18/08/2025
Gouvènman fè anpil chanjman nan tèt lapolis lan. Yo chanje enspektè jeneral lapolis lan (IGPNH), Direksyon santral polis administratif lan (DCPA) ak Direksyon santral administrasyon ak sèvis jeneral yo (DCASG). Nou gen Direksyon santral polis jidisyè a (DCPJ) tou ki fè pati estrikti santral PNH lan ak DCPA epi DCASG. An nou wè ansanm kisa DCPJ fè kòm travay.
18/08/2025
Gouvènman sot chanje responsab nan tèt plizyè estrikti santral polis lan. Konbyen ògan ki nan estrikti santral polis lan? Kisa yo fè kòm travay? Ann dekouvri ansanm DCPA (Direction centrale de la police administrative) ki se youn ladan yo.
21/07/2025
Konsèy siperyè polis nasyonal lan (CSPN) se ògan estratejik ki defini politik nasyonal ki gen pou wè ak misyon Polis nasyonal lan. Li genyen tou yon wòl konsiltatif. Sa vle di li dwe bay dizon li sou mezi Polis lan ap pran pou atenn objektif li, sou règ jeneral yo, fòmasyon, ogmante kantite polisye yo, karyè ak lajan polis yo dwe touche.
Kisa nou konnen sou "CSPN"? Koman li òganize? Ki otorite (konpetans) li genyen sou Polis lan? Chak kilè li reyini? Koman li pran desizyon?
20/07/2025
Kisa nou konnen sou "CSPN"? Koman li òganize? Ki otorite (konpetans) li genyen sou Polis lan? Chak kilè li reyini? Koman li pran desizyon?
20/07/2025
Chak Konseye Prezidansyèl gen jiska 30 moun nan kabinè li (270 moun pou 9 konseye), 30 polisye pou ba li sekirite (270 antou), yon kòtèg 3 machin pou piti (27 antou). San konte plis pase 700 polisye kap sekirise Palè a. Nap raple gen 1.16 polisye pou chak 1,000 ayisyen.
19/07/2025
Jou 4: Soti janvye pou rive mai 2025, gen plis pase 4,026 moun yo touye. Bandi yo pran kontwòl 75-85% kapital lan. Gen mwatye popilasyon lan (5.7 milyon moun) ki nan gwo grangou. 1.3 milyon moun ki fòse kite kote yo tap viv nan peyi a.
PNH lan gen sèlman 76 blennde ki fonksyone. Genyen 1.16 polisye pou chak 1,000 ayisyen aloske estanda entènasyonal lan se 2.27. Nou gen sèlman 12,788 polisye ((2025). Sous: Rapò SG ONU, 27 juin 2025
18/07/2025
PNH lan gen sèlman 76 blennde ki fonksyone. Genyen 1.16 polisye pou chak 1,000 ayisyen aloske estanda entènasyonal lan se 2.27. Nou gen sèlman 12,788 polisye ((2025). Sous: Rapò SG ONU, 27 juin 2025