyon pou depatman an, mesye Frantzy Clermont.

ALFABETIZASYON P AP KANPE!

MENFP HAITI Officiel Primature de la République d'HaïtiFonds National de l’Éducation - FNEMozart ClerissonBsea/Enf

MENFP/SEA-ENF : Lansman ofisyèl Operasyon Alfabetizasyon nan depatman SidSekreteri d Eta pou Alfabetizasyon ak Edikasyon...
25/11/2025

MENFP/SEA-ENF : Lansman ofisyèl Operasyon Alfabetizasyon nan depatman Sid

Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon ak Edikasyon Nonfomèl (SEA-ENF) lanse Operasyon Alfabetizasyon nan depatman Sid la jodi madi 25 novanm 2025 lan vè 11 è nan maten. Seremoni an
fèt nan Konplèks Administratif Okay la an prezans prensipal otorite lokal yo nan vil la tankou delege depatmantal Sid la, mesve Charles Linz Cole ak 2 lot Vis delege.

Nan menm jounen 25 novanm nan, vè 2è konsa, nan menm lokal Konplèks Administratif vil Okay la, BSEA prevwa lanse seri fomasyon pou kandida monitè ak sipèvizè ki pral gen pou travay nan sant alfabetizasyon yo.

Adresse

10 Angle Rue Gabard Et Rebecca
Pétionville
HT6140

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 16:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bsea/Enf publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager