Institution mixte les amis de la sagesse

Institution mixte les amis de la sagesse

Partager

Men piyay vinn pran piyay 2/1 bous pou tout klas pou ti gras money

06/08/2023
06/08/2023

Ou met fe nou konfyans imas se lkol tout moun vinn enskri .

14/07/2022

IMAS

14/07/2022

Amwey pwoblem lkol la fini pou ou
Paren petyon vil delmas wout fre pernier tosel Institution Mixte les amis de la sagesse vinn ak yn piyay demi bous pou tout klas sof kind gadenn .. sak pi bel la lkol la c yn lekol kretyèn 90 % al examen leta yo reyisi sa wap tann tjr ou poko al enkri pou enfomasyon ekri nou sou page la ou byen rele nou + 50937624826 Direkte : Michelet Lamerique

14/07/2022

Telf +50937624828 relew pou plis enfomasyon

02/04/2021

KI DIFERANS KI GENYEN ANTR JIRIS , FONDEPOUVWA AK AVOKA.

Anpil fwa gen anpil moun ki toujou konfonn fondepouvwa , jiris ak avoka . Fòk mwen di nou se pa menm bagay ditou. Yo chak genyen kondisyon ki pou reyini pou ou kapab yonn oubyen lot .

Ann gade ansanm:

⚖️JIRIS:

Yon jiris se yon moun ki suiv e fè etid dwa , se yon pwofesyonel nan dwa ki gen pou wòl analize dwa nan yon antrepriz . Jiris la ka travay nan antrepriz prive ou piblik li ka travay pou kont li tou . Se yon salarye ki travay pou antrepriz ki anplwaye li a. Jiris la pa ka reprezante kliyan devan tribinal ni negosye nan plas kliyan . Jiris yo souvan espesyalize yo nan yon branch dwa ou plizye branch dwa tankou dwa dèzafè , dwA fanmiy , pwopriyete entèlektyèl elatriye. Travay jiris yo se redije , negosye e mete kontra a jou e tout lòt dokiman jiridik antrepriz la . Jiris la gen pou misyon tou konseye direksyon kot lap travay la sou kesyon jiridik yo.

Fòk mwen di nou pa gen pyès kote nan lalwa ki reglemante kesyon jiris an Ayiti. Kontreman ak avoka yo ka fouye biwo yo e fè sezi men kabine avoka yo envyolab.

⚖️FONDEPOUVWA:

Yon fonde pouvwa se yon moun ki envesti de pouvwa pwokirasyon poul aji nan non yon lòt moun ou yon sosyete.

Fondepouvwa a se yon etidyan ki fini fè 2 lane nan dwa ki pwal fè twazyèm ane . Se pa konsa konsa ou vin fondepouvwa . Gen lwa nan peyi Dayiti ki di jan sa dwe ye.

Lwa ki pale de fondepouvwa a se yon lwa ki la depi 6 jen 1919 e nan lane 1942 ak 1952 te gen kèk modifikasyon nan lwa sa.

Yon fondepouvwa se yon defansè piblik ki ka reprezante kliyan li selman nan dosye ki nan konpetans tribinal de pè. Apre 2 lane nan dwa a sa pa vle di ou tou fondepouvwa , non fòk ou prete sèman devan tribinal de pè zòn ou pwal afekte a.

Men sèman fondepouvwa yo prete a « je jure d’ observer les lois et règlements en vigueur, de respecter les droits de mes concitoyens et de défendre avec honneur et conscience les intérêts qui me sont confiés. »

Fondepouvwa a pa ka deside al travay nan tribinal de pè li vle , nan lang fransè yo di li pa gen « plenitude de juridiction » , konpetans fondepouvwa a teritoryal ( rationae loci). Si fondepouvwa a gen pou li asiste yon kliyan devan yon lòt tribinal nan yon lòt komin diferan de kote yo fikse domisil pwofesyonel li fòk jij de pè nan tribinal kote li afekte a ba li yon pèmi espesyal pou sa. Men nan okenn ka fondepouvwa a pa ka al asiste yon moun devan yon tribinal de pè jiridiksyon yon lot tribinal premye enstans.

Lwa ki pale de fondepouvwa yo di tou depi yon moun te okipe yon fonksyon pandan 5 lane nan tribinal ( ansyen jij , e sipleyan jij de pè , ansyen grefye tribinal premye enstans ou jistis de pè , elatriye) ou kapab plede pou moun devan tribinal de pè .

Yon moun ki pa respekte sa lwa sa di a ki vin plede pou moun devan tribinal yo kapab pousuiv li paske lap egzèse ilegalman yon pwofesyon.

Nan pwofesyon avoka gen òd disiplin men pa gen sa pou fondepouvwa yo, moun ki la pou voye je sou dezòd yon fondepouvwa fè se jij de pè kote lap travay la e komisè gouvenman jiridiksyon li an. Depi yon fondepouvwa fè yon zak li kapab jwenn avètisman , reprimand e menm sispansyon soti yon mwa pou pi pitit a 12 mwa pou pi plis. yon Fondepouvwa yo bay sanksyon sa ka egzèse dwa rekou li , si se jij de pè ki bay sanksyon an li ka fè rekou devan komisè gouvenman e si se komisè gouvenman ki bay li li ka fè rekou devan ministè lajistis.

Selon zak fondepouvwa a fè a sou kliyan oubyen lòt yo kapab radye li pou lavi pou li pa egzèse pwofesyon sa a jamè. Sanksyon sa li menm se konpetans ekskliziv tribinal premye enstans li ye e apre ka gen apel.

⚖️AVOKA:

Yon avoka se yon moun ki otorize pou li pwatike dwa e ki la pou fè respekte la lwa pandan lap pwoteje dwa kliyan li. Avoka a gen anpil responsabilite ki ale pi lwen ke yon pwosè devan tribinal . Avoka a chèche enfòmasyon li redije dokiman , li konseye kliyan an elatriye.

Se sel avoka ki ka plede nan non kliyan li nan tout tribinal . Avoka a gen pou misyon reprezante , defann kliyan li lajistis pou pwoteje enterè li. Pandan avoka ap fè sa li dwe respekte 4 prensip ki se endepandans , lwayote, konfidansyalite ak sekrè pwofesyonel.

Pou ka vin avoka se preske 7 lane ou pran : fòk ou boukle 4 ane etid , siw pran yon lane pou fe memwa e soutni li pou gen lisans apre sa fòk ou fè lekòl bawo ak 2 lane estaj kom avoka estajyè.

Nan domèn dwa yon jiris se yon teyorisyen men yon avoka se non selman yon teyorisyen li se yon atizan tou. Tout avoka se jiris men tout jiris pa avoka . Avoka plede nan tout peyi a e nan tout tribinal , jiris pa ka plede nan tribinal , fondepouvwa ka plede selman nan tribinal de pè kote li prete sèman an.

Ni jiris, ni fondepouvwa, ni avoka gen plas yo nan jostis peyi a . Yo tout se non jan pwofesyon ki itil pou avansman lajistis.

Me Pelex Flereme ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.

✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Siw vle plis eksplikasyon ak detay sou dwa nan peyi Dayiti klike sou link sa pou like page la
https://www.facebook.com/fleremelaw/
Ou kapab tou ekri nou sou WhatsApp : 37011865

11/11/2020

Kouri al pran espesyal sa san pedi tan

30/10/2020

Pou plus enfo rele Nou kunya menm 37624828

21/10/2020

Amwey woy gade piyay ou menm ki petyon vil delmas ,wout fre ,pernier girado, morne hercule institution mixte les Institution mixte les amis de la sagesse ap nou dmi bous soti nan kind riv a philo yon gras money ,pou plis enfo rele pou reseve plas paw LA 37624828

15/09/2018

Pr mois sa nap bay 25 bous pou timunn pv wout fre girado ect... Tel 34502291

22/07/2018

Bonjou maten nap bay 50 demi bous d 7eme a philo pou enfomasyon rele 50937624828 Ou 34502291

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Delmas ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Téléphone

Site Web

Adresse

Port Au Prince.
Delmas
DELMAS95