21/03/2023
Être Citoyen
Cette page a été créée dans le but de conscientiser la jeunesse haïtienne
21/03/2023
12/02/2023
M t ap kontan
Anba yon solèy lanfè
M ap desann sou Delma
M rankontre ti Odma
Yon ti jennonm ki gen 10 lane
K ap chache lavi
Ak yon moso twal byen sal
Pou l siye machin boujwa
Minis , senatè , gwo lotorite
Men moso twal la pa
Depaman ak figi ti Odma
Mwen di l sa w gen
Ou kanyank kanyank konsa ?
Fè kè w kontan ti papa
Depi w gen lavi ou gen souf
Ou dwe kontan chak jou
Li di m
Wi ta kontan
Mwen t ap kontan si
Douvanjou ak lanjelis pat toujou pranm nan lari
Si 8è nan maten te konn pranm sou ban ap li
Wi mwen t ap kontan
Mwen t ap kontan si
Nan plas kokorat ak grapyay
Yo te banm bèl ti non dous
Tankou Mama
Yo t ap di m Mama
Vin manje , Mama vin resite leson w
Mama al pran liv ou
Wi mwen t ap kontan anpil
Mwen t ap kontan si
Plat aleken te vann 25 goud
Si sachè dlo te vann 2 goud
Si ji alaska te tounen
Mwen t ap pi kontan toujou
Wi mwen t ap kontan
Mwen t ap kontan si bandi
Pa t konn vin pranm pou banm zàm
Si yo pa t konn fòse m fè antèn
La mwen kontan anpi l
Mwen t ap kontan
Si mwen te wè gen lavi pou mwen isit
Mw t ap pi kontan toujou .
10/12/2022
Byen rekòlte lavi frèm fòs pou ou
Nèg la fè tout tanl ap vòlè nan leta , konl pa sou pouvwal ankò se li ou wè k ap mache radote nan radyo , ap pwopoze solisyon .
26/09/2022
Hum
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Contacter l'école
Téléphone
Adresse
Laurier
Delmas
HT99410