04/11/2022
*Kisa pyè nan ren an ye?*
Pyè nan ren an se yon seri ti grenn ki di ki tèt koupe ak wòch ki fòme nan renw e ki bay gwo doulè,fòm grenn sa yo konn non sèlman retwouve yo nan ren an,men tou nan pati ki relye ren an ak blad p**i an,e grenn sa yo se rezilta sèl minewo ak asid ki gen twòp konsantrasyon nan p**iw,pliske w se yon moun ki pa konsome ase de likid oubyen ki dezidrate,yo gen chans pou yo depoze nan renw oubyen nan yonn nan tiyo ki relye ren an avèk blad p**i an,gen yon lòt sibtans ki pral jwenn yo,yo pral ogmante volim e se la tou yo pral pran konsistans wòch nou rele kalkil renal yo.
Pyè nan ren an konn lye tou ak yon malfòmasyon ki genyen nan aparèy ki kondwi p**i an,malfòmasyon sa fè ke gen kote nan aparèy la ki bouche an menm tan tou lakoz devlopman pyè sa yo.
Lòt koz yo chita nan fason nap manje.
Kitem diw nou nan tip de pyè nan ren ki genyen,gen yon faktè ki a la baz ki pa lòt ke *dezidratasyon* moun ki manke konsome likid,moun Ka p konsome kalsyòm.
Ann pran egzanp ou leve maten an ou bwè yon vè lèt ou manje pen ak fromaj donk ou pran anpil lèt nan maten,nan midi ou pran legim ki gen anpil epina e gen anpil kalsyòm ak lòt sous pwoteyin,nan aswè wal bwè labouyi ak lèt donk ou se yon moun ki konsome anpil kalsyòm pandan yon jounen,donk imajinew moun sa konsome anpil sèl ak s*k e li pa konsome anpil dlo donk sa kapab lakoz sibstans sa yo ka pran yon konsistans ki di sitou nan ren an paske se yon ògan ki la pou elimine yo e yon moun ki papratike egzèsis fizik oubyen yon moun ki gen yon enfeksyon ki gen rapò ak aparèy ki pwodwi,kenbe e evakye p**i a souvan se yon moun ki fasil pou devlope lityaz renal,gen medikaman ak lòt maladi ki nan mitan fanmi ki ka lakoz pyè nan ren tou.
*Siy ak sentòm*
1_Moun sa ap santi gwo doulè,jeneralman nan pati dwat ak goch flan li e li kapab iradi sa vle di lap santil nan zòn a vwazinan tou
2_Moun sa ap toujou gen kè plen,lap vwomi
3-doulè nan senti
4-lap p**i degoute,e lap santi doulè,lèl p**i nan yon vaz lap wè yon depo kal nan vaz la.
5-p**i an konn pa gen koulè nòmal,li konn voye sant,lap gen koulè woz,mawon ew ka remake san nan p**i an.
Si pa egzanp gen yonn nan pyè yo ki detache ki soti nan ren an pou ale nan blad p**i a,fòk li pase nan tiyo ki relye ren an pou ale nan blad p**i an ki se urtère yo urtère la li menm li genyen 3 pwen de retresisman si wòch la arive kole nan yonn nan 3 pwen sa yo sa ka rive chak fwa moun sa ap p**i li pral fè fòs poul pase enbyen lap blese urtère lan lap vin gen san nan p**i.
Si ta gen yon enfeksyon ki ki mele avèk pyè nan ren an non sèlman kanal li ap brilel lè lap p**i moun sa ap gen fyèv ak frison.
Yon pyè nan ren ki pa trete ka koz gwo enfeksyon nan aparèy p**i a sa vle di nan ren an kanal ki relye ren an a k blad p**i a.
Si p**i an ta rive bloke sa vle di gen yon obskisyon ren yo ka bloke rapid e li ka devlope yon enfeksyon ki trè grav.
Anfen pyè nan ren an ka kondwiw jiska yon ensifizans renal e si pyè nan ren an pa Jan m trete li ka kondwi w vè yon ensifizans rénal.
*Prevansyon*
Maladi sa pa konn ni fi ni gason nenpòt moun ka fèl sofke li touche mesye yo plis sou chak 3 gason wap jwenn yon fi ki fè maladi sa.
2-pliske se yon maladi ki lye dirèkteman ak dezidratasyon moun ki pa konsome ase de likid ka genyenl, yonn nan bagay pouw fè se bwè ase de likid ant 1,5 a 2 lit dlo pa jou.
3-konsome anpil fibre tankou zanmann,pwa,pistach,figmi,avwàn.
4-redwi sou kantite lèt wap bwè sitou pwodwi ki fèt a baz de lèt yo.
5-Bwè bon ji sitwon,zoranj,tomat,anpil dlo kokoye pafwa ou ka bwè byè men pa janm bouke bwè dlo maten,midi,aswè,menm siw pa manje ou sipoze bwè anpil dlo pa jou se yonn nan mwayen se yonn nan mwayen ki ka evitew devlope lityaz renal oubyen lityaz irinè ou dwe konsome fwi lanmè yo tankou sirik,pwason,krab,ou ka fè rafrechi avèk kalalou epi fè te avèk fèy grenad,melon.
Nou dwe evite manje fwomaj,manba,ble,betwouj,bwè lèt.
N.B:Maladi an ka fèw pèdi bann paske lè doulè an pranw nan sentiw epi ou paka p**i se pa bann wap wè anfas ou.
Pataje pou plis moun ka wè,siw gen kesyon kitel nan espas kòmantè an.
*Auguste Stevencia*