24/05/2026
Mèsi Radio Bon Zanmi
FONPARIZYEN. -Depi 22 me 2024 pou rive jodi a 22 me 2026, sa fè egzakteman 2 lane depi òganizasyon BAVTGV ap travay san pran souf nan Fonparizyen. Pandan 2 lanne sa yo, estrikti a pa sèlman fòme jèn, men li konstwi tèt li pou l vin yon zouti ki pi solid chak jou.
Prensipal misyon BAVTGV nan kominote a, se kreye yon anviwònman kote lekòl ak fòmasyon pa rete nan liv sèlman, men kote yo konekte dirèkteman ak opòtinite reyèl pou jèn yo ka pare pou demen.
Apre 2 lane ekspekyans sa a, vizyon lidè yo klè. yo vle BAVTGV tounen yon platfòm referans. Yon bò, pou jèn k ap chèche opòtinite pou yo devlope tèt yo, epi yon lòt bò, pou tout enstitisyon ak antrepriz ki bezwen lidè, gwo talan, ak pwofesyonèl pou lavni.
Direksyon ak ekip Radio Bon Zanmi FM la pwofite okazyon sa a pou swete BAVTGV bòn fèt pou 2 lane travay sa a, epi n ap ankouraje yo kontinye trase chemen siksè pou jèn yo nan zòn nan.
23/05/2026
23/05/2026