Mwa Mas se mwa prentan deklare. Mete nan tè tout sa nou jwenn
Polyculture
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Polyculture, Enseignement supérieur, Sud-est de, Jacmel.
26/08/2022
Sans égoïsme
14/08/2022
10/08/2022
Li epi fè kòmantè
Poukisa yon timoun papa a rekonèt dwe pote sèlman siyati papa li? Poukisa siyati Manman an sil ajoute se kòm prenon? Kijan sosyete a wè timoun ki gen siyati papa yo? Sak fè siyati timoun nan pa ka yon konbinezon siyati papal ak manmanl? Ki konsekans sa genyen lè se manman an ki bay pitit la akt de nesans(déclaration mère)
Mwen pa vin defan feminis ni vin kloure gason sou kwa, men mwen pito wè nesesite pou sosyete a konpran yon timoun pa byen prive manmanl ni vo yon bagay paske se papal ki bal akt de nesans. Timoun yo pran nesans nan inyon 2 fanmi ki se desandan plizyè jenerasyon e ki genyen yon istwa. Gen yon dezekilib ak yon diskriminasyon ki dwe sispan, la lwa pa dwe favorize ni fanm ni gason youn sou lòt, men trete yo pito sou menm baz egalite.
Sosyete nou an, ak konplisite anpil konsevatè matchis, kenbe e ranfòse yon pakèt prejije ki telman fè kò ak sosyete a, nou tèlman fin abitye ak yo nou vin twouve yo natirèl, nòmal paske yo tranmèt de jenerasyon an jenerasyon, alòske sa pito tradwi yon prejije pwofon ke nou minimize. Wap souvan tande mòd diskou sa yo:
-*Se fanm ki gen pitit.
-*Se fanm ki konn papa pitit li.
-*Se manman ki ka pran swen pitit.
-*Se bay yo bay gason pitit.
-*La paternité est un acte de foi.
-*La maternité est certaine.
San nou pa rann nou kont atitid sa yo transfòme fanm otomatikman kòm si yo se pwopriyetè timoun nan, dayè wap tande anpil diskou tankou " se mwen ki te pote li 9 mwa a wi, se mwen ki te pran tout soufrans yo, se mwen ki te pran kout kouto yo wi" e an menm tan deresponsabilize gason e fè yo manke enplike nan vi yon timoun osnon bay yon enpresyon "se si mwen vle", sa te vle di se si gason an vle li ka rekonèt yon timoun, okipel e menm akseptel. Epoutan menm sosyete sa a lè yon timoun pa respekte prensip yo mande li kot papal, lè pitit sa pa nan swen yo mandel kot papal, lè timoun nan manke karaktè yo diw se paskel pat grandi ak papal. Si yo voyel tounen pou lajan lekòl yo mandel kot papal.
Lè yon timoun fèt tout tan papal poko ba li akt de nesans manman an pa trankil paskel pa konnen si papa a ap rekonèt pitit la, e se yon gran mal pou yon timoun kap grandi ki pote siyati manmanl, sosyete a pa wèl menm jan an, gen yon etikèt ki tou kole sou dol. Kisa nou te espere de sosyete a lè se ak tabou sa yo nap viv? Atik 55 a 62 kòd sivil ayisyen di kijan pou akt de nesans yon timoun fèt, atik sa yo mande mofifye, gen ijans pou yon gwo pase men fèt nan kesyon deklarasyon nesans timoun.
Majorite timoun nan peyi Dayiti pote siyati papa yo e youn nan koz yo siyati fanmi manman an pa kite okenn tras, fini pa preske disparèt e si yap eseye retrase orijin timoun sa a li fèt sèlman sou bò fanmi papal. Poukisa nan akt de nesans timoun nan siyati li pa yon konbinezon siyati 2 paran yo? Ekzanp Papa a rele Gerard Jean, Manman an rele Yvenne Luc, yo gen yon pitit ki rele Marc-Henry eben non konplè timoun nan tap: Jean Luc Marc-Henry. Konsa lè timoun sa ap gen pou fè pyès idante nan espas ki ekri SIYATI(NOM) yap ekri siyati konbine papa ak manman timoun sa a e siyati oken nan 2 fanmi yo pap disparèt e parèt diskou* nou te site pi avan yo pa tap menm gen plas yo e anpil prejije tap disparèt nan yon sousi ekilib. Gen fi, selon fanmi li soti, sitou pa rapò ak richès ak pouvwa fanmi fi sa, yo konn klè se siyati fanmi pa yo pitit la ap pote, sa konn fristre gason an, eben sa se yon rezonman ki ka ede nou tou elimine fristrasyon sa tou 2 bò yo. Lè timoun nan gran li gen dwa deside kiyès nan siyati yo lap deside itilize epi lòt la ap rantre nan prenon li, konbyen fanm ki ta renmen pitit yo pote siyati yo, imajine a ki fristrasyon yap viv chak jou san pale.
Si se manman an ki bay pitit la akt de nesans(déclaration mère) se kòm si papa a pa rekonèt pitit la e sa deja se yon pakèt konplikasyon ki pral mande fòk papa ta vin fè yon deklarasyon tadiv osnon yon akt de rekonesans pou timoun e menm ka rive nan kesyon ADN si papa a ta refize rekonèt pitit sa a.
Poukisa pou evite plis mal pi devan, pi bonè se granm maten, kit moun yo marye ou pa li obligatwa ke lopital la otomatikman timoun nan fin fèt fè prelèvman sou papa a pou fè tès ADN pou timoun nan? Nou konnen kantite dega koze kout pitit bay nan sosyete a. Avan lwa 4 jiyè 2014 la, lwa NO 8 sou patènite ak filasyon an sou pitit lejitim osnon sa ki fèt nan maryaj la nan atik 293 kòd sivil la te klè le tout pitit ki fèt nan maryaj se mari a madan marye a ki papal. Men ak lwa jiyè 2014 la gason rale yon souf nan kesyon kout pitit paske a nenpòt ki moman yo ka fè tès ADN e si pitit la pa pou yo yap ka legalman dechaje yo de tout responsabilite e angaje aksyon an jistis kont manman an ki ta ba yo kout pitit la. Nan nesans timoun nan lap pote siyati e papal e manmanl, ak tès ADN ki tou fèt depi lopital la kap gen pou achemine dosye timoun sa a nan biwo eta sivil la pou paran yo pase rekipere akt de nesans timoun nan 5 a 10 jou aprè nesans li. Si pitit la pa pou papa manman an te vle bay li a pitit sa a ap pote siyati manmanl sèlman jiskaske manman an ta jwen nouvo papa, kap gen pou fè yon tès ADN sil konfimense pitit moun yo deziye kòm nouvo papa a kap gen pou fè yon akt de rekonesans kap pèmèt li ajoute siyati pa li nan siyati pitit la pi devan.
Avan lwa jiyè 2014 la sou kesyon patènite, matènite ak filyasyon tout pitit pat gen menm dwa. Pitit ki fèt nan adiltè papa yo pat menm ka ba yo akt de nesans, timoun ki fèt nan kesyon ensès pat gen yon dwa sa tou ak yon pakèt dwa ki vini nan kesyon eritaj, lwa jiyè 2014 la nan atik 1 an dispoze ke tout pitit gen menm dwa li modifye atik 1 dekrè 27 janvye 1959 la ki te etabli diferans ki te genyen ant pitit natirèl, lejitim, adilteryen ak sa ki fèt nan ak ensès yo.
Pa dwe gen oken diferans lè se manman an ki al fè akt de nesans timoun nan menm jan si se papal ki ta al fè li. Gen anpil diskriminasyon, enjistis nou koz anpil timoun viktim, viv, grandi ak yo e sa yo gen gwo konsekans sou lavi timoun sa a ki inosan e ki pat mande fèt.
Palman nan peyi Benin an Afrik nan mwa oktòb 2021 pase a la sot vote yon lwa ki pèmèt menm jan yon timoun ka pote siyati papal, li ka pote siyati manmanl e li dwe jwi de menm privilèj yo e an menm tan pa fè obligasyon ak fanm ki marye pou pote siyati mari yo. Nan kèk peyi En ewop tankou Espay pa ekzanp siyati papa a vin an premye otomatikman epi yo ajoute siyati manman an, konsa gen peyi tsnkou Itali ki dakò siyati 2 paran yo, si pa gen antant ant 2 paran yo sou ki siyati yap mete an premye (paske peyi sa yo deja dako prensip siyati 2 paran to dwe konstitye siyati timoun nan) la lwa prevwa ke se jij ki regle kesyon eta sivil la kap tranche, konsa gen lòt peyi tankou la Frans ki ajoute siyati manman a tit konsiltatif, men li pa transmisib. Gen anpil paramèt nou ka gade, men sa ki enpotan gen anpil fi ki ta renmen pitit yo gen siyati yo nan non yo e sa sosyete a pa ka kontinye ap minimizel. Li pa fè sans paske yon pitit pa pote siyati papal sa koz li pèdi yon pakèt avantaj. Gen peyi, sitou an amerik di nò manman an ou papa a depi lopital la bay non konplè timoun nan, sa pap deranj nan anyen si li pa pote siyati papal, sa pa retire anyen nan tout dwa li genyen si se siyati manman an li pote, depi lopital la te gen tan anrejistrel e voyel ale bay biwo eta sivil la li anrejistre nèt, timoun nan pa pèdi oken avantaj paran li ka ofril. Poukisa yon timoun ka pote siyati papal epi sil pote siyati manmanl sa yon andikap? Sosyete a pa ta dwe gen yon prejije kont timoun sa a, la lwa pa ta dwe sanksyone li pou li sa, li pa responsab. Nan amerik latin nan, la tou pre a an repiblik Dominikèn, ,an Espay li konsa tou, timoun yo pote siyati 2 paran yo. Anpil apwòch ak konsiderasyon ka fèt, men deba a rete ouvè.
Li toujou pi bon lè nou eseye konnen kisa lwa pa nou yo di, nan ki kontèks yo te redije, kijan sosyete a evolye, angaje plizyè etid ak sosyolog, travayè sosyal, sikològ, jiris pou eseye konpran pi byen reyalite sa yo. Men chanjman sa yo pap vini ak yon senp piblikasyon, yo mande pou yo fèt atravè gwoup òganize nan sosyete a ki dwe travay sou yon pwopozisyon lwa ki pran an kont reyalite sosyal, familyal ak kad jiridik yo.
Fòk nou gade enpak ak konsekans sa ap genyen nan kesyon jesyon patrimwan, siksesyon. Li dwe chita sou yon kad global ki anbrase maryaj, plasaj, paran ki separe, pitit ki fèt nan yon one night stand e ke papa a pat menm konnen sil gen yon pitit, pitit ki fèk nan kadejak etc .....jodia gen lwa sou kesyon ADN an Ayiti se deja yon pa, men travay la dwe ale pi lwen ke sa paske gen anpil lwa nou genyen yo plis fèt sou yon elan emosyonèl. Fòk gen konferans, pwomosyon pou pwojè sa yo pou ede sosyete a konpran nesesite a plis. Jodia nou pa gen palman, pa gen prezidan, li enposib pou nou ta komanse, men premye demach la se kòmanse travay sou yo mete la epi le gen palman gwoup oganize sa yo ka rejwen ak palmantè yo, prezidan kap eli a pou nou gade kijan yo ka panche sou pwopozisyon sa yo, analyze yo epi vote yo nan enterè sosyete a e sitou nan enterè Timoun yo paske nou pa nan peryòd pwisans patènèl ankò, men pito otorite parantal ki bay 2 paran yo dwa pou deside ansanm nan enterè timoun nan.
Bravo pou fanmi ki deja fè efò enskri siyati 2 fanmi yo nan non konplè timoun nan, men jiska prezan siyati manman an se nan prenon timoun nan li prale, la lwa poko bay posibilite pou konbinezon siyati 2 fanmi yo vin siyati timoun nan.
© 2021 Tous Droits Réservés.
Aucun des textes ou partie de texte, des photos de Me Sandry, Av ne peuvent être reproduits dans un livre ou ailleurs à des fins lucratives ou de propagande sans sa permission écrite.
Me Sandry, av
20/07/2022
Choisissez l'option qui vous convient dans cette boîte
⚖️ Quel type de Juriste pour quel métier du Droit selon Droits et arts oratoires?
🟠 - Le Juriste très bavard et qui adore la contradiction doit opter pour : La profession d’Avocat (contentieux) ou la Magistrature (Parquet) ;
🔴 - Le Juriste peu bavard mais qui aime beaucoup écouter doit opter pour : La magistrature (siège), le metier de Juriste d’entreprise / Conseiller juridique ou la profession d’Avocat (conseils) ;
🔶 - Le Juriste qui, même si pas très bavard aime la recherche et le partage de connaissances doit opter pour : L’enseignement ;
⚪️ - Le Juriste qui adore la critique et qui ne supporte pas la violation de la loi doit opter pour : La Défense des droits humains ;
🟨 - Le Juriste qui adore le formalisme, bavard ou pas, doit opter pour : Le Notariat ;
🔶 - Le Juriste pas du tout bavard, mais qui aime rédiger doit opter pour : Le métier de greffier ;
⚫️ - Le Juriste sans état d’âme doit opter pour : La Magistrature (siège) ou le métier d’Huissier de justice.
SOURCE : Droits et art oratoire.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Site Web
Adresse
Sud-est De
Jacmel
1510