Petit Chaperon Rouge

Petit Chaperon Rouge

Partager

Best primary school in Croix-des-Bouquets, Haiti Despite her parents being very poor, they made great efforts to give her a good education. With the help of Mr.

A Proud Tradition of Excellence
Petit Chaperon Rouge - Dossier 0767
400 Rue Stenio Vincent
Croix-des-Bouquets

The name "Petit Chaperon Rouge" was given to the school according to a famous story of a little girl who always wore a red and white dress along with a red beret when walking to school. I have always been inspired to help the less fortunate, especially the children, to acquire a good educ

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 18/05/2023

Haiti ne mourra pas !

04/04/2023

Lekol Petit Chaperon Rouge koube li byen ba pou l swete gwo poterik gason sa a : Bòm fèt ! Se pitit otantik Kwadèboukè. Se youn nan moun ki plante anpil espwa nan kè jèn nan bouk la e ki travay anpil pou leve eskanp peyi nou atravè tout bel zèv li. Jan nou wè l piti a li kache yon gwo trezò ki se konesans li.
Li ankadre anpil anpil jèn, chak fwa mwen gade Eddy mwen te di non Ayiti pap peri. Nou bezwen plante plis Eddy nan bouk la, nan peyi nou konsa jèn nou yo a grandi avèk visyon. Olye Jèn yo ta pran yon kalacknikov ki pral fè yo pòv e ki ap kondwi siman nan lanmò, mwen swete yon pran yon kreyon, yon mato pou menm jan ak Eddy yo plante fyète , yon simen kè kontan tout kote yo pase.
Eddy , mwen apresye tout sa w fè pou leve eskanp bouk la. Nou wè dlo twoub men yon jou lap klè paske yon jou solèy lespwa , renmen ak rekonsilyasyon va leve sou peyi nou.
OU SE youn nan moun ki pote vilaj nway monte, karavan lanmò gen pou fin pase lavi a tounen fleri !
Nan non tout pitit kwadèboukè, mwen swete w bòn fèt !

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 04/04/2023

Journée Jeannot Lapin 2023

01/04/2023

Nan Lekol Petit Chaperon Rouge malgre sitiyasyon difisil yo nou pa janm sòti nan wout kalite a paske nou kwè nan kalite e nou kwè se kalite ki sòti peyi a nan sa li ye jodya . Nou aranje nou pou bay timoun yo yon fòmasyon syantifik kap pèmet yo konprann pi byen. Teyori + pratik SE konsa nou travay. Malgre sal chimi an poko fini men nou sèvi ak mwayen ki aksesib pou nou vanse paske nou pa vle kanpe. Nou konsyan SE timoun Jodi yo ki pral ranplase nou se pou sa nou vle ofri bon kalite fòmasyon pou fleri ayiti Cheri nou tout ap tann nan.
Ak timoun kalifye demen nou ap asire !
Ayiti pap peri!

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 01/04/2023

Chaperon en couleurs!
Moman yo difisil se vre men Petit Chaperon Rouge, nou chwazi fè kilti la vi. Timoun yo pa responsab ensekirite a, ba yo chans pou yo grandi ak kè kontan. Yo pa mande plis ke sa, yon ti moman lajwa de selman yo mande. Se yon ki fòs demen an, si yo fèb depi kounye a Al ki fòs yap sipòte nou demen. Timoun Jodi granmoun demen. Ki yo grandi pito nan sajès nou menm vyeya pou yo kapab sèvi nou pi byen demen.
Ayiti pap peri !

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 13/03/2023

Ki travay nou tap fè nan Petit Chaperon Rouge ki fè nou panse ayiti pap peri a? Nan etablisman an nou aprann timoun ke konesans pa gen limit. Nou mete teknoloji a dispozisyon yo. Nou di yo, pa kite pyès moun ki vle fè yo kwè ke yon diféran e si gen yon diferans vre SE jis paske nou pi entèlijan. Se pa entèlijan nan tèm ayisyen men nan sans nòmal la, kote yo sèvi ak kapasite sèvo yo reyalize bagay estraòdinè. Nou te mete yon pwojè sou pye kote nou achte òdinatè yo an pyès detache pou yo te asanble yo malerezman akoz de sitiyasyon ke mesye yo kreye nan peyi a fè nou pat gentan abouti ak pwojè a.
Lorgensky Antilus ki se youn nan ansyen elev lekol la e youn nan pwofesè enfomatik nan enstitisyon an rive asanble yon nan odinatè yo. Foto sa nap gade la a SE travay la jenès.Chak fwa mwen wè bel esplwa sa yo, yo ranfòse konviksyon ke Ayiti pap peri. Se vre yap pran pi fò nan men nou men nap pwodi pi plis paske pèp ayisyen pi bon ke imaj yap ban nou yo. Ayiti se yon peyi malgre mizè , jèn ki gen kolonn yo, chache mete bagay nan tet yo.
Ti kategori egare yap prezante nou pye atè ak gwo zam fann fwa yo minim anpil parapò ak bel tèt peyi a pwodi.
Selman map di atansyon ak jenosid jèn jenès la. Toubiyon sa a yo antrene nou ladann nan, jenès pa pran ladann l, ou vo plis ke sa. Sonje ti kiyè OU ranmase nan lari se nan lari ou pèdi se pou m di ak jèn ki kite yo kowonpi yo a: bien mal acquis n'en profite jamais! Si w gen zòrèy tande !
Pa gen anyen ki ka anpeche n kwè ke jenès la vo plis ke sa !
Ayiti pap peri !

12/03/2023

Jèn yo pa mande anpil : selman ouvri pòt lekòl yo pou yo ka aprann ! Mesye kap fèmen lekòl yo sonje yon jou nap gen pou granmoun. Sonje se jenès la kap baton vyeyès nou. Si yo fèb yo pap ka sipòte nou non, sonje ti pwovèb sa a : bat chen tann mèt li !

12/03/2023

Ayiti gen anpil resous, nou dwe pwoteje jèn jenès la. Ankouraje yo. Nan Chaperon Rouge nou fyè de Chak ansyen elèv ki pa tonbe nan medyokrite men ki chache fòme tèt yo pou ede Sosyete a. Ayiti pap peri !

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 07/03/2023

Ayiti pap peri! Fraz sa a dwe rete grave nan fon kè nou. Wi , Ayiti pap peri! Se pou sa Anndan Lekol Petit Chaperon Rouge, nou kwè nan fòmasyon timoun yo, kalite a nou fè li priyorite pou nou. Paske Ayiti nou pral konstwi a pap ka fèt san bon konesans.
Timoun jodya , granmoun demen! Nou konprann nou menm ki gentan nan 50 tan se ale nou prale e byen fò nou prepare jèn jenès la pou ranplase nou. E se tris lè nap gade jan yap detwi jèn jenès la, anpil ladan yo pran nan move angrenaj, swa paske yo grandi nan yon move zòn ou byen yo swiv anfliyans zanmi. Sa koz yon gwo gaspiyaj nan mitan yo. Si anndan lekol yo nou pa ba yo bon ankadreman nou riske gen yon twou ant vyeyès ak jenès paske moun ki pou ta ranplase nou yo , ap fin peri. Yo lage yon zam nan men yo, ki pap mennen yo lot kote ke nan simityè.
Li lè li tan pou afè yon timoun ki fin lekol ap fè twazan ap tann pou l antre nan yon inivèsite dwe fini. Wi timoun nan chita ap tann opòtinite pou l antre nan yon fakilte tandiske lap gaspiye tan. Moman sa yo lap pase ap tann nan sifizan pou li ta yon ebenis yon mekanisyen yon boss mason etc.
Lekol nou yo dwe komanse bay timoun yo bagay pou yo defann tet yo. A 17 ans timoun nan ta sipoze jwenn yon bagay pou l fè pou eseye antre kob.
Ayiti ap renouvle se lè nou tout ap pran responsablite pou nou edike timoun yo yon lot fason.
Nan Petit Chaperon Rouge, nou aprann timoun yo depi tou piti renmen teknoloji . Pa bliye : lè timoun nan ap reflechi e pi men l ap aji se yon gwo bagay . Se pou nou repanse bagay yo nou rev nou yo kap reyalize: Ayiti pap peri !

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 07/03/2023
Photos from Petit Chaperon Rouge's post 05/03/2023

Gen anpil moun ki panse m nan rev lè m di ayiti pap peri! Mwen pa nan rev men map swiv angajman ak sakrifis kèk paran fè pou pouse timoun yo lekol nan yon peyi an ranyon ki rive kanmenm pwodi yon pwofesyonel. Kalite timoun sa yo , yo pi plis ke sa nou ta ka imajine. E ti gwoup ki chwazi pa ale lekol yo pa pi plis pase yo. Men nap viv nan yon peyi kote yo pa bay valè an enpòtans. Se moman medyokrite ak fènwa kap reye. Mwen rete trankyl paske mwen toujou kwè fènwa pap janm genyen limyè. Yon jou lap jou e yon jou solèy la va klere e lè sa a na wè ki kantite bon ti grenn nou te genyen anba pay. Entèlektyèl nou genyen yo se tankou mango ki mi anba fèy. Yo la men nou pa ka wè yo.
Men yo la ap grandi , yap pare pou lè jou a rive e lap rive. Mwen te gen chans nan Petit Chaperon Rouge rankontre yon seri de timoun ki pou anyen pa tap twoke savwa kont medyokrite . Timoun sa yo depi yo piti , mwen te deja wè nan yon limyè a. Ki vin fè malgre moman difisil ke peyi a ap konnen la yo, yo toujou ap etidye paske lespwa pou yon demen meyè grave nan kè yo. Ayiti pap peri, se pou sa nou menm ki angaje nou nan edikasyon , prepare jèn nou yo ak prensip, disiplin, teknoloji . Konsa ya va itilize sajès yo pou yo sèvi peyi a.
Pa bliye se ak edikasyon ki byen fèt pou nou detwi jèm gang nan. Chak timoun nou byen edike se yon bandi nou touye nan vant. Sispann ak fòmasyon teyorik yo selman, aprann yo fè Pratik, konsa sèvo a ap reflechi e men yo ap aji. Yon sèvo kap reflechi e men nan pa ka aji se tankou nou fòme yon andikape. Yon moun kap pale bel bagay toutan men ki pa ka mete yo an pratik.

Ak tout ansyen elev Chaperon Rouge ki rete sou chimen konesans la, mwen fyè de nou , mwen poko gen foto nou tout men mwen espere jwenn yo, pou m montre Lemond antye ayiti pap peri. Imaj medyok la pa ka reprezante peyi nou. Nou vo plis ke sa !

Viv ayiti renove ak jèn ki gen tet byen ranpli e byen fèt !

Photos from Petit Chaperon Rouge's post 14/02/2023

Journée Des roses au petit Chaperon Rouge .

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Croix des Bouquets ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Type

Adresse


400 Rue Stenio Vincent
Croix Des Bouquets