15/07/2023
Manman cheri mw pwofite gran jou sa sa poum di ou bòn fèt nesans ,e fèw konnen mw renmen ou anpil anpil anpil ,map efòsem chak jou pi plis poum montrew sa chak jou ,pa sèlman jodia ,chak fwa mwen te tonbe, ou te ede m leve, manmi Lè m ap panse ak difikilte ou te pase pandan w t ap leve mw ,dèfwa dlo kouri nan zyem ,mèsi ak BONDYE ki edem gen tout respè ak lanmou pou ou kew merite ,nan gran jou sa map diw mèsi tou pou edikasyon ou te ofrim ,ki pèmèt mw gen valè nan mond sa ,ak li anpil moun pat espere rive tandem , yon jou kou jodi a sakrifis ou yo gen pou tante rekonpansew .
Manmi Ou ban mwen lavi ki pi bon an,ou se pi bon fanm ki te ka gen sou la tè epi ou se pi bon kado BONDYE ban mwen .
Se pou BONDYE ki gen tout pouvwa kenbe ou solid ak kè kontan nan lavi,kew pa janm manke souri sou lèv ou , sante ak vi ki long sou lavi ou , BÒN FÈT MANMI CHERI (MANMAN CHRISTO,YON MANMAN ENKONPARAB).!
Manmanm ap dodo nan kèm ,silvouplè pa fè bri poun pa reveyel!
Unique fils , et une mère!