28/10/2025
Association Zanmi Agrikol se yon òganizasyon ayisyen ki angaje nan batay pou ranfòse sekirite alimantè ak ankouraje agrikilti dirab atravè fòmasyon ak inisyativ devlopman nan kominote yo.
Nan Centre de Formation Fritz Lafontant, nou fòme jèn agrikiltè ki gen pasyon pou chanjman, epi nou ankouraje yo pou yo vin antreprenè agrikòl kapab kreye opòtinite ak jenere revni nan peyi a.
Dènye semèn yo, etidyan 6èm pwomosyon an te gen chans patisipe nan yon staj nan depatman Nòdès, an kolaborasyon ak ACM (Association Chelaine du Millénaire). Yon eksperyans ekstraòdinè ki pèmèt yo mete an pratik tout sa yo aprann pandan fòmasyon an.
Nou di yon gwo MÈSI ak ACM e HDI pou bèl kolaborasyon sa a, e BRAVO ak tout etidyan nou yo pou detèminasyon yo ak devouman yo.
Ansanm, n’ap kontinye bati yon jenerasyon jèn k’ap travay pou yon Ayiti ki nouri tèt li.
____________________________________________________
Association Zanmi Agrikol is a Haitian organization committed to strengthening food security and promoting sustainable agriculture through training and community development initiatives.
At the Centre de Formation Fritz Lafontant, we train young farmers who are passionate about change and encourage them to become agricultural entrepreneurs capable of creating opportunities and generating income in their communities.
Recently, the students of the 6th promotion had the opportunity to take part in an internship in the North-East Department, in collaboration with ACM (Association Chelaine du Millénaire).
It was an extraordinary experience that allowed them to put into practice everything they learned during their training.
We extend a big THANK YOU to ACM and HDI for this wonderful collaboration, and CONGRATULATIONS to all our students for their determination and dedication.
Together, we continue to build a generation of young people working for a self-sufficient Haiti.
___________________________________________________
Association Zanmi Agrikol est une organisation haïtienne engagée dans la lutte pour le renforcement de la sécurité alimentaire et la promotion d’une agriculture durable à travers la formation et des initiatives de développement communautaire.
Au Centre de Formation Fritz Lafontant, nous formons de jeunes agriculteurs passionnés par le changement et nous les encourageons à devenir entrepreneurs agricoles, capables de créer des opportunités et de générer des revenus dans leurs communautés.
Dernièrement, les étudiants de la 6e promotion ont eu la chance de participer à un stage dans le département du Nord-Est, en collaboration avec l’ACM (Association Chelaine du Millénaire).
Une expérience extraordinaire qui leur a permis de mettre en pratique tout ce qu’ils ont appris pendant leur formation.
Nous adressons un grand MERCI à l’ACM et HDI pour cette belle collaboration, et FÉLICITATIONS à tous nos étudiants pour leur détermination et leur engagement.
Ensemble, nous continuons à bâtir une génération de jeunes qui œuvrent pour une Haïti autosuffisante.
contact : [email protected]
Following
Tout le monde en parle