13/10/2022
Nan yon kontèks patikilye
Pou yon lokalite ki te avitaminoz sa
Kote anvi aprann
Anvi mete kichòy nan tèt
Te manifeste nan lespri anpil jèn
Ant anvi ak pa ka jwenn
Se konsa anba zye n
Nou t ap gade rèv yo
K ap kalsine chak jou ki pase
Men sa pa te ale pi lwen.
Yon gwoup jèn gason ak fanm, Bwadlorensyen (èn) ki konsyan de reyalite an te jije bon pou mete yon lekòl pwofesyonèl sou pye batize sou non CEFOPAB( Centre de Formation Professionnelle Appliquée de Bois-de-Laurence) nan lide :
- Pou fasilite pitit zòn nan ak lòt zòn avwazinant yo aprann yon metye manyèl, ki se yon zouti k ap ede yo reyisi nan lavi yo.
- Pou redui nivo delenkans la ki pa sispann ogmante chak jou nan kominote an.
- Pou konbat femonèn migrasyon riral (egzòd riral) la ki pa sispann taye banda.
- Toujou nan lide pou fè pwomosyon pou chanjman ak devlopman yon lòt kategori klas jèn nan sosyete a.
Nan sans sa, nou konseye tout paran, sitwayen konsekan mennen timoun yo aprann yon metye nan CEFOPAB, ki petèt ka se inik zam timoun sa va genyen pou l konbat ak lavi.
CEFOPAB, yon lekòl ki angaje l nan fè pwomosyon pou chanjman, devlopman, pwogrè ak emansipasyon yon lòt jenès pou yon nouvèl sosyete.