12/06/2026
🇭🇹⚽️ MESAJ OFISYÈL SIPÒ POU GRENADYE YO ⚽️🇭🇹
Nan moman istorik sa a pou foutbòl ayisyen an, Universe School US vle eksprime tout sipò li, tout admirasyon li ak tout ankourajman li bay ekip nasyonal Ayiti a.
Nou konnen chak jwè ap pote sou zepòl li rèv plis pase 12 milyon Ayisyen, kit yo lakay kit yo nan dyaspora. Nou ankouraje nou pou nou jwe ak kouraj, disiplin, detèminasyon ak lanmou pou drapo nou an.
Pa janm bliye ke dèyè nou gen yon pèp ki kwè nan nou, yon pèp ki fyè de nou, yon pèp ki espere wè koulè ble ak wouj yo briye devan lemonn antye.
Jodi a, nou pa sèlman reprezante yon ekip. Nou reprezante yon nasyon. Nou reprezante yon istwa. Nou reprezante yon avni.
, !
Ke chak pas, chak kous, chak gòl ak chak viktwa fè fyète Ayiti monte pi wo toujou.
🇭🇹 Yon sèl pèp, yon sèl drapo, yon sèl objektif : fè Ayiti briye!
Avèk respè ak fyète,
📧 [email protected]
🌐 universeschoolus.org
Wilguentz LOUIS, English teacher, Certified Haïtian creole Interpreter
Wilguentz Global Holdings WGH
Blessed Wing Technology
🇭🇹⚽🔥