12/01/2026
akolad
Atelye Kreyasyon, Oryantasyon, Leadership, ak Aksyon pou Devlòpman (AKOLAD) est un organisme social à but non-lucratif.
12/01/2026
10/01/2026
Festen Tradisyonèl : Kè Kontre 2025
Retou an imaj sou pèfòmans Atelier de Tambour de CCMEC
CP : Kafou Koneksyon
゚viralシviralシfypシ゚viralシalシgood
09/01/2026
Festen Tradisyonèl : Kè Kontre 2025
Retou an imaj sou pèfòmans Authentic Band & Authentic Compas
CP : Kafou Koneksyon
゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ ゚viralシviralシfypシ゚viralシalシgood
03/01/2026
Festen Tradisyonèl : Kè Kontre, yon modèl solidarite ak angajman kominotè nan komin Kafou
Nan dat 30 desanm 2025 lan, kominote Kafou a te viv yon bon moman rich an koulè, rit ak emosyon nan Festen “Tradisyonèl : Kè Kontre”, yon aktivite kiltirèl ki te rasanble jèn, granmoun, òganizasyon kominotè ak enstitisyon nan Kafou. Yon makonnen ki fèt ak valè idantitè, solidarite ak eritaj nasyonal nou kòm pèp.
Evènman sa a te reyalize sou inisyativ AKOLAD (Atelye Kreyasyon, Oryantasyon, Leadership ak Aksyon pou Devlòpman), an kolaborasyon ak CCMEC (Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne), AKOLIT, ak Rèv Mwen Se Bousòl Mwen, avèk kontribisyon aktif plizyè òganizasyon ak estrikti jèn nan komin Kafou. Pami yo, Club Littéraire Emeric Bergeaud (CLÉB), Antreprenarya San Dola (ASD), Zwezo, Balade Agence Événementielle (BAE), Jèn pou Jèn, Kafou Koneksyon, e-Jeunesse, Centre de Réflexion et d’Intégration Formelle (CRIF), Physio Harmonie Mot des Arts et du Droit (MAD), ansanm ak lòt gwoup ki, dirèkteman oubyen endirèkteman, te angaje yo nan yon veritab konbit kominotè pou reyisit aktivite sila.
Sou plan atistik, piblik la te apresye pèfòmans Authentic Band ak Authentic Compas, ki te bay bèl pèfòmans enstrimantal ak jwe bon jan mizik konpa.. Atelier de Tambour CCMEC te ofri yon demonstrasyon remakab ak son tanboun tradisyonèl, pandan atis Lounialie Belton ak Cap Oral te bay evènman an yon dimansyon espesyal ak entèpretasyon ki touche piblik la. Animasyon an te asire ak anpil metriz pa Jean Samuel Fleurant, ki te kenbe dinamik evènman an vivan pandan tout sware a.
Kòdonatè Jeneral AKOLAD la, Mesye Emmanuel Michel, eksprime satisfaksyon li, pou li menm : « Festen Tradisyonèl : Kè Kontre se pou nou yon sinyal fò ki montre a klè ke jèn yo, granmoun yo ak estrikti komin Kafou yo se yon modèl rezilyans. Malgre tout difikilte yo ap travèse, yo toujou demontre volonte pou angaje yo nan devlopman peyi a, pou prezève valè ak dinyite nou antanke Ayisyen, nan yon lespri solidarite ak konviksyon ke Ayiti demen an ap posib sèlman nan tèt ansanm. »
Festen Tradisyonèl : Kè Kontre te depase kad yon senp fèt. Li te tounen yon espas rankont, refleksyon ak rekoneksyon kote kilti sèvi kòm zouti rasanbleman, dyalòg ak konstriksyon sosyal. Patisipasyon piblik la demontre klèman enpòtans ak aktivite kiltirèl ki plase kominote a nan sant devlòpman.
Atravè inisyativ sa a, òganizatè yo mete aksan sou valè solidarite, tèt ansanm ak angajman sitwayen, kòm pilye esansyèl nan pwosesis devlòpman dirab peyi a.
Pou plis enfòmasyon :
AKOLAD( Atelye Kreyasyon, Oryantasyon, Leadership ak Aksyon pou Devlòpman)
[email protected]
゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ
01/01/2026
Bonne fête de l'indépendance à vous toutes et à vous tous !
゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ
31/12/2025
La communauté AKOLAD (Atelye Kreyasyon Oryantasyon Leadership ak Aksyon pou Devlòpman) souhaite un très joyeux anniversaire à son collaborateur et coordonnateur de AKOLIT Leonardo Belance ! 🥳
25/12/2025
🥁 ANONS OFISYÈL 🥁
Atelier de Tambour CCMEC konfime prezans li pou "Festen Tradisyonèl : Kè Kontre".
Son tanbou, memwa zansèt yo pral pran lavi pou fè kè nou bat ansanm 💓🥁
📅 30 desanm 2025
📍 Centre Culturel Municipal Emmanuel (CCMEC)
Vini viv yon moman kote kilti, tradisyon ak kè kontre 🤍
25/12/2025
ANONS OFISYÈL 🔥
Authentic Band konfime prezans yo pou Festen Tradisyonèl : Kè Kontre 🎶💃🏽🕺🏾
Prepare nou, pye nou, vibe yo pral anflame sware a.
📅 30 desanm 2025
📍 Teras Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne (CCMEC)
Pa rate randevou sa a kote kilti, mizik ak kè ap kontre ❤️
24/12/2025
ANONS PATENARYA
Nou kontan anonse nou patenarya nou fè ak AKOLAD nan kad Festen tradisyonèl kè kontre k ap òganize nan dat 30 desanm 2025 a 9è nan aswè.
Se ap sware kote nou pral kontinye mete kilti nou an valè nan dekorasyon nou, manje n ap gen pou n manje, pwogramasyon nou, elatriye.
Nou envite nou kontre men nou, kontre kè nou pou n fè vwayaj sa ansanm ak AKOLAD menm jan BAE gentan fè l🫂🫂🫂
BAE : Yon patnè ideyal pou yon evenman inoubliyab !
Ou ap tann tikè yo fini sou ou?🥱
W ap kite tikè yo fini sou ou?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Site Web
Adresse
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 17:00 |
| Mardi | 09:00 - 17:00 |
| Mercredi | 09:00 - 17:00 |
| Jeudi | 09:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Dimanche | 09:00 - 17:00 |
01/01/2026