28/01/2024
Menli wi, tout tande ou tande yo fanatik fantom lan, se nan bouch wi frèm, yon si bèl mizik konsa ke mesye yo fè pou pitit yo, tout sa k'ap di'w ke yo fanatik fantom la , yo pa janm sipòtel nan anyen vre non, gad konbyen K ke fantom ap fòse genyen, bagay nou menm chinwa n'ap fè nan 30 minit sèlman. Ou wè li, menli wi frêm. Bondye fè fantom konnen yo se fake avanm. Ban'n blofè.
10/01/2024
Wendy se yon mit, pou'w konpran'n li sa mande anpil klè vwayans ak bon sans, donk arevize.
10/01/2024
Nou se foumi, lè n'ap mòde'w nou mòde'w nan vajinalman, piti que tu étais, piti que tu es, et tu seras. Alon'w vye Wendy sa, yon nèg konsa poum pa ta fanatik li, ou t'ap rim anpil. Afè lekòl se gwo koze, ti nonm lan jwe ak mo yo, sou kon'n lè l'ap...antouka viv wendy pou toutan gentan.
06/11/2023
Otan de fwa li ba'w okazyon pou'w renmen'l, renmen'l. Otan de fwa li montre'w ke'w enpòtan e gen plas ou nan li, ret avèl. Otan de fwa li ba'w respè ak valè ke ou merite, rete avèl. Otan de fwa li montre'w ke ou se sèl priyorite'l, ret avèl. Men si pa malè ou ta wèl vle pran yon lòt direksyon, jis kite'l ale, kitel ale menm si aprè ou pa kon'n kisa'w pral di moun kite konnen'w te avèl la, kitel ale...
02/10/2023
Yo pale nou wi, sa'n pran se pa nou, komisyon pa chay...!
24/06/2023
Paul était artisan, Pierre était pêcheur et Jésus était charpentier.
Si votre pasteur n’a pas de travail, c’est un voleur. Nou klè sousa.
21/10/2022
M'swete ke Bondye gade nan'm ou an abondans, ou devan nou dèyè patizan, God bless...!
22/02/2021
Pa janm kite mal ke yon moun fè'w jwe sou ou, pou'w di w'ap fè yon lòt peye sa, nan pwovèb lakay pou'w ap di kou pou kou Bondye ri sa. Non non sa pa bon e li p'ap janm bon, pa janm panse a ran'n mal pou mal konsa pou mal pa mare zanmi ak ou, donk toujou bat pouse moun kifè'w pou'w pa janm fè moun, paske pawòl la di, plis yon moun ap fè sak byen, se plis moun sa ap resevwa sak byen, konsa tou, plis yon moun ap fè sak mal, ebyen se plis moun sa ap rekòlte sak mal, so toujou bat pouse moun ki paka gade'w nan zye akoz de sa ki mal ke'l fè'w, olye se ou ki paka gad yon lòt nan zye akoz de sa ki mal ke'w fè, donk viv pou ou e viv pou yon lòt, konsa pou tout sa w'ap fè ka an favè la nati...😎🇱🇷 Nèg a Bab la
19/10/2020
Yon ane de tristès e de dezolasyon, yon ane de touman e de boulvès, yon ane de tribilasyon e de strès, yon ane de dlo nan zye e de dèy, yon ane de soufrans e de kè sere, jouska prezan Bondye pwoteje'w ladan, jis kisi Senyè a pran swen'w ladan, donk ou pa panse ke Senyè a merite yon gwo remèsiman zanmi, ou panse ou ta dwe pran yon titan nan tan'w e nan tan plezi'w yo pou'w di Bondye mèsi pou mizèrikòd li anvè'w, ou pa panse ou ta dwe ap di le Syèl mèsi san'w pa bezwen kon'n pouki zanmi, ou pa panse sa?😎🇭🇹
18/10/2020
Ou p'ap fè siksè se si'w bay vag, ou p'ap fè siksè se si'w abandone rèv ou, ou p'ap fè siksè se si'w kite medyokrite detwi konviksyon'w, ou p'ap siksè se si'w pa kon'n kote'w prale, ou p'ap fè siksè se si'w pa kon'n enpòtans enèji ki an'ndan'w lan, donk pou'w fè siksè, ou bezwen konviksyon, ou bezwen volonte, ou bezwen konfyans ak detèminasyon konsa pou'w ka rive aten'n somè la vi a, pa okipe'w de imilyasyon'w yo paske yo fèt pou ou, pa okipe'w de kritik ou yo paske ou paka anpeche yo, donk ret fokis e sensè ak lafwa'w, konsa si'w pa abandone, yon jou wa va di, sa pat fasil pou mwen, men m'reyisi o non de Jezi...!😎🇭🇹