07/05/2024
Sans ! Se sa ki manke nan 95% sa nap fè
Èske w te konnen rezon prensipal ki fè w malere, tris, deprime, se paske w ap chèche ere, jwenn bonè a toupri, men w bliye bay vi w yon sans, yon misyon.
Map pran egzanp lan sou mwen
Pa gen pi depriman ke :
Leve, benyen, al travay,
al nan gym, antre lakay ou epi dòmi.
Ou wèl senp ? Ebyen repete sa selman landan yon lane wap konprann.
Ebyen se konsa mte santi m, jiskaske mvin jwenn yon pouki map fè sa. E otomatikman mte jwenn yon pouki, mte tou konn yon kilè map sispann fè sa pou m fè bagay ki pi entèresan.
Se pwoblèm nou tout, nap chèche bonè men san konn rezon dèt de seri de bagay, san w pa konn pou kisa wap fèl.
Chèche bay vi w yon sans
chèche bay sa wap fè a yon sans
Bonè a ap vini poukont li.
SM
06/05/2024
Tout moun ki nòmalman konstitiye ap konprann sa m pral di an, e prete atansyon.
Kè w pwòp se vre
Ou se yon moun sansib se vre
Ou se yon moun kè nan men se vre
Ou se moun kap bliye tèt ou pou lot se vre
Men sa pa fè de ou yon kapèt ke tout moun ka souye pye yo, nenpòt lè yo vle, ke tout moun ka derespekte nenpòt lè yo vle ?
Reprann eskranp figi w, re achte respè w
Aprann remèt enèji ke w resevwa
Pa kite moun jwe sou kè nan men w lan
Pa kite moun jwe sou bon moun ou an
Mwen gen lafwa nan limanite toujou, paske nou plen bon kote, men gen de eksepsyon si w kite yo fè sa yo vle, yap fè sa yo vle avè w.
Kalite w yo pa fè de ou yon moun ki fèb, li fè de ou yon moun ki nayif ki wè bon tout kote, e sa se yon defo ke w dwe rezoud.
Pap janm gen bon tout kote, mpa di w aji, mdi w senpleman pa bay okenn kote pou moun abize de bonte w, de sajès ou.
SM
02/05/2024
Mwen vle w pran san w pou w li l
Sa ap ede w chwazi chimen wpou rès vi w
E se la nou tout bloke a,
nou pa konn kijan pou n adapte nou.
Nou te gen kòm modèl paran nou yo ki te konn al lekòl, fè 14 lane, epi etidye yon bagay fè 4 ou 7 lane epi apre sa yo jwenn yon travay ki pèmèt yo viv e okipe fanmi yo, e se modèl sa yo ansenye nou paske se li k te mache pou yo nan epòk pa yo.
Epi nou menm nou al eseye l tou epi se la nou tonbe nan ilizyon an, lè nou rann kont ke sa pa mache jan nou swete l la, epi yon lòt ti jèn menm laj avèk nou ap fè 2000$ nan yon jou ki pa gen metriz nou genyen, lisans, doktora nou genyen yo.
Sak pase ? Jan de bagay nap etidye yo, yo te itil anpil paske se te epòk endistri yo, te plen faktori, yo te benzwen tout sòt de metye ke moun ta dwe kapab fè, sekretè, kontab, elatriye, paske yo te benzwen yo nan epok sa.
Men nou nan epòk enfòmasyon an la, se yon mond robotize, e nan 10 lane gen branch ki pap egziste ankò paske yon entèlijans ap rive fèl pi rapid e lap kote mwens kòb.
Sa pou n fè nan ka sa ? Se pozisyone nou nan branch ke menm apre 50 lane yap stil benzwen yon moun pou sa.
Si w anvi konn ki tip de branch ou ka kite yon mesaj.
Itilize nouvo kle, pou nouvo pòt
SM
29/04/2024
Wap pare, wap nan wotè pwogrè sa
Wap gen enpresyon ke w te fèt selman pou moman sa.
Wi, map pale de jou pa w lan, se pa tankou yon jou kap jis vini konsa non, tankou jodi an lendi epi blop li vini demen, non! Menm ou menm ou pap rann ou kont de sa, se yon bon jou wap jis di tèt ou :”Rete! Sa kap pase konsa? Apa vim chanje !”
Paske se yon pwosesis li ye, e se pandan w ladan an lap rive w, sa pa vle di w pap gen pwoblèm non, e se petet rezon sa ki fè w pap rann ou kont de sa, men de de pwoblem ki diferan de sa w te konn genyen yo.
Gen moun ki panse jou pa yo a se tankou genyen milyon nan yon bòlèt, oubyen yon sak lajan sot nan syèl la.
Non, fow travay, e se nan travay wap wè si w fokis, yon jou konsa, wap tcheke kont ou, wap gad kote w ye nan moman an, wap gad lavi paran w epi wap di (Damn! Menm rive mpa menm rann kont)
Kwè nan pwosesi lan fanmi m
SM
27/04/2024
Egoyis se lè non sèlman ou wè tèt ou avan, men ou wè tèt ou sèlman.
E mpa vle w nan kategori sa, mwen vle pou w fokis sou tèt ou dabò aprè pou w fokis sou lòt yo.
Li enposib pou w rale lòt yo sot nan tou an si w ladan tou ou menm.
Respekte w, renmen w,
apresye moun ou ye a
SM
26/04/2024
Ou dwe toujou gen yon ekilib ant mind ou epi santiman w, poukisa ? Paske gen desizyon wap gen pou w pran nan vi sa, sa ap fè w mal pou w pran l, men w dwe pran sinon li ka pi grav.
Tout chwa ki baze sou santiman sèlman ap fini pa tounen yon dezas, paske santiman yo se de bagay ki vag, yo moute, yo desann, nan kè kontan ou ka fè gwo pwomès ou pa fouti kenbe, nan gwo kolè ou ka di de bagay ke w pat panse.
Banm ba w egzanp de kisa desizyon santre sou santiman sèlman ka fè w fè :
“mkonn yon dam, ki te gen yon mari ki vyolan anpil, mpa konn pou ki rezon men manzè pat deside kite misye, li di oh lap chanje kanmenm, epi yon jou misye antre a 4è e manzè potko fin fè manje a, nan tire kou sou manzè men l frape chodyè pwa a epil voye l sou manzè, dam nan defigire, se grèf po yo blije fè men boule a te twazyèm degre e sitou po vizaj fen. E nan poze l kesyon avan jijman nèg la, li di konsa, tande byen wi “Mte toujou konnen ke sa gen pou l rive la, swa l te touye m oubyen fèm yon gwo mal, men mpa konn pou kisa mte rete” lespri l te konn verite a, men kè l te refize aksepte l “
Evite fè tankou dam sa, nan nenpòt sitiyasyon an, pa kite santiman w gide w sèlman, sinon regrè a ap amè.
SM
25/04/2024
Sa se youn nan rezon ki fè anpil moun santi yo pa ere, yo santi yo dezespere.
Mank, se yon maladi, e sil pran w ou pap janm santi w bien nan vi w ankò paske wap toujou gen sansasyon ke yon bagay manke, wap toujou a la rechèch, wap toujou ap chèche konble yon vid.
Santiman mank, fè w pa konn valè sa w posede deja, ou ka fin goumen pou w gen yon bagay, aprè 2,3 jou ou wè se yon lot bagay ki ka pwokire w bonè e w pral soufri paske w pa gen lòt bagay lan.
Poutan gen bagay ou posede deja, si w te konn byen gade yo, ou tap rann ou kont ke w pa manke anyen, ke sakrifis ou te fè pou w te genyen l lan vo lapèn pou w renmen l e admire l.
Fè kè w kontan ak sa w posede deja, pandan wap travay pou sa w vle posede.
SM
23/04/2024
Se blokaj anpil nan nou kap swiv SM, nou pa vle fè anyen pou n pa blese lòt la, nou pè fè de bagay kap bon pou devlopman nou paske n pa vle lòt la pran l mal,
“ oh sim aji konsa, kisa yo pral panse de mwen ? “
“ Oh si m lanse pwojè sa mpa di tout moun sa, yo ka mal pran l … “
Yooo, ou rann ou kont nan ki pwen w limite ? E se pa menm yon vrè limit, paske se ou ki envante l, eske w te konnen ke w prale poukont ou lè jou final la rive ? E si w pat gentan atenn potansyèl ou sou tè sa se ap sèl fòt ou ?
Mswete w panse ak sa pwochen fwa wap pran yon desizyon pou vi w epi w mete faktè emosyon lòt moun ladan.
Ou pa vin fè terapi sou tè sa, wi wap fè moun kontan, wi wap fè moun fache, sa pa pwoblem toutotan w fèl pou w kontinye monte pi wo e o final yap konprann, kit li te fanmi w, zanmi w.
Retire pwa sa sou do w, epi vanse…
SM
22/04/2024
Ou konn leve yon maten, ou pa jwenn fòs menm pou w leve sou kabann ou, ou pa anvi fè anyen e se pa parès ki koz.
Dèfwa w konn jis fatige alòske w pap fè anyen, ou santi wap make pa sou plas, e mande tèt ou ki kote wap ye aprè 5 an konn epwize w matalman.
Mkonprann sitiyasyon sa yo, ou se yon moun, wap toujou gen moman dout sa yo, swa a koz de yon sitiyasyon wap viv aktyèlman, swa paske malgre tout efò w ou wè pa gen gwo chanjman.
Men mvin raple w yon bagay, pa janm bliye enèji inisyal la, pa janm bliye rezon ki te fè w kòmanse an. Ou pa wè ki rezon ? Ebyen jis mande tèt ou kiyes kap peye sa le jou w ta bay vag epi wap wè rezon an.
Li ka moun ki konte sou ou yo, li ka avni w, li ka papa w, manman w, pitit ou, ebyen se rezon an sa e mpanse l dwe pi fò ke tout dout, ke tout fatig, ke tout dekourajman.
Se jis yon move tan, lap fè klè
E lap fè jou, ou mèt kwè m
SM
19/04/2024
Se jan w tande l lan, si w tonbe epi w ret atè a, se respè w pa gen pou tèt ou.
Si w abandone yon pwojè w paske yon moun pa valide l, se respè w pa gen pou tèt pou ou.
Si w aksepte nenpòt bagay nan men moun, se respè w pa gen pou tèt ou.
Mpale de respè paske l se premye sin lanmou an, yon moun ki renmen w premye bagay lap fè lap respekte w, e si w te renmen tèt ou premye sa w tap fè ou tap respekte w tou.
Leve gason m, leve fanm djanm
al pran sa w merite a tande
Devlope plis lanmou pou tèt ou
Devlope plis respè pou tèt ou.
SM
18/04/2024
Map pale ak sila kap tann pi bon jou yo
Map pale ak sila kap tann lòt ane yo
Map pale ak sila kap tann lè l gen yon pi bon telefòn yo, ou sila kap tann lè peyi an bon an.
Mvin di w konsa ke jou yo pase tankou bouji ki limen, e lap etèn sou ou avan menm ou jwenn sa w tap chèche a.
Nou souvan gen abitid sa, nou wè n ka fè yon bagay, dèfwa nou ka fèl kounya, men nou trennen l e chèche tout lòt eskiz pou n pa fèl.
Banm ba w istwa yon patnèm ki tèlman entèlijan : “Misye gen fanmi l ki aplike pou li nan yon pwogram pou l antre USA, misye kontan, men misye sou men l, misye di an atandan m vini banm metem sou menm. Misye aprann baz anglè yo, misye degaje l la l aprann fè kèk kout volan, misye aprann plis sou sistèm ekonomi state lap desann lan, misye enfòme l sou koze taks, misye aprann yon bann lòt bagay. E sa te pran l egzakteman yon lane ak 10 jou preparasyon jistan l resi bon epi l vwayaje, misye te tèlman byen prepare l ke li fasilite lavi moun ki antre l yo e kounya lap job, lap save. “
Se yon istwa banal pami yon bann, jis pou m di w, ti wòch ou wè ki sou wout ou a si w ka deplase l kounya ou pa fèl, lap yon traka pou ou demen.
SM
16/04/2024
Opòtinite yo leve ak solèy la,
Opòtinite yo leve ak premye bouche oksijèn ou pran lè w fèk leve nan dòmi.
Premye opòtinite a se ke w vivan toujou e nap rann Bondje gras pou sa, e lòt opòtinite yo souvan fè swivi a, ou jis pa rann kont de sa. Paske se pa yo wap tann.
Ou souvan ap tann yon moun ekri w ou rele w pou l di w men sa, fè sa, men souvan se ou k pou al chèche yo.
- Anba douch la, lide kap vin nan tèt ou pandan wap benyen yo ? Ou panse si w te kòmanse yo ou patap gentan lwen ?
- Nan lari an, dam sa ou mesye sa kap souri ba w la, li ka gen yon bagay li benzwen e se ou ki ka rezoud sa
- Biznis sa ki bò lakay ou an ki pa sou Facebook ak Instagram e si w fè promotion pou yo ?
Mpran egzanp biznis, men tout antouraj ou plen opòtinite, piti kou gwo, e sou tout pwen, ou ka rankontre moun ki pral manman ou papa pitit ou an deja poutan w kite l ale, jis paske w pat reponn a souri l te ba w la.
Ann ret atantif, ann travay sou tèt nou
Ann travay sou entèlijans sosyal nou.
Konsa nou pap manke preparasyon
SM