17/10/2020
17 oktòb 1806-17 oktòb 2020 deja 214 lane depi kolon yo te asasinen papa nasyon an pou yon gro batay li te lanse depi nan fen 18è syèk lan pou te rann ayiti souveren sou tout fòm,pami yo souverènte alimantè paske aprè endepans nou, li te mete sou pye yon politik agrikòl ki te chita sou pilye sa yo:
✓Prodwi bon jan kalite manje pou tout moun.
✓Proteje ak amenaje anvironman peyi dayiti.
✓Koupe fache ak ''morcellement des espaces cultivées".
✓ Pa chita Sou menm chèz ak movèz distribisyon tè.
Ferme Paysanne de Ferme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPAD bò kote pal ki genyen yon filozofi nan djakout li yon filozofi ak plan travay ki koupe tèt kole ak sa Desalin tap klèronnen byen fò ak lanbi libète,lanbi chanjman nan zòrèy tout kolon ak "arnacho-popilus" nan epòk lan.Nou pataje tristès lanmò sa ak tout pitit Desalin kap soufri jounen jodia sou tout fòm espesyalman pou jwenn manje ki fèt nan bon kondisyon ak an kantite nan peyi a pou pèp la manje pandan lap raple nou ak tout dirijan peyi a, li lè li tan pou nou sispann taye banda ak grangou ak manje ki fèt nan mal site paske zansèt yo an patikilye papa nou pat goumen pou sa ;yo te goumen pou jodia nou granmoun tèt nou,pou nou lib nou sonje deklarasyon sa wi :"depi yon moun pile bout tè sa li lib"hmmmmmm sa vle di anpil bagay pi gro bagay ki ka penmèt yon nonm ou yon kominote ou yon peyi lib se lè li ka bay tèt li manje nan sans sa FEPAD deklare jodia yon jounen refleksyon k'ap fèt nan lokal fèm lan e pral pran fen sou radyo bilio 90.1 fm(komin janrabèl) kap chita Sou:
✓Janrabèl fas ak souverènte alimantè.
✓politik agrikòl Desalin e opòtinite pou devlope sektè agrikòl la nan janrabèl.
Kolon yo te konn chwazi lè pou nou manje,Jan pou nou manje ak kisa pou nou manje, jodia yon lòt fwa nou di non!
Nou pap bay legen nan batay souverènte alimantè a viktwa final la se pou pèp.
23/08/2020
Bon sole janrabèl,Bon sole nòdwès,Bon sole ayiti,Bon sole tout eritye moso tè Dessalines lan(nèg yo pranl kòm byen prive yo)!!!.La tempête LAURA traverse quelques régions à travers le pays, qui entrainne de la pluie avec des précipitations moyennes et des fortes vents pour une durée très courte;la Ferme Paysanne de Ferme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPAD reste toujours solidaire avec les agriculteurs rabélois et profite cette même occasion encore une autre fois pour augementer la motivation de la vigilance au près de la population.aprè tout deregleman ki ta kapab genyen nan atmosfè a dezast yo ap kapab prezante sou yon fòm oubyen yon lòt nan yon peryòd byen detèmine ,depan de kote ou pozisyone sou planèt la, Pou fè fas ak nou menm moun men se nou ki pou plase tèt nou epi gonfle ponyèt nou pou nou goumen ak yo, men pri gro zam nou se solidarite,vijilans,pridans pou nou goumen fas yon anvironman ki fin kraze,desidè nou yo lage nou poun goumen de bra pandje ki gen gro zam tankou: Inondasyon, tanpèt,deboulonnman tèren,elatriye antouka dekaje nou poun genyen gè a aprè peryòd la fini poun pa kriye pa bliye nou se David, Itilize ti zam nou yo ak tan poun kraze yon anvironman Golyat, malsen,yon anvironman ki fin granmoun yo met an fas nou,antouka Bondye gran kel toujou ban nou sekirite sou tout fòm pa bay legen nan batay la viktwa final la se pou nou depi nou goumen byen!
FEPAD/BELONY Makenson Ing-Agr,PDG!
"Rendez-vous au sommet" ak anpil enèji!!!
20/03/2020
Jodia ayiti trouvel nan yon kafou nou rele kafou tenten,nou nan kafou tenten paske lè nou gade tout lojistik lòt peyi mete pou jere ''Coronavirus" lan mete sou pye pou anpeche viris la prolifere yo pa kapab,lè nou gade kantite enfrastrikti sanitè ki genyen lakay nou,lè nou tande e analize tout reyaksyon desidè nou yo,nou wè vrèman, ayiti trouvel nan kafou tenten e pou nou travèse kafou tenten sa nou ye la jodia, Ferme Paysanne de Ferme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPADFerme Paysanne de Deschamps-FEPAD bò kote pal,mande pou nou regroupe tout enèji nou nan yon sinèji kote ke nap aplike anpil prensip ijyèn tankou:
1)Lave men nou ak dlo ki pwòp e savon(savon lave enpòtan anpil).
2)Dlo kloròks nan tout pwen sansib pou frekante tankou seri pòt.
3) kanpe lwen menm moun ou plis atache avèl la.
4)Rete andedan lakay ou plis lontan posib.
5)chanje fason nou konn salye yo tankou bo,lanmen,akolad elatriye ...
6)lè nap salye fè babay itilize salitasyon long distans.
7)evite manyen bouch ak je souvan.
8)etènue ak touse nan yon mouchwa ki pròp oubyen nan koud nou.
9) Itilize kachne,linèt,gan siw gen ijans pouw frekante anpil moun.
Se ansanm mezi sa yo FEPAD potepou nou,ki pral pèmèt nou travèse nou travèse kafou tenten.
N.B: viris korona pa gen pye pou li mache se moun ki patajel.