04/05/2024
LANMOU DEPAFINI
Anpil moun toujou wè lanmou se bèl bagay ki soti nan syèl, nan tèt koulout papa letènèl, nan ren mouche sen Valenten. Hum nonm sa fè anpil koup pyese ak krache rive kraze chak 14 fevriye nan pa rive woule tèt tete bawon choko, lala...
Siwo danmou an pèdi fèy zòrèy li pou anpil moun depi lè yo te fin sèmante non podyab simante yo nan pye pawòl sa: " mwen livre tèt mwen ba ou pou toufounen nètale ".
Apre pwomès fidelite sa nègès yo vin reyalize lakay besti danfans sa yo te renmen ale a si yo pèsiste kalòt ka trangle yo nan al bwè dlo gerizon kay besti a...
Menm si lamama ta malad yo pa ka janbe gran chimen al wè li si papa plètil la pa la pou li travèse yo rivyè a epi fè pòs kote yo jouktan drapo lapawòl yo a fin monte nan lekòl lafanmi an.
Relasyon sa ki ta dwe yon parapli elas fè figi fi an tanmen pouse pli ! Koze al danse latino a fini se chita lakizin, bwè tas kafe lafimen, veye sou timoun si granmèt la bay chans, osinon gade gwo Jewòm k ap pete eskonbrit nan jwe domino ak koule gwòg ak besto legal parèy li yo, e ansuit soti pou l al flite marengwen femèl k ap vole nan kanton an.
Nan plas po ak zo se zo blayi sou vyann.
Konsèy: Bonjan lanmou an sipoze yon pwolonjman de tout bèl vi ou te konn mennen anvan yo. Se pou sa Rafrechi Nanm Ou ap konseye w mete kondisyon yo sou tab la anvan w al retire rad ou sou tab galèt larivyè relasyon pou move san pa gonfle w. Mesye aprann fè madanm nou viv ak kè kontan nan respekte libète yo genyen pou yo pale ak fanmi, besti yo, e ansuit soti al chèche lavi bay tèt yo. Vi ankoup la pa dwe yon batwèl k ap miyonnen figi yo vire tounen, ni yon fil tisiye nan kou yo.
Ekri20: Edgy Florial
Mànken: Keem Chatel
Kolabo: Cethide Joseph & Smith Florial
.