21/07/2024
Pa ka dòmi byen
Propaje yon ide devlopman
Promouvoir une idee de developpement.
21/07/2024
Pa ka dòmi byen
POUR LE PLUS GRAND BIEN DE LA NATION, PARTAGER LE PLUS QUE POSSIBLE.
AMIGA - Plate-forme Nouvelle Génération d'Haïti Vision 2050 (NGH)
Appel à la Génération émergente
Profitons de la situation actuelle du pays: pauvreté extrème, insécurité généralisée, corruption, méfiance entre les acteurs, l'injustice sociale, l'ignorance. C'est entre autre le bilan du leadership de 1986 à nos jours, pour:
a)Construire notre leadership
sur le cours terme: constituons une force de pression à travers des structures organisées sur tout le territoire national pour influencer les actions politiques;
b) sur le moyen et le long terme: batissons un projet national de construction d'Haïti, prenons le pouvoir politique et l'administration publique pour imposer notre leadership et exécuter notre projet.
Au cas contraire le pire nous frappe bientôt à la porte et la nation marche droit vers la disparition.
Rejoignez-nous sur facebook à l'adresse: Nouvelle Génération d'Haïti Vision 2050
NÒT POU LAPRÈS
Okay, jou ki 30 Oktòb 2019 la
Nouvèl Jenerasyon Dayiti Vizyon 2050, ki se angajman AMIGA, yon asosyasyon sosyo-profesyonèl ak lot kad teknik k'ap reflechi sou sityasyon peyi a. Se yon vizyon devlopman dirab Ayiti sou omwen de (2) jenerasyon:
1- Jenerasyon tranzisyon, k'ap jete baz devlopman apati yon refòm nan: jistis, edikasyon, agrikilti, sante elatiye ...
2- Jenerasyon timoun ki gen ant dis(10) a kenz(15) lane yo ki pral fè vrè devlopman.
Nouvèl jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 mete chapol byen ba pou salye kouray pèp Ayisyen an nan moman difisil sa l ap travèse, e profite voye senpati li bay tout moun ak fanmiy ki viktim nan lit ke yap mennen an.
Nouvèl Jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 ap konstate 215 lane aprè kreyasyon nasyon an, epi 108 lane aprè lanmo Antenor Firmin, yon vanyan gason ki limenm tout lap lite kont tout sa pep Ayisyen an ap batay jounen jodia tankou : enjistis, mizè, enstabilite politik, inyorans elatriye,
Nouvèl Jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 ap konstate108 lane aprè non sèlman problem sa yo toujou la, men yo vin pi rèd avèk miltiplikasyon popilasyon an epi move dirijan atoufè ki rive sou pouvwa politik la nan sèl objektif anrichi tèt yo ak ti klan nan mafia ekonomik ki mete yo sou pouvwa.
Nouvèl jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 konstate depi 6, 7 jiyè 2018 pèp Ayisyen nan lari pou revandike pi bon kondisyon lavi epi denonse zak koripsyon ki enstitisyonalize depi kek deseni e ki vin pi mal sou gouvènman saa ak Jovenel Moise nan tèt li kom prezidan.
Poutan nan dènye jou sa yo, sa vin pi rèd, peyi lòk depi plis pas 7 semèn san otorite, tankou yon bato san gouvènay, ensekirite vin règ, lavi chè se pa pale, lekòl sou 3 mwa san louvri, pòt lopital fèmen, pa gen gaz, ekonomi peyi a fèmen, moun ap pèdi travay yo, wout koupe tout kote.
Anfen Nouvèl Jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 kwe ke peyi a pa ka desann pi ba ke sa ankò. A chak fwa prezidan pale, pèp la move pi rèd, se prèv ke li pèdi tout otorite l kòm chèf leta , tout fòs viv nasyon an mande l’ fè yon kraze kite sa, li pran pretèks l ap fè refòm sistèm konwonpi ki te mete l sou pouvwa epi pa janm sispann mande dyalòg demagòg pou fe tan pase, pandan plizyè milyon moun ap soufri sou pretèks li gen sipò entènasyonal.
Nouvèl Jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 konstate, opozisyon demokratik , radikal la an mil mòso konpoze an majorite avèk disidan tèt kale ki trayi, oubyen ki asosye ak yon ti klan mafia ekonomik lan, kèlkeswa jan sa ye, gen yon gwoup k ap ladan kanmèm, jan sa toujou ye depi 215 lane, pou malè pèp la, egosantrik, konfyans ki pa genyen ant yo fè pa ka gen yon lide ak yon sèl pwojè, ki anonse batay ki pral genyen pou pouvwa aprè Jovenel. Sa ki te konn fè avan yo ki riske repete. Nan yon leta san otorite, yon sosyete ki livre a li menm, ki pozisyon jenerasyon emèjan ta dwe adopte ?
Atanke jenerasyon k ap vini, nou se prensipal viktim move pratik nan leta, ak absans politik adapte pou amelyore kondisyon vi pèp la depi 1986 pou rive jounen jodi a, ki lakòz anpil nan nou kite peyi a. Yon gran kantite tonbe nan kriminalite , nan dwòg ak pwostitisyon sa nou relève vann la a. Alòske nou se fòs viv peyi a.
Nouvèl Jenerasyon Dayiti Vizyon 2050 ap salye tout estrikti jèn ki deside itilize teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo (REZO SOSYO), pou denonse koripsyon epi move pratik nan leta, fè revandikasyon yo pase jis rive sou beton an. Ki fè tout medya konstate l ke majorite moun k'ap foule beton an se jèn ant 14 pou rive 35 lane. N'ap felisite kòmansman revèy sa nan jenerasyon k'ap vini an. Epi n ap di yo batay la pa dwe fini aprè demisyon Jovenel Moise, okontrè, nou dwe vijilan sou fason nouvo gouvènman pral mennen bak peyi a pou evite yon nouvo pataj gato.
Se pou sa, nou dwe fè kò ak estrikti òganize pou konstwi yon pwojè komen sou ki oryantasyon n ap bay leta a, nou menm, kontwi yon fòs pou bay presyon ak otorite nan tranzisyon an. Pandan n ap tou panse peyi a sou lontèm, pou n pa al tatone ankò jan sa fèt gen deja depi 215 lane, lè sa a n a rejwenn ideyal Anthénor Firmin an, epi zansèt nou yo ki te kwè nan rèv yon teritwa lib kote se nèg k ap dirije an granmoun.
Viv kontriksyon Ayiti apati yon pwojè komen sou plizyè jenerasyon !
Moun ki siyen :
Sujet d'actualité : kob petrokaribe. Kisa NGH vision 2050 di?
19/06/2018
Séminaire d'orientation professionnelle organisée à Camp-Perrin par l'AMIGA le samedi 09 juin 2018 pour les jeunes de la Terminale II des différentes écoles de la place. Les jeunes étaient non seulement mobilisés mais, attentifs aussi.
12/06/2018
06/05/2018
Pays de Merde:Voici l'explication du Pr Ablegue Adje, de l'Université de Facetown, "QU'EST-CE QU'UN PAYS DE M***E?" Arrêter de dire que Trump vous a insultés. Il n'a fait que dire ce que votre hypocrisie refuse d'admettre depuis longtemps. Un étude pointue du Pr Ablegue Adje, de l'Université de Facetown, sur une thématique tout aussi