25/11/2025
Wè lew pa konn bay valè valè
ou pèdi valè'w
Te gen yon jèn gason yo rele te Kenley tout moun konn di li se "jènjan". Paske chak fwa yo wè l, li te toujou konn ak yon jèn fi diferan se men nan kou. Men li te gen yon sèl moun ki te vrèman renmen l: se menaj li, Marella.
Marella se te yon jèn fi dous, fidèl, ki te toujou pran swen li. Li te konn vin lave rad li, kwit manje pou li, ankouraje l, menm lè Kenley pa t konn merite sa vre. Paske Kenley pa t janm wè valè l.
Li t ap repouse l. Li t ap rele sou li. Li te plede separe ak li pou bagay ki pat menm gen sans, sèlman pou l ka al pase tan ak lòt jèn fi
Li te panse li te wa salomon. Yon lè Li di: “Marellaa pap janm kite m. M gen plas mwen deja”
Men yon swa, apre li fin soti ak zanmi l yo, li santi yon gwo doulè travèse vant li. Li santi kò l ap febli, pye l ap tranble, Lè li rive lakay li, li pèdi konesans.
Yo kouri ak li lopital. Doktè yo di li bezwen operasyon prese prese. Zanmi ki te toujou ak li yo disparèt. Jèn fi ki te konn ri ak blag li yo pa menm reponn telefòn li😭😭😭
Se lè sa li aprann yon verite
Lavi pa kenbe bò ak moun ki sèlman renmen plezi.
Men… nan mitan doulè, nan mitan nwit, gen yon sèl moun ki te vin chita bò kabann li. Yon sèl moun ki pat bouke. Yon sèl moun ki kenbe men li.
Se te Marella.
Li te rive ak dlo nan je, li kenbe men li, li di: “Menm si ou blese m, m pap kite w poukont ou.”
Kenley leve je l, l ap gade fi li te meprizea. Fi li te trayi a. Fi li te repouse a.
Li santi li vreman mal, li santil koupab men li rekonesan, Pou premye fwa, li vin konprann kek bagay nan vil…
Tout bèl fi pa lanmou. Tout souri pa fidelite. Men yon sèl moun ki rete ak ou lè moun vire do, se li menm ki te verite depi premye jou a.**
Marella ede l leve, ede l bouje, ede l reprann fòs li. E pandan l ap geri, li fè yon pwomès:
“M pap janm lage moun ki te la pou mwen anko.”
Kenley chanje. Li kite lavi dezòd, li fè respe Marella. Paske pafwa, Bondye sèvi ak yon kabann lopital pou fè yon moun konprann valè lanmou li t ap neglije a.
Abone pou plis,, paske wap jwenn bel istwa sou paj sa
23/11/2025
Se bagay ki tris😭😭😭 : Fanm ki Pap Lage Rèv Li
Nan yon ti katye kote lavi te konn frape moun tankou gwo vag lanmè, te gen yon jèn fi yo rele Naliya. Li pa t gen mwayen poul te viv, men li te gen yon bagay ki pi fò pase tout richesse sou tè a: dinyite ak yon rèv ki pa mouri.
Depi piti, Naliya te toujou di: **“Yon jou, lap rive. Lap fè lavi sa a tounen temwayaj li.
Men chemen pa t fasil. Lavi t ap teste li chak jou.
Lè manman l malad epi pa t gen lajan pou medikaman, lè lekòl te mande frè li pa t ka peye, lè vant li fè gwo bri detanzantan… malgre tout bagay, li te toujou kenbe tèt li.
Kèk mesye nan katye a te wè nesesite l. Yo t ap vin ak anpil of pou “ede” li… Men chak of te genyen yon pri ki te mache ak blesi nanm** li pat dko. Yo te konn di:
*Cheri, ou bèl, ou entelijant… kite m pran swen ou. Ou pap bezwen fè anyen pou sa
Men Naliya te toujou reponn ak menm fraz la, men ak yon vwa ki te konn tranble paske li t ap lite malgre vye kalamite
Epil fi neg yo, M pap vann tèt mwen pou m rive. Si se pa Bondye, mwen pa bezwen li
Gen yon jou li t ap kriye nan fè nwa. Gen sware li pat ka dòmi paske vant li te vid. Yon jou maten li te mande tèt li si li pa t twò sòt pou l refize sèten chans.
Men chak fwa li te anvi lage, li t ap gade rèv li tankou yon flanm ki limen nan mitan fènwa: *yon ti biznis pou l ouvè, yon lavi ki gen diyite, yon non ki respekte
Apre kèk ane sakrifis, gras ak konfyans li, Naliya jwenn yon ti travay modès. Li pa t jwenn li fasil, men li te fè l ak onètete. Li te mete ti kòb sou kote, chak goud, Li te aprann, li te fè fòmasyon, li pa t pè rete pase lannwit ap devlope tèt li.
Jou a rive kote li te kapab louvri yon ti boutik. Yon ti bagay, men pou li se te yon mirak. Li t ap vann ti pwodui, men sèvis li, souri li, respè li… fè kliyan yo renmen li. Apre yon ane, li double kapital li. Apre twa ane, li te gen de boutik. Apre senk ane…
*Naliya tounen youn nan fanm ki pi respekte nan vil la.
Moun ki te konn ofri li lajan fasil pou pwofitel yo vin pase devan boutik li ak tèt bese. Gen ladan yo menm ki vin mande konsèy li.
Yon jou, yon ti fi vin mande l:
Tati Naliya, kijan ou fè rive konsa
Naliya souri, je l klere ak dlo emosyon, epi di: Pitit mwen… m chwazi soufri ak diyite olye m viv nan wont. Rèv la vo plis pase tout bagay yo te vle ban mwen yo. Si ou kenbe tèt ou, Bondye ap leve w kote moun pa t atann.”**
Depi lè sa a, yo rele li: Fanm ki pa lage a
Paske se pa fòs kò l ki te delivre li, ni bèl figi li, men se fòs kè li**… yon kè ki te kwè nan rèv li plis pase tout tantasyon ki te devan l
Kisaw tap fè devan of sa yo siw te demoisel la, abone pouw jwenn plis istwa
11/11/2025
Yon senp mesi pou yon gwo bn Dye ka debloke'w nan saw ye a
Tout le monde a son mot à dire
01/10/2025
Bonjour, ou bonsoir, depann de lew wap lil la, saw tap tann nan nou potel pou ou, *Formation Trading,* sa moun te konn ap palew de li ou pat janm konprann nan..
Nou gen yon fomasyon nou pote pou ou, kise *Trading* yon fomasyon ou met pat konn anyen menm wap kapab aprann li paske se pou ou lap fèt, wap konn koman mache finanse yo fonksyone, le moun ap pale'w de *Trading* wap ka pale tou
Jan nou wè a, pri nomal la se 100us
Men gen yon rabais nan moman an *ki 50%,* wap aprann byen, wap jwenn asistan kap voye je sou ou, nap kenbe men'w, wap gen pouw poze kesyon'w vle apropos de trading..
Pa bliye *trading* se yon metye li ye, se yon etud ki kapab few rive lwen *ekonomikman,* men nou pap vin diw wap rich nan 2 a 3 jou, men nou vin aprann ou koman pouw komanse e ak yon strateji e disiplin nap baw pouw avanse
*NB) nou pap pran plis ke 30 moun*
Rezon an nou pa wè *kob fomasyon an avan,* men nou wè pito chak grenn moun soti ak *konesans nap bay yo a,* nou chwazi *30 patisipan* pou yo te ka jwenn asitans nomal, nou pap pran plis moun
Nou vle chak moun jwenn ed nou san grate tet, se sak fè *plas yo limite..*
Denye sa nap diw, pouw yon *trader, li pa depann de klas ou, koulè'w, nan ki fanmi' w soti, e latriye,* men li depann de *objektif ak devouman'w* pouw aprann li a, nenpot moun ka aprann li, e fomasyon an ap fet an *kreyol* pou tout moun konprann, pa bliye ou pa fasil jwenn fomasyon *Trading* an kreyol, men nap edew aprann ansanm
Rantre siw vle aprann trading
https://chat.whatsapp.com/C2JhVGNpEaHLCpVCthHiEx?mode=ems_copy_t
13/05/2022
eskew te konnen dèfwa moun kap palew mal la, moun kap teke pyew pou tonbe a, moun kap detwi'w la, pa etone siw wè se yon kew rann plis sevis, dèfwa ou menm konn kite afe paw pouw fè pal, poutan moun sa li menm se li kap vann, men pa kriye lew wè sa yo, eskew sonje se te jezu ki tap pran swen jida, se jezu ki tap bal manje, poutan se jida ki livre jezu...
Se te sèvitèw fr Son
eskew gen moun ki trayi'w deja..?
VAK Fr Domelson
Send a message to learn more