Me Lormil J Gaston

Me Lormil J Gaston

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Me Lormil J Gaston, Conseiller pédagogique, Grand Goâve.

Photos from Me Lormil J Gaston's post 21/09/2024

Ki moun, ki lekol kap pote kole pou ede CLAC-GG òganize aktivite RIBANBÈL BACK TO SCHOOL la dimanch 29 septanm kote nap bay ti moun yo kit eskolè pou rantre lekol, nap remet plizyè pwofesè plak donè pandan plizyè jèn atis pral chante, danse, slame.
Ede CLAC-GG fèmen vakans la pandan lekol la pral louvri.
Yon Kaye, yon plim, yon krayon, valiz , tout saw ka bay ap ede.

18/07/2024

PM Conille
Map diw sa ankò. ou pa nan kanpay electoral, pèp la tande twòp diskou nan tèt.
Se aksyon nou bezwen. Pa vin di sak pral fèt, se fè pou fè.

16/07/2024
Photos from Me Lormil J Gaston's post 11/07/2024

BÈL PAWOL KANDIDA PA KA BÈL PAWOL DIRIJAN

Nan peyi Dayiti nou abitye ak bèl pawol kandida ki vin blofe ti pèp la lè pou yo pran pouvwa men kou yo fin pran pouvwa yo bliye tout pawòl yo te pale, tout pwomès yo te fè epi pèp la kontinye nan mizè. Yon lòt kote Preske tout dirijan ki pase sou pouvwa a yo toujou gen menm konpòtman kandida paske yo pa janm sispan fè pwomès . yo bliye si lèw se dirijan se aksyon ak reyalizasyon pèp la ap tann se pa pwomès pou yo kontinye ap fè.

Mesye dirijan yo, Konseye prezidansyèl, Premye Minis, Chef la Polis, pèp la gen anpil tan lap pase yon tray anba men gwo zotobre nan leta e kounyen an pèp lap monte yon maswife anba men bandi, gang tout kalite, tout plim, tout plimaj.

Nan moman an la, peyi a ap viv yon kriz ensekirite a plizyè dimansyon, ensekirite sosyal, ekonomik, alimantè, yon kriz politik nan tout nivo kote pa gen okenn otorite lejitim konstitisyonel e kote tout enstitisyon leta pa egziste, kote chak segond nan lavi tout Ayasyen tounen a la fwa yon boul lò ak yon moman nan lanfè. Kidonk moman an la pa moman lapawòl ; mouche konseye, mouche premye minis, mouche komandan lapolis li lè pou nou voye yon bon jan siyal ak bon jan frap bay tout bandi, tout gang kel a zam kem a kostim pou nou bay pèp la chans poul viv. Pèp la pa kapab ankò. Nou paka kontinye nan bay pèp la bel pawòl pandan bandi ap taye banda nan gresye,kraze komisarya, nou pa ka kontinye bay pèp la pawòl pandan gang ap mete konntenè bare kwadèboukè, nou pa ka kontinye ap bay pèp la pawol pandan fakilte kontinye ap boule , pandan bandi kontinye ap fè resèt sou wout nasyonal yo, pandan la fanmi kontinye ap konte kadav, pandan pèp la nan lari yo paka rantre lakay yo. Nou paka kontinye ap bay pèp la pawol lavichè ap taye banda akoz pèp la pa ka sikile, timoun pa ka al lekòl. Non non mesye, nou pap pran la pawòl.

Mesye ki pote non otorite yo, kòm moun ki se leta nou pa ka nan anonse nou pral atake bandi. Lè konsa se di nou vle di bandi pou prepare yo ou byen pou yo kouri kache. Se aksyon pou nou poze san pran souf jouk mayi mi. Li pa posib pou bandi okipe tout wout nasyonal nan yon peyi, li pa posib pou otorite ap pran bout teren nan men nèg ak zam. Oh padon nan ki nèg ak zam mwen te ye, rele chat la nan non l ; map dil pi byen, otorite pa dwe pran bout teren nan men gang san fwa ni lwa. Li lè pou leta montre tout bon se li ki gen sa gwo save yo rele « monopòl vyolans lejitim nan ».

E nou menm mesye/dam ki bay tèt yo non opozisyon an, bay peyi a yon chans, olye nou opoze nan enterè pèsonèl nou paske an Ayiti depi opozisyon jwen pal li tou travèse nan pouvwa, pito nou met tèt nou ak moun ki la yo pou kite yo travay pou peyi a sot nan two li ye la.

Epi fok nou di tou, netwayaj ki dwe fèt nan peyi a pa ka fèt san lajistis pa jwe wòl pa li. Pandan lapolis ap frape gang ak zam yo, fok lajistis mare mèt gang yo pou yo pa fè gang kontinye boujonnen nan tè peyi Dayiti. Se pou tout zotobre (ansyen prezidan, premye minis, minis, senatè, depite, direktè jeneral, otorite polisyè ak jidisyè, boujwa, elatriye ) ki kanpe dèyè gang e ki neye nan koripsyon, al rann kont devan lajisitis pou tout zak yo komèt.

Non non mesye, pèp la bouke, nou pap pran la pawòl ankò. Pèp nan nan kouri twò lontan, li lè pou kouri a chanje kan.

Met LORMIL Joseph Gaston, 10 jiyè 2024

13/03/2024

“ Il y a dans les affaires humaines une marée montante ; qu'on la saisisse au passage, elle mène à la fortune ; qu'on la manque, tout le voyage de la vie s'épuise dans les bas-fonds et dans les détresses. Telle est la pleine mer sur laquelle nous flottons en ce moment ; et il nous faut suivre le courant tandis qu'il nous sert, ou ruiner notre expédition ! ”
William Shakespeare, Jules César (1623).

12/03/2024

Nou gen pou n wè nou gen pou n tande nan ti Peyi sa
Atò fo lidè yo pat ka antann yo pou yo jwen yon pwopozisyon inik, kominote entènasyonal la kwoke yon konsèy prezidansyèl 7 manm nan kòlèt nou ak moun sa yo ki pat ka antann yo.
Nou panse se sou pouvwa yo pral rive antann yo.
Pwoblèm pi rèd mezanmi Ak 7 ti prezidan sa yo.
7 prezidan, 7 kòtèj prezidansyèl, 7 kabinè prezidansyèl, 7 fwa X konseye, 7 fwa plis divèjans politik, 7 fwa plis enterè politik, 7 fwa plis ti nèg Ak zam dèyè do chak ti prezidan yo.
7 fwa plis depans pou la repiblik.

Lè se ou ki sèvi tèt ou ou pran sa vle, men lè se Moun ki sèvi yo baw sa yo vle. Kom nou pa konn sa nou vle se sak pou rive.
Sèl sam konnen Ayiti pap peri

11/03/2024

Pèp Ayisyen nou wè pa gen dirijan, pa gen lidè nan Peyi a vre janm te dil deja.
Nou tout dwe dakò pa gen dirijan, dayè Moun kite Di yap dirije Peyi a yo bloke a letranje, yo pran nan DDN e menm konnen la repiblik pa konnen Kote yo e.
Pa gen lidè. Atò nan nivo bagay yo grav nan Peyi a la nou pa ka mete tet nou ansanm pou nou rezoud pwoblèm Peyi nou.
Nou fè tout tan nou ap kraze Peyi a nou pa janm fè anyen pou soti nan twou nou lage li la. Kounyen an nou kite se CARICOM ki pou deside pou nou. Epi malgre sa nou pa ka antann nou pou nou pwopoze yon altènativ.
Chak sektè, chak pati, chak fo lidè ap voye pwopozisyon ale . Nou tout nou gen foli chef pou nam kontinye kraze Peyi a.
Nou fout led Anpil. Bann San konsyans, banm fo lidè.

09/03/2024

ADIEU PAPA
Ton passage sur cette terre a été un exemple d'humilité et de sagesse.
Nou pap janm bliye w
RIP

03/03/2024

Konsèy Siperyè Polis Nasyonal (CSPN/KSPN) la ki gen nan ladann premye minis la, minis jistis la, minis enteryè a, Direktè jeneral lapolis la Ak enspektè jeneral an chef la gen Anpil kesyon pou reponn sou atak ki fèt sou penitansye an samdi swa a

se pou Moun sa di nasyon an klè kou klèwòz Ki dispozisyon yo te pran pou anpeche sa te rive pandan enfòmasyon tap sikile tout jounen samdi a ke yo pral atake penitansye a.

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Grand Goâve ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

équipe culinaire

Tenue

Site Web

Adresse


Grand Goâve
HT6230