Me Papillon Fritzny

Me Papillon Fritzny

Partager

Avocat �

08/10/2025

🙄🙄🙄

06/01/2024
11/09/2022

L'origine de la Robe d'avocat

20/08/2022

On ne change pas une equipe qui gagne.


13/04/2022

𝗦𝗜 𝗘𝗞𝗦𝗧𝗥𝗘̀ 𝗔𝗖𝗛𝗜𝗩 𝗕𝗔𝗧𝗜𝗦𝗧𝗘̀’𝗪 ,𝗔𝗞 𝗠𝗔𝗥𝗬𝗔𝗝 , 𝗔𝗞 𝗗𝗜𝗩𝗢̀𝗦 𝗢𝗨 𝗚𝗘𝗡 𝗘𝗥𝗘̀ 𝗟𝗔𝗗𝗔𝗡’𝗟 𝗢𝗨𝗕𝗬𝗘𝗡 𝗟𝗜 𝗣𝗔 𝗔𝗡𝗥𝗘𝗝𝗜𝗦𝗧𝗘 𝗗𝗜𝗧𝗢𝗨 𝗠𝗘𝗡 𝗞𝗜𝗝𝗔𝗡 𝗟𝗔𝗟𝗪𝗔 𝗗𝗜 𝗣𝗢𝗨 𝗣𝗪𝗢𝗕𝗟𝗘̀𝗠 𝗦𝗔 𝗥𝗘𝗭𝗢𝗨𝗗:

An Ayiti lè yo di ak deta sivil se ak ofisye eta sivil yo fè. Preske chak komin nan peyi a genyen Yon OEC sa vlé di Yon biwo eta sivil e se nan biwo sa yo fe batistè , ak maryaj , ak divòs ak desè elatriye.Tout biwo sa yo genyen Régis eta sivil pou yo anregistre sa ki fet yo. Chak rejis sa yo gen doub e chak sa ki fèt anregistre nan tou de. Nan fen lane rejis sa yo fèmen e yo voye Yon egzanplè nan Achiv nasyonal .

Toutotan Yon ofisye eta sivil rete nan pòs li li gade yonn nan Régis yo e Li kapab bay ekstrè ak Li anrejistre yo.

Rejis eta sivil yo kontwole chak peryòd pa tribinal premye enstans, e lè Yon ofisye eta sivil kite travay Li pou Yon rezon kelkonk Li transmèt nan gref tribinal premye enstans zòn Li an tout rejis ki te rete nan Biro Li pandan Li te an fonksyon.

Achiv nasyonal Li menm Li genyen an prensip Yon doub de tout rejis sivil peyi a. Sitwayen yo kapab lè yo vle mande yon ekstrè de ak yo nan biwo Achiv nasyonal. Pou Yon batistè pa egzanp sitwayen an bezwen prezante tout enfòmasyon sou nesans Li. Kom enfomasyon sitwayen a ka bay batistè li , si Li pa genlli ka bay ak batèm si li se katolik oubyen Yon prév prezantasyon otanp sili pwotestan pou Achiv fe rechèch la pou li.

Si Achiv pa jwenn li , si ofisye a fè ere oubyen rejis sa ta pèdi ou andomaje li pa rive nan Achiv , Achiv ap ba ou Yon "setifika négatif"

Men tou ou konn jwenn li , non ou , dat nesans ou, non papaw manmanw elatriye konn mal ekri. Sa ki konn fè sa pafwa se depi lè paran'w ap bay ofisye a non ou li te mal ekri li, oubyen ofisye a ekri li jan li vle, erè a tou konn rive nan Achiv nasyonal , lè yap tape sa ki sou régis la yo fè erè.

Ou imajinew ou fè tout klas ou ak siyati paran'w ki se "Flereme" konnya lè w bezwen fè Yon paspò ki egzije ekstrè ou mande Achiv yonn yo ba ou li ak non "Fleurime". Menm Jan avem m kwe gen anpil nan nou ki viktim de pwoblem sa.

Anvan nou al wè kisa pou nou fè pou korije batistè nou Ann gade kisa lalwa di sou kesyon an.

🔴Le Yon timoun fèt paran Li jeneralman dwe deklare nesans lan devan ofisye eta sivil kote ti moun nan fèt la oubyen devan ofisye eta sivil kote paran timoun nan rete . Lalwa di fok deklarasyon sa fèt nan mwa akouchman an. Si apre 2 lane dat lalwa prevwa deklarasyon nesans lan pa fèt ou pwal bezwen Yon jijman tribinal sivil nan jiridiksyon kot ti moun nan fèt la ou tribinal kote paran ti moun nan rete pou ofisye a ka mete Li nan rejis Li yo.( Atik 55 kòd sivil)

🔴Si paran ti moun nan mouri moun ki vle deklare ti moun sa bay ofisye eta sivil la dwe refere Li a Dwayen tribinal sivil la l'ap voye Yon rekèt bay Dwayen an pou mande Li rann Yon òdonans pou otorize ofisye a resevwa deklarasyon nesans lan. Jijman sa an fransè rele " tenant lieu d'acte de naissance" ( Atik 55 alinéa 6 kòd sivil).

𝙎𝙖 𝙥𝙤𝙪 𝙛𝙚̀ 𝙨𝙞 𝙗𝙖𝙩𝙞𝙨𝙩𝙚̀𝙬 𝙥𝙖 𝙖𝙣𝙧𝙚𝙟𝙞𝙨𝙩𝙧𝙚:

🔴Avek batistè ou wap mande Achiv si wi oubyen non siyati ofisye a ki anba ak la se vreman siyati li. Si répons lan se wi wap adresew à Dwayen an ki pwal rann Yon jijman " au rang des minutes" nan jijman sa Dwayen an ap òdone Achiv pou Li konsidere batistè a e pou Li ba'w ekstrè ak sa.

𝙎𝙖 𝙥𝙤𝙪 𝙛𝙚̀ 𝙨𝙞 𝙮𝙤 𝙛𝙚̀ 𝙚𝙧𝙚̀ 𝙣𝙖𝙣 𝙣𝙤𝙣'𝙬:

🔴Si ou rele " Pelex Flereme" lè ou al fè ekstrè ou wè se " Pelix Flereme" yo mete ou dwe pote kesyon an devan Dwayen tribinal sivil pou kapab genyen Yon " jugement d'identité". Dwayen an pwal deside ke ni Pelex Flereme e ni Pelix Flereme se menm moun nan e dezòmè non ou se Pelex Flereme. Lè sa wap jwenn ekstrè à Jan jijman an di sa.

🔴Si nesans ti moun nan pa deklare Yon mwa apre akouchman an Jan Atik 55 kòd sivil la di sa, si paran yo vivan, pou yo ka jwenn batistè ti moun nan yap fè Yon jijman yo rele " jugement de déclaration tardive de naissance" si paran yo mouri yap refere yo ak sa yo rele " jugement tenant lieu d'acte de naissance ".

𝙀 𝙨𝙞 𝙮𝙤𝙣 𝙢𝙤𝙪𝙣 𝙙𝙚𝙨𝙞𝙙𝙚 𝙘𝙝𝙖𝙣𝙟𝙚 𝙣𝙤𝙣 𝙇𝙞 𝙣𝙚𝙩 ?

🔴Nan dat 29 me 1968 te genyen Yon dekrè- lwa ki te modifye Atik 813 kòd pwosedi sivil la sou zafè chanje non. Dekrè sa di tout moun ki gen Yon non ki pa koresponn ak non ki sou ak eta sivil Li yo kapab fè jijman pou korije sa . Men aprè sa Li entèdi fòmèlman pou Yon moun chanje non ak siyati Li volontèman.

Aussi simple que ça !!!

𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n'oubliez pas de mentionner sa source
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Vous ne nous suivez pas encore sur les réseaux sociaux ? Alors qu’attendez-vous ? pour suivre toute notre actualité Rejoignez-nous sur:
• 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/

• 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme

• 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme

• 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735

𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw

𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/

06/04/2022

𝗔𝗣𝗥𝗘 𝟮 𝗟𝗔𝗡𝗘 𝗡𝗔𝗡 𝗗𝗪𝗔 𝗢𝗨 𝗞𝗔 𝗙𝗘̀ 𝗧𝗜 𝗞𝗢̀𝗕 𝗢𝗨 𝗞𝗢̀𝗠 𝗙𝗢𝗡𝗗𝗘𝗣𝗢𝗨𝗩𝗪𝗔. 𝗠𝗘𝗡 𝗧𝗢𝗨𝗧 𝗦𝗔’𝗪 𝗗𝗪𝗘 𝗞𝗢𝗡𝗡𝗘𝗡 𝗦𝗢𝗨 𝗙𝗢𝗡𝗗𝗘𝗣𝗢𝗨𝗩𝗪𝗔:

Yon fonde pouvwa se yon moun ki envesti de pouvwa pwokirasyon poul aji nan non yon lòt moun ou yon sosyete.

Fondepouvwa a se yon etidyan ki fini fè 2 lane nan dwa ki pwal fè twazyèm ane . Se pa konsa konsa ou vin fondepouvwa . Gen lwa nan peyi Dayiti ki di jan sa dwe ye.

Lwa ki pale de fondepouvwa a se yon lwa ki la depi 6 jen 1919 e nan lane 1942 ak 1952 te gen kèk modifikasyon nan lwa sa.

Yon fondepouvwa se yon defansè piblik ki ka reprezante kliyan li selman nan dosye ki nan konpetans tribinal de pè. Apre 2 lane nan dwa a sa pa vle di ou tou fondepouvwa , non fòk ou prete sèman devan tribinal de pè zòn ou pwal afekte a.

Men sèman fondepouvwa yo prete a « je jure d’ observer les lois et règlements en vigueur, de respecter les droits de mes concitoyens et de défendre avec honneur et conscience les intérêts qui me sont confiés. »

Fondepouvwa a pa ka deside al travay nan tribinal de pè li vle , nan lang fransè yo di li pa gen « plenitude de juridiction » , konpetans fondepouvwa a teritoryal ( rationae loci). Si fondepouvwa a gen pou li asiste yon kliyan devan yon lòt tribinal nan yon lòt komin diferan de kote yo fikse domisil pwofesyonel li fòk jij de pè nan tribinal kote li afekte a ba li yon pèmi espesyal pou sa. Men nan okenn ka fondepouvwa a pa ka al asiste yon moun devan yon tribinal de pè jiridiksyon yon lot tribinal premye enstans.

Lwa ki pale de fondepouvwa yo di tou depi yon moun te okipe yon fonksyon pandan 5 lane nan tribinal ( ansyen jij , e sipleyan jij de pè , ansyen grefye tribinal premye enstans ou jistis de pè , elatriye) ou kapab plede pou moun devan tribinal de pè .

Yon moun ki pa respekte sa lwa sa di a ki vin plede pou moun devan tribinal yo kapab pousuiv li paske lap egzèse ilegalman yon pwofesyon.

Nan pwofesyon avoka gen òd disiplin men pa gen sa pou fondepouvwa yo, moun ki la pou voye je sou dezòd yon fondepouvwa fè se jij de pè kote lap travay la e komisè gouvenman jiridiksyon li an. Depi yon fondepouvwa fè yon zak li kapab jwenn avètisman , reprimand e menm sispansyon soti yon mwa pou pi pitit a 12 mwa pou pi plis. yon Fondepouvwa yo bay sanksyon sa ka egzèse dwa rekou li , si se jij de pè ki bay sanksyon an li ka fè rekou devan komisè gouvenman e si se komisè gouvenman ki bay li li ka fè rekou devan ministè lajistis.

Selon zak fondepouvwa a fè a sou kliyan oubyen lòt yo kapab radye li pou lavi pou li pa egzèse pwofesyon sa a jamè. Sanksyon sa li menm se konpetans ekskliziv tribinal premye enstans li ye e apre ka gen apel.

Aussi simple que ça !!!

𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©

⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n'oubliez pas de mentionner sa source
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Vous ne nous suivez pas encore sur les réseaux sociaux ? Alors qu’attendez-vous ? pour suivre toute notre actualité Rejoignez-nous sur:
• 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/

• 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme

• 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme

• 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735

𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw

𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/

20/02/2022

📚𝗟’𝗮𝘀𝘀𝗶𝗴𝗻𝗮𝘁𝗶𝗼𝗻 𝗲𝗻 𝗿é𝗳é𝗿é : 𝗽𝗿𝗼𝗰é𝗱𝘂𝗿𝗲 𝗲𝘁 𝗼𝗿𝗱𝗼𝗻𝗻𝗮𝗻𝗰𝗲 𝗱𝘂 𝗷𝘂𝗴𝗲 𝗱𝗲𝘀 𝗿é𝗳é𝗿é𝘀⚖️

🥇𝐑é𝐟é𝐫é✏️

✔️Le référé est une procédure contradictoire qui permet de demander au juge d’ordonner rapidement des mesures dans l’attente du procès qui tranchera le litige.

📖Dans cet article, nous verrons dans un premier temps en quoi consiste la procédure de référé. Nous nous intéresserons dans un second temps aux différentes caractéristiques de l’ordonnance rendue par le juge des référés. Nous examinerons enfin les voies de recours possibles contre cette ordonnance.


📚𝐋𝐚 𝐩𝐫𝐨𝐜é𝐝𝐮𝐫𝐞 𝐝𝐞 𝐫é𝐟é𝐫é✏️

La procédure de référé est soumise tant à des conditions de forme qu’à des conditions de fond.

🥇En ce qui concerne la forme, le juge des référés est saisi par voie d’assignation (article 485 du Code de procédure civile).

🥈En ce qui concerne le fond, le recours au juge des référés n’est possible que dans trois cas de figure.

📖Premier cas de figure : S’il y a urgence. Plus précisément, l’article 834 du Code de procédure civile dispose que « dans tous les cas d’urgence, le président du tribunal judiciaire ou le juge du contentieux de la protection dans les limites de sa compétence, peuvent ordonner en référé toutes les mesures qui ne se heurtent à aucune contestation sérieuse ou que justifie l’existence d’un différend« .

💯𝐈𝐥 𝐬’𝐚𝐠𝐢𝐭 𝐝𝐮 𝐫é𝐟é𝐫é 𝐨𝐫𝐝𝐢𝐧𝐚𝐢𝐫𝐞✏️

On comprend donc que le référé ordinaire pourra être mis en oeuvre qu’il y ait ou non un différend / une contestation sérieuse. La seule véritable condition imposée est en réalité l’urgence.

L’appréciation de l’urgence relève du pouvoir souverain des juges du fond.

📖Deuxième cas de figure : Le président du tribunal judiciaire ou le juge du contentieux de la protection dans les limites de sa compétence peuvent également prescrire en référé les mesures conservatoires ou de remise en état qui s’imposent, soit pour prévenir un dommage imminent, soit pour faire cesser un trouble manifestement illicite (article 835 alinéa 1 du Code de procédure civile).

💯𝐈𝐥 𝐬’𝐚𝐠𝐢𝐭 𝐝𝐮 𝐫é𝐟é𝐫é 𝐜𝐨𝐧𝐬𝐞𝐫𝐯𝐚𝐭𝐨𝐢𝐫𝐞 𝐨𝐮 𝐝𝐞 𝐫𝐞𝐦𝐢𝐬𝐞 𝐞𝐧 é𝐭𝐚𝐭.✏️

Le référé conservatoire n’est pas subordonné à l’urgence. Il suppose simplement un trouble manifestement illicite (c’est-à-dire un trouble dont l’illicéité ne fait pas de doute) ou un dommage imminent (dont l’appréciation relève du pouvoir souverain du juge).

❌Par exemple, le juge des référés pourra suspendre la diffusion d’une publication portant manifestement atteinte à la vie privée d’un individu.

📖Troisième cas de figure : Le juge des référés peut enfin, si l’existence de l’obligation n’est pas sérieusement contestable, accorder une provision au créancier (il s’agit du référé-provision) ou ordonner l’exécution de l’obligation même s’il s’agit d’une obligation de faire (il s’agit du référé-injonction) (article 835 alinéa 2 du Code de procédure civile).

✔️Dans ce cas de figure, l’urgence n’est pas requise mais l’obligation ne doit pas être sérieusement contestable.

En dehors de ces trois cas de figure, le juge des référés peut également être saisi afin d’obtenir des mesures d’instruction in futurum. A la différence des mesures d’instruction ordinaires, qui sont ordonnées dans le cadre d’une instance en cours, les mesures d’instruction in futurum sont ordonnées avant tout procès pour permettre à une partie de conserver ou d’établir la preuve de faits dont elle pourra se prévaloir lors d’un éventuel procès. Pour être prononcées, elles supposent donc qu’il existe un motif légitime de conserver ou d’établir avant tout procès la preuve de faits dont pourrait dépendre la solution d’un litige (article 145 du Code de procédure civile).

Il convient enfin de noter que le président du tribunal judiciaire a une compétence de principe en matière d’ordonnances de référé.

Toutefois, le juge du contentieux de la protection peut également, dans les limites de sa compétence, statuer par ordonnances de référé (article 834 du Code de procédure civile).

✔️En outre, le premier président de la cour d’appel peut statuer en référé :

Si la cour d’appel est déjà saisie ; et
S’il y a urgence (article 956 du Code de procédure civile). Il ne peut en effet être saisi ni d’un référé conservatoire, ni d’un référé-provision, ni d’un référé-injonction.


📚𝐋𝐞𝐬 𝐜𝐚𝐫𝐚𝐜𝐭é𝐫𝐢𝐬𝐭𝐢𝐪𝐮𝐞𝐬 𝐝𝐞 𝐥’𝐨𝐫𝐝𝐨𝐧𝐧𝐚𝐧𝐜𝐞 𝐝𝐞 𝐫é𝐟é𝐫é⚖️

💯𝐋’𝐨𝐫𝐝𝐨𝐧𝐧𝐚𝐧𝐜𝐞 𝐝𝐞 𝐫é𝐟é𝐫é 𝐞𝐬𝐭 :✏️

Exécutoire de plein droit, c’est-à-dire qu’elle peut être exécutée dès sa signification, sans que les voies de recours ne puissent en suspendre l’exécution. Par ailleurs, afin d’en accélérer l’exécution, le juge des référés a le pouvoir d’assortir son ordonnance d’une astreinte (article 491 du Code de procédure civile).
Provisoire (article 484 du Code de procédure civile), puisqu’elle n’a pas autorité de chose jugée au principal (article 488 alinéa 1 du Code de procédure civile). Le juge du fond n’est pas lié par la décision obtenue en référé. Les parties peuvent par conséquent saisir le juge du principal sans risquer de se voir opposer la fin de non-recevoir liée à la chose jugée.

💯𝐋𝐞𝐬 𝐯𝐨𝐢𝐞𝐬 𝐝𝐞 𝐫𝐞𝐜𝐨𝐮𝐫𝐬 𝐩𝐨𝐬𝐬𝐢𝐛𝐥𝐞𝐬✏️

En principe, l’ordonnance de référé peut être frappée d’appel (dans les 15 jours de sa notification) devant la cour d’appel.

Elle ne peut toutefois pas être frappée d’appel :

1️⃣si elle émane du premier président de la cour d’appel ; ou

2️⃣si elle a été rendue en dernier ressort en raison du montant ou de l’objet de la demande.

L’ordonnance rendue en dernier ressort par défaut est susceptible d’opposition dans un délai de 15 jours à compter de sa signification (article 490 du Code de procédure civile).
En outre, l’ordonnance de référé est, au même titre que tous les autres jugements, susceptible de tierce opposition.

Enfin, les ordonnances de référé rendues en dernier ressort peuvent faire l’objet d’un pourvoi en cassation.

𝐉𝐮𝐫𝐢𝐝𝐢𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐧𝐚𝐢𝐫𝐞𝟒𝟖@𝐠𝐦𝐚𝐢𝐥.𝐜𝐨𝐦
________________________________
Maxime Bizeau,L’assignation en référé : procédure et ordonnance du juge des référés, cours de droit.net,le 5 janvier 2020 [15 février 2022]
𝐉𝐮𝐫𝐢𝐝𝐢𝐜𝐭𝐢𝐨𝐧𝐧𝐚𝐢𝐫𝐞𝟒𝟖@𝐠𝐦𝐚𝐢𝐥.𝐜𝐨𝐦
_________________________________

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Carrefour ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Adresse

Carrefour Côte Plage
Carrefour