04/02/2022
Jedi 3 Fevriye 2022
*Corps des professeurs Militants Indépendants et Non Syndiqués (CORPS PROMIS )*
*Lekòl pa ka tann.*
*Ansanm revandikasyon anseyan yo pa ka tann.*
1- Nominasyon tout pwofesè k'ap travay nan sal klas depi 2,3,4,5 lane yo pa ka tann.
2- Rès ayere 2014-2015 ak lòt ane yo pa ka tann
3- Salè de baz 75.000 goud la pa ka tann.
4- Kat debi 30.000 goud la pa ka tann.
5- Aplikasyon griy salaryal la pa ka tann.
6- Konstriksyon lekòl nasyonal ak lise ki te kraze yo pa ka tann.
7- Kantin nan tout lekòl piblik yo pa ka tann.
8- Bibliyotèk, laboratwa, enfimri ak tout kalte materyèl didaktik nan tout lekòl piblik yo pa ka tann.
Nan sans sa, Corps Promis ap mande ak tout manb li yo ki nan lekòl nasyonal ak lise nan depatman lwès la ak rès depatman yo pou obsève grèv Sendika ak òganizasyon pwofesè yo lanse jedi 3 Fevriye 2022 a.
*CORPS PROMIS,* ap raple tout pèsonèl anseyan nan dis (10) depatman peyi a, batay pou fòse leta reponn ak ansanm revandikasyon anseyan yo, se pa batay *CORPS PROMIS, RENED'H, REPONSE, REFERANS,* ak tout lòt Sendika ak òganizasyon pwofesè yo sèlman; men se batay tout anseyan alawonbadè san distenksyon.
*Tout anseyan dwe pran responsablite yo nan lekòl nasyonal ak lise yo afekte yo.*
Poun fini, Corps Promis ap fè anseyan yo konnen se yon dwa konstitisyonèl yo genyen pou yo òganize yo pou defann enterè yo. Nou pa dwe met nan tèt nou, nou anfas okenn Minis ni okenn responsab nan Ministè a. Okontrè se ede nap ede yo pou yo ka pran pi bon desizyon nan enterè nou tout ki nan sistèm edikatif la. Sa ap pèmèt tou, lè bidjè rektifikatif la ap vote, pou chèf gouvènman an rive ogmante bidjè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP). Se sèlman sa ki ka ede Minis la satisfè reyèlman ansanm revandikasyon anseyan yo.
*Nan sans sa nou pa dwe pè enplike nou nan batay la paske lekòl pa ka tann.*
*CORPS PROMIS*
*Evens ST JACQUES* *Responsab kominikasyon*