Remèt mwen sa bann gang
Alcimbert evenson jiskobou
mwen kreye PAJ SA poun ka ekri sou avni sosyo politik AK ekonomi peyi dayiti
Yo pral chawabya
FÈ mesaj la pase
Se menm group sa kap travay pou oksidan nan vann resous nou yo
16/08/2022
Bagay ou dwe konnen aprann pou komprann, fok ou komprann pou ka aprann, anbisyon mw se fe tout ayisyen ki tombe sou paj mw komprann jwet geopolitik ak geostratejik la menm le yo pat al lekol pou sa.
1) Neg ki rele zelensky a franchman gen yon va nan boudal, yon peyi ap finn kraze, li depanse 5 milya pa mwa nan achte zam ki pa janm delivre, li ogmante kob tax malgre sa se 40% li ranmase, person amploye paka touche, grann mw konn di chwa zanmiw ap detemine future ou se te vre.
2) Lot kote menm, etazini ak tout res akolik li yo ki tap pouse sanksyon pou kraze ekonomi larisi, kat la mal bat, Larisi pompe mwens gas, li fe plis kob paske pri a moute 4 fwa valè, bon kiyes kap panse pou europe menm?
3) Yon lot kote peyi Turkie menm li pa prodwi gas se li ki fe plis profit nan vann gas, larisi bay gas la ba pri li vann europe li 7 fwa valè, biznis telman bon pou Turkie yo ap konstwi 2 gro rezevwa gas pou resevwa gas larisi.
4) An menm tan ni europe ni etazini ap sote pompe yo menm menase pou retire Turkie nan OTAN, se manti yo pakapab, Turkie konnen sa, OTAN konnen sa europe konnen sa, depi yo fe yon move mouvman OTAN tou kraze, se tankou Brezil soti nan OEA, pi gro post stratejik OTAN se Turkie ki bal aksè a 4 kontinan, se pa pou san rezon yo te stasyone menm zam nikleyè nan peyi sa epok guè fret la.
5) Mezanmi li tris pou dil, peyi etazini bezwen yon guè pou soutni ekonomi li, mal sele gen pou foule, nempot ti peyi ki pa gen gadò pral gen visit solda meriken, se pa pou mete lòd ni bay èd non, jis yon demonstration force pou demoutre ke etazini toujou fò militeman.
6) Defèt etazini 1991 Iraq pouse okipasyon Hayti 1994 bliye koze se Aristide ki fe blan antre, defèt etazini Phillipine ak Cuba 1903, bay nesans a okipasyon tout peyi nan karayib la, decision Ukraine nan byen konte mal kalkile, 2023 se ane troublay mare senti nou rout la pap bon menm pou malere.
7) Eleksyon Brezil nan mwa Oktob sa gen yon efè kolosal, geopolitikman ak geostratejikman, le mond antyé fokis sou Brezil, si le Lula finn bon pati li a fe yon lavaj, menm lè Lula eli, pral gen ampil troublay pou minimize eleksyon pa lot pati rasis la, manifestasyon san rete pral kouvri brezil, se yon fason pou andikape progrè Lula. Brezil pral devni yon pi gro peyi nan zone nan, ak asistans BRICS kap tann rezilta sa pou aktive lame kolektiv organisation sa lemond pap janm menm jan anko, mw te pale nou depi 2020 sak vle koute.
8) Hayti pral rive nan yon empas kote afe gas la moun pral komanse ajiste yo pou viv san li, al visite istwa Zambabwe wap konprann sakap pase ak koze gas sa, 2 ane ratman gas pou yon peyi ki pa anba anbago gas, mw pale nou deja toutan nou pa souke ko nou tout ki amba ap mouri dousman.
9) Se sak fe lem we swa dizan ekspe sou facebook ap poste sou tel prezidan gourdes la te tan mw ri yo, sel rezon kife etazini pa kite ekonomi peyi Hayti kraze pou fose nou adopte dola, trop kolateral yo pral perdi anpil lajan, al visite sitiyasyon peyi equatè pou aprann sak fe se dola yo itilize, chita pa edike tet nou bouyi zen timoun nou pa gen oken avni bouyi zen mw la pou we nou tout.
10) bagay mw vle mete klè pou komprann ni Findland ni lasyed yo fe pati OTAN sou papye sa ki rele preliminè akseptans, ki ba yo yon stati obzevasyon, konye a tout peyi ki fe pati group sa pral vote lakay yo avan pou yo ka fe yon vot ofisyel sa ka pran 18 mwa pou 36 mwa.
Koman nou ye pa kite sikonstans lavi ya fè n pa ret pozitif non.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Emplacement
Téléphone
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien