10/01/2025
12 Janvye 2010, yon dat okenn Ayisyen pap janm bliye. Kote fanmi, zanmi tonbe krabinen anba dekonb. Anpil lòt disparèt, e yon pakèt lòt blese ap senyen, zo yo kraze, men elas pa gen anyen ou ka fè.
Nou pat ka fè anyen, paske anpil nan nou pa konn kòman poun te poze yon jès itil poun te sove yo.
Nou ka reviv malerezman yon trajedi konsa ankò, men nou pa dwe janm gen tout viktim sa yo paske nou pakonn sa poun fè.
CHFPS, konsyan de realite a poze pyè pal. Lap envite nou nan yon kokenn chenn fòmasyon kap fèt 18-19 Janvye kap vinn la nan SILOE O, dèlma 33 sou sekouris.
Vinn aprann kèk jès senp poun sove lavi Yon moun:
* Kap pèdi san ( anndanl, nan bouch, nan zòrèy, nan dèyè, deyò)
* Yon moun zo kase
* Yon moun ki gen difikilte poul respire
* Yon moun ki evanwi,
* Yon moun dife pran sou li, etc
Lokal Institution Mixte Pasteur Notrice, soti 9 h am jiska 3h pm.
Wap sèlman bezwen 1500 goud pou patisipe.
Wap rezève plas ou akm ak 500 goud sou moncash nan 3147-3228 ( Frantz TERAMEN)
Pa bliye: 18 ak 19 Janvye nap tann ou!