Paul Avril firmane

Paul Avril firmane

Partager

Education

14/05/2026

Bonjour tout moun

Matin mwen vi n fè yon ti pale avèw sou kari dantè()

- Saki bay li (koz)
- Saw ka fè pouw evite li
- Kisa ki kari dantè a

Kari dantè se lè yon dan kòmanse gate epi dan vin fè twou

Sa rive paske salte ak s*k rete sou dan, epi yo fè dan a vin fèb jiskaske li ouvè (fè twou).

Koz kari dantè

Manje s*k anpil 🍬: sirèt, soda, ji dous
Pa bwose dan byen: bakteri yo rete sou dan
Bakteri nan bouch: bakteri sa yo fè asid ki kraze dan
Manje souvan sanw pa netwaye bouch: manje kole sou dan

Bwè dlo ki pa gen ase fluor: fluor pwoteje dan

Prevansyon (kijan pou evite kari)

1)Bwose dan 2 fwa pa jou ak pat dantifris ki gen fluor

2)Sèvi ak fil dantè chak jou

3)Diminye manje ak bwason ki gen s*k

4)Bwè anpil dlo 💧

5)Al wè dantis regilyèman (omwen 2 fwa pa ane)

6)Rense bouch apre ou fin manje si ou pa ka bwose touswit

Ti konsèy anplis

Pa dòmi ak bouch sal (san bwose)

Evite manje anvan dòmi

Chanje bwòs dan chak 3 mwa

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Jacmel ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Adresse

Fond Prince
Jacmel
HT9110