15/05/2026
🚨 FÒMASYON SECOURISME AP KOMANSE! 🚨
⛑️ Ou vle aprann kijan pou sove lavi nan moman ijans?
Se chans pa w pou resevwa yon fòmasyon pratik ak pwofesyonèl nan secourisme avèk ECAJH ÉCOLE PROFESSIONNELLE.
📚 Ou pral aprann: ✅ RCP / CPR
✅ Premye swen ijans
✅ Pansman ak suture
✅ Kijan pou reyaji lè gen chòk oswa aksidan
✅ Fracture ouvè ak fèmen
✅ Plizyè lòt teknik enpòtan pou sove lavi
📅 Kòmansman: Samedi 30 Mai 2026
📍 Adrès: École New Missions de Masson
⏰ 10 samdi fòmasyon — 40 èdtan pratik
📞 Enskripsyon: 3776-6860
💰 Frè enskripsyon: 500 GDS
💰 Patisipasyon: 1250 GDS sèlman pou tout fòmasyon an
⚠️ PLAS YO LIMITE — 50 MOUN SÈLMAN!
Pa tann dènye moman an.
Voye non ou, prenon ou ak nimewo telefòn ou pou rezève plas ou depi kounye a.
🙏 Ede nou pataje flyers la pou plis moun ka jwenn opòtinite sa a.
📌 Yon konpetans ou aprann jodi a kapab sove yon lavi demen!
11/05/2026
🎓✨ L’avenir appartient à ceux qui osent apprendre, persévérer et croire en leurs rêves.
À ECAJH, nous ne formons pas seulement des étudiants, nous préparons des leaders pour demain. Chaque effort aujourd’hui est une porte ouverte vers un avenir meilleur.
Félicitations à tous nos élèves pour leur courage, leur discipline et leur détermination. Continuez à avancer avec foi et confiance, car le succès est au bout du chemin. 🌟
📚 ECAJH — Ecclesiaste Centre d’Apprentissage pour les Jeunes Haïtiens
“L’instruction est un trésor, et le travail en est la clé.” 🔑
07/05/2026
ECAJH ÉCOLE PROFESSIONNELLE, nou kwè edikasyon se kle ki ouvri pòt avni an.
Pa janm doute de kapasite ou. Avèk disiplin, lafwa ak travay di, rèv ou kapab tounen reyalite. Bondye gen yon plan espesyal pou chak moun ki deside avanse.
“Crois en toi, travaille dur, reste fidèle à Dieu.” 🙏🏽
📖 « Mwen konnen plan mwen genyen pou nou, se plan pou byen nou, pa pou mal, pou ban nou yon avni ak espwa. » — Jérémie 29:11
👤 Eclesiaste Marcelin
07/05/2026
Pa tann demen pou kòmanse bati avni ou ✨
Avèk lafwa, disiplin ak detèminasyon, tout rèv kapab tounen reyalite.
Pa kite limit, dout oswa difikilte fè ou rete dèyè. Bondye mete kapasite nan ou pou avanse pi lwen 💯
📖 “Mwen kapab fè tout bagay, grasa Kris ki ban m fòs.”
— Filipyen 4:13
19/04/2026
🔥 MESAJ ESPESYAL POU OU 🔥
Nan lavi a, gen moman kote yon sèl aksyon ka sove yon lavi…
Men kestyon an se: Èske ou pare?
🚑 ECAJH ap òganize yon fòmasyon an sekouris
pou aprann ou kijan pou reaji nan ijans:
✔️ Lè yon moun fè kriz
✔️ Lè gen aksidan
✔️ Lè yon moun bezwen sekou rapid
💡 Sa se pa yon senp fòmasyon…
Se yon opòtinite pou vin yon zouti nan men Bondye pou sove lavi
⚠️ Gen sèlman 50 plas!
Pa tann demen pou pran desizyon an
📞 Rele kounya: 3776-6860
📍 New Missions de Masson
🔥 Petèt yon jou, se ou menm ki va sove yon lavi… 🔥
15/04/2026
🙏🏽 TEMWAYAJ & REKONESANS 🙏🏽
Aprè yon bon ti tan kote mwen te oblije kanpe…
Gen anpil bagay ki t ap pase nan lavi mwen, anpil preparasyon ki t ap fèt an silans.
Mwen te malad… men jodi a mwen kanpe vivan.
Se pa fòs mwen, se pa kapasite mwen…
Se gras Bondye sèlman.
📖 “Se pa nou menm ki sove tèt nou, se yon kado Bondye ban nou.” (Efezyen 2:8)
Si mwen la jodi a, se paske Bondye pa t fini ak mwen.
Li ban mwen yon lòt chans, yon lòt souf, yon lòt misyon.
🔥 Jodi a mwen retounen, pa menm jan an…
Men ak plis lafwa, plis rekonesans, plis detèminasyon.
Mwen di Bondye mèsi paske:
✨ Li geri mwen
✨ Li pwoteje mwen
✨ Li kenbe lavi mwen
👉 Sa vle di: Gen yon bagay ki poko fini nan lavi mwen!
🙏🏽 Tout glwa pou Bondye.
Mèsi ak tout moun ki te kanpe ak mwen nan lapriyè.
🔥 Mwen la ankò… pa gras Bondye! 🔥
📌 ECAJH ÉCOLE PROFESSIONNELLE
Eclesiaste Centre d'Apprentissage pour les Jeunes Haïtiens
12/11/2025
1. Nom (identité)
- ECAJHien(masculin)
- ECAJHienne(féminin)
Exemple :Je suis fier d’être un ECAJHien.
Les ECAJHiennes se distinguent par leur discipline et leur passion.
2. Adjectif
- ECAJHique→ pour qualifier ce qui vient de ou représente ECAJH
Exemple :L’expérience ECAJHique change des vies.
3. Verbe (création symbolique)
- ECAJHiser→ former, transformer, éduquer selon les valeurs d’ECAJH
Exemple :Notre mission est d’ECAJHiser une nouvelle génération de leaders.
4. Adverbe
- ECAJHiquement→ manière d’agir selon les principes d’ECAJH
Exemple :Les étudiants agissent ECAJHiquement : avec excellence, foi et rigueur.
12/11/2025
1. "ECAJH – Là où Dieu forme des destins, restaure des vies et libère des talents."
2. "Être ECAJHien, c’est être choisi pour impacter avec grâce et excellence."
3. "À ECAJH, nous transformons les dons divins en métiers qui glorifient Dieu."
10/11/2025
*📢 GRAN NOUVÈL !*
Lekòl la *tounen pou pi nèf, pi fò, pi klè ak vizyon*!
ECAJH – École Professionnelle retounen ak plis pasyon, plis disiplin, plis opòtinite pou fòme jenès la!
Nou pa t disparèt, *Bondye t ap mete fondasyon pi solid*. Jodi a, nou pare pou resevwa ou ak tout kapasite nou!
*Nou pa chita sou sa ki te, men sou sa k ap vini.*
Ansanm, n ap bati yon jenerasyon ki gen metye, karaktè ak lanmou Bondye!
*ECAJH – Fòmasyon serye pou lavi w chanje.*
Pa rate okazyon ou!
10/11/2025
*Bondye te pran tan avèk mwen...*
Li te mete mwen apa, li te rale m pou l prepare kè mwen, pou l te mete bon jan rasin nan mwen. Se pa mwen ki kouri pou lènmi, se Bondye ki disparèt avè m, li kouvri m ak gras li.
Mwen di mèsi ak tout moun ki t'ap priye pou mwen, ki t'ap mande nouvèl mwen. Sa Bondye fè nan lavi m pa piti. Li restore tout sa ki te kraze: lavi m, lekòl la, biznis la, pwojè m yo… Li mete lamen li, e li fè enpak la jan li vle.
*Papam ban mwen yon levanjil ki pa komik.*
Yon levanjil kote gason pa kanpe sou tèt lòt pou fè valè.
Yon levanjil pou rale nanm, pa pou mete presyon sou pèp.
Se pa voye moute, ni "choute" sou moun…
Men se flanm dife Bondye, yon levanjil ki soti nan syèl, ki mache ak verite, lanmou ak repantans.
*"Je vous donnerai un cœur nouveau, et je mettrai en vous un esprit nouveau"*
– Ezékiel 36:26
Bondye restore m. Li fè m nouvo. E mwen pap janm menm jan ankò.